
10/16/2025
💔Fòk mwen te ale… pou m te konprann kijan ou te renmenm
Mwen te panse lanmou se te mo dous, atansyon, ti “baby” chak maten. Mwen pa t konprann se sakrifis, respè, ak fidelite ki fè lanmou vin reyèl. Mwen te vle eseye lòt bagay, wè si gen pi bon fanm, men tout fanm mwen jwenn se moun kap trip se moun ki pat janm renmenm vre yo banm manti jis mw about
Ou menm, ou te la ak kèw pure, renmenm reyèl. Men mwen pat wè sa, paske pafwa, se lè nou pèdi yon kè sensè, nou vin konprann jan li te espesyal. 😔
Gen bagay ou pa janm konprann pandan ou genyen yo, se lè yo ale ou santi tout vid la.
Mwen sonje jan ou te toujou la pou mwen, menm lè mwen nan pwoblèm, menm lè mwen tap fè neglijan ak kèk bagay nan vim, ou te rete, ou te kwè nan mwen. Mwen te panse se konsa tout fanm ye, mwen te panse tout moun t ap renmenm menmjan ou te renmenm lan, men mwen te twonpem.
Mwen te vle fè eksperyans, wè si lanmou te ka gen yon lòt gou. Mwen te vle santi yon lòt chalè, tande yon lòt vwa.
Okenn nan fanm sa yo pa gen zye ki gadem ak menm tandrès ak paw. Okenn fanm pa konn tande silans mwen tankou ou te konn fè. Okenn pa konprann mwen menm lè mwen pa di anyen. 😔
Kounya mwen konprann, ou pa t jis fanm nan lavi mwen — ou te direksyon mwen, ou te kalm nan batay mwen, ou te limyè nan tout sa ki te fè nwa mw,
Mwen te kitew, men nan chak kote mwen pase, se ou mw wè. Nan chak sourim fè, se souvniw ki parèt.
Wi, fòk mwen te ale pou m te konprann… fòk mwen te pèdiw poum te wè kijan ou te renmen m reyèlman
E si lavi ta banm yon dezyèm chans, mw tap chwazi w san ezite.🥺 ❤️