TJ- Com & Promo

TJ- Com & Promo Média Production

ELEKSYON AYITI 2026: ÈSKE NOU PRE?Dapre dènye chif ki disponib yo, anviwon 506,953 moun te enskri pou vote.🎯 Objektif CE...
09/14/2026

ELEKSYON AYITI 2026: ÈSKE NOU PRE?

Dapre dènye chif ki disponib yo, anviwon 506,953 moun te enskri pou vote.
🎯 Objektif CEP la: 4,000,000 elektè

Men kalkil la:
4,000,000 − 506,953 = 3,493,047 moun

👉 Sa vle di gen anviwon 3.5 milyon moun ankò pou enskri pou CEP la rive nan objektif 4 milyon an.
📅 Si nou gen apeprè 30 jou pou rive 13 oktòb:

3,493,047 ÷ 30 = anviwon 116,435 moun pa jou.

Sa vle di CEP la ta bezwen enskri anviwon 116,000 moun chak jou pou rive nan 4 milyon an.
⚠️ Se la kesyon an vin enteresan:
èske li reyalis pou enskri plis pase 100,000 moun chak jou lè ritm enskripsyon an te byen pi ba pase sa?

🗳️ Premye tou eleksyon an toujou prevwa pou 13 desanm 2026 selon CEP a .

Kesyon pou nou tout:
👉 Dapre chif sa yo, èske ou panse eleksyon an ap kapab fèt nan dat sa a?

TJ- Com & Promo an mezi pou l konfime ke, Agronòm Joanas GUË, ansyen Sekretè deta ak Minis agrikilti, se yon potansyèl k...
09/11/2026

TJ- Com & Promo an mezi pou l konfime ke, Agronòm Joanas GUË, ansyen Sekretè deta ak Minis agrikilti, se yon potansyèl kandida pou prezidan, pou eleksyon kap prepare yo. Konfimasyon sa vini apre yon konvèsasyon PDG TJ-COM nan te gen ak konsène a ki di l, nap site: Nap patisipe nan eleksyon yo nan tout nivo.

Eske gen yon nivo ki piba, ke n ap rive?  TJ- Com & Promo
09/10/2026

Eske gen yon nivo ki piba, ke n ap rive? TJ- Com & Promo

09/10/2026

Esther Thomas alyas Nice B, ke Police Nationale d'Haiti - PNH mete avi rechèch dèyèl la, deja retounen nan baz Lanmò 100 jou. Yo te “Live” sou Tiktòk ak plizyè 10èn milye moun ap gade, aswè mèkredi 9 septanm 2026 la. TJ- Com & Promo

09/09/2026

Dosye Me Calerb Jean-Baptiste!
Se lè dife pran nan kann nan, wap konnen kantite kokobe k te gen anbal. Se lè gang met men sou neg yo, wap konnen nivo vagabondaj yo. Depi w manje lajan chango, wap peye lajan chango. men,
"de tout coeur", Mtap renmen msye retounen jwenn fanmi li an vi. TJ- Com & Promo

09/09/2026

Antouka, n a analize noumenm!

09/08/2026

Eskew konprann Koman Gang yo ap fè anpil travay nan sèvo timoun nan peyi a. Egzanp: Anpil moun ap pataje video kote Sonson Zòn pa Fè Moun, nan non Gang Taliban ap bay timoun Kanaran, valiz lekòl. San yo pa panse kisa gang nan ap konstui nan sèvo timoun sa yo. TJ- Com & Promo

 Loray touye 2 moun(Merlouis ak Madan Raoul) nan lokalite Difayi komin Boukan kare. Sa pase finisman jounen dimanch 6 se...
09/07/2026


Loray touye 2 moun(Merlouis ak Madan Raoul) nan lokalite Difayi komin Boukan kare. Sa pase finisman jounen dimanch 6 septanm 2026 la. Selon enfo ki disponib, nan 2 viktim yo, youn se mèt Kay la. Lot la tap pare lapli.
!

09/06/2026

Kalkilasyon fèm pa dòmi yeswa Eske gen yon lòt nasyon ki desann nan nivo Ayiti ye la a? Eske gen yon lòt peyi ki gen Otorite SANWONT tankou peyi nou. TJ- Com & Promo

 TJ- Com & Promo
09/06/2026

TJ- Com & Promo

Address

James Road
New York, NY
10950

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when TJ- Com & Promo posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share