08/18/2026
Lamothe-Martelly: Nou souvan anonse bagay yo anvan menm yo rive. Gwo jounalis se enfòmasyon ! La a nou nan mwa septanm 2014 nan emisyon Tren Matinal sou Zenith FM. Se rezon sa a tou m toujou ap di jovnelis yo malerezman yo pa konnen m vre paske m pa t Ayiti lè Jovenel te prezidan an, ni m pa t sou radyo ankò. Kidonk pawòl mwen yo pa janm chanje, m pa janm chanje bò, mwen ka fè erè paske m se moun men mwen al lekòl pou m etidye sa m renmen anpil la ki se JOUNALIS.
Pi gwo regrè m se rankontre yon seri moun sou rezo a k ap pale ou panse yo se moun epi akoz ou dakò chita ak yo rapidman yo mete w nan menm nivo ak yo. Non mesye m pa nan menm nivo ak nou, mwen se yon jounalis ki etidye, diplome pou sa epi ki kontinye ap etidye pou sa paske m renmen l. Se pa rezo sosyal ki mete m la a, m te gen yon popilarite anraje soti 2012 pou rive 2014 anvan m kite Ayiti.
Malerezman rezo a vin fè tout moun kole ak tout moun san respè pou pèsonn. M pa yon nèg rezo konstui, m se yon jounalis ki ka travay nan nenpòt medya lakay nou. M pa sèlman kòmante aktyalite politik la, m prezante jounal, m fè repòtaj, mwen anime… Kidonk radyo, pale nan mikwo se pasyon m. Kidonk, gen yon mikwo pa fè w jounalis. Gen anpil moun k ap suiv ou sou rezo a pa fè w jounalis pou sa. Pale byen; Pale fò pa sifi.
Jounalis se metòd.
Jounalis se etik.
Jounalis se verifikasyon.
Jounalis se endepandans.
Jounalis se responsabilite.
Jounalis se sèvis piblik.
Aprann konn moun anvan nou pote boure sou moun. M pa lidè politik ni m p ap chache atansyon politisyen, se kounye a m ap pran yon degre nan Syans Po men se Jounalis mwen etidye se ladan l m ap fè karyè m.
Mwen pa wè Anderson Cooper leve yon bon maten epi l gen yon foli ki monte l pou l vin prezidan USA. Sèvi ak mikwo pou chache manje, atake moun pou zanmi, gen foli pouvwa se yon kri m paske w ka kreye nenpòt evènman sou moun jis pou konbat li pou alye politik ou. Al lekòl, fòme tèt nou plis konsa n ap plis itil…
Koze Lakay Enfo