Madi 23 Dawout 2022 Potoprens | Gwo mouvman pwotestasyon nan ri Magloire Amboise pou mande leta entèvni pou anpeche Bwadchèn inonde katye sa, kote lè dlo ap desann se sou asfalt la li pase paske kanal la bouche. Moun k ap vin nan ang ri Romain yo mande pou leta prese aji pou anpeche dega. Ann founi je gade....🎬📹📺📷📰
Jounen mobilizasyon jeneral kont ensekirite, move gouvènans ak lavi chè, plizyè milye moun manifeste nan lari Pòtoprens jounen lendi 22 dawout 2022 a pou di mouche leta yo pa kapab ankò!
Nan komin Petyonvil machann ak abitan komin nan pat mete dlo nan bouch, yo te antre tout longè nan mouvman ki t ap mande Ariel Henry lage pye l. Ann swiv yon ekstrè...🗞️📰📷📺📹🎬
Jounen mobilizasyon jeneral kont ensekirite, move gouvènans ak lavi chè, plizyè milye moun manifeste nan lari Pòtoprens jounen lendi 22 dawout 2022 a pou di mouche leta yo pa kapab ankò!
Nan komin Petyonvil machann ak abitan komin nan pat mete dlo nan bouch, yo te antre tout longè nan mouvman ki t ap mande Ariel Henry lage pye l. Ann swiv yon ekstrè...🗞️📰📷📺📹🎬
DIALOGUE MATINAL
DIALOGUE MATINAL
Yon dizèn polisye tanmen yon mouvman sanzatann nan Dèlma 52, devan batiman ki abrite Bank Nasyonal Kredi (BNC) gwo jounen Jedi 17 Mas 2022 a.
Ajan Fòs lòd yo ki te an kòlè akòz plizyè mwa yo pa resevwa frè lamanjay sou ti kat debi yo, kwaze moto sou otowout Dèlma a, yon sitiyasyon ki te lakòz gwo blokis nan twonson wo Dèlma a.
Pòt vwa sendika polis ki reprezante SYNAPOHA, LIONNEL Lazarre te pale nan mikwo jounalis.
YON JOUNALIS MOURI NAN MANIFESTASYON OUVRIYE YO | Mèkredi 23 fevriye 2022
Premye jounen mobilizasyon ouvriye faktori nan Pòtoprens mèkredi 23 fevriye 2022 a fini nan san. Yo Plizyè milye ouvriye ki te okipe Boulva Toussaint Louverture jounen mèkredi 23 fevriye 2022 a pou kontinye ekzije ajisteman salè minimòm nan a 1500gd, kontrèman ak sa KSS la fikse.
Ouvriye yo pat dakò ak 685gd gouvènman defakto Ariel Henry pibliye pou 8èd tan travay nan sektè sou tretans la.
Lapolis ki depi byen bonè te kanpe sou brenzeng tire gaz lakrimojèn ak bal reyèl pou tante gaye foul la. Manifestan yo te detèmine nan objektif pou fè leta a fè bak sou salè pratrinè ki pap ka fè fas kare ak lavichè k ap layite nan peyi a.
Lapolis te pi detèmine nan mitan jounen an, nan volonte pou kraze mouvman revandikasyon an. Yon zo reken ki te gen abò l polisye an inifòm UDMO louvri kout zam epi touye yon jounalis blese plizyè lèzòt pami yo manifestan.
Dosye lanmò DA, Mme. Martine Phébé alyans TOYART, te reponn kesyon komisè gouvènman pakè tribinal premye enstans aken sou kòz lanmò jèn nègès 8 lane a. Ann suiv Kijan sa te pase...
Lapli k ap tonbe sou depatman Nò peyi Dayiti ak kèk lòt depatman peyi a lakòz gwo dlo desann epi lakoz inondasyon nan vil Okap ak Baradè nan Nip.
Pak Endistriyèl KARAKÒL anba dlo. Plizyè zòn nan Vil Okap neye. Yon sitiyasyon n ap suiv pazapa.
Mèsi paske w te pran yon ti tan pou w li ak gade sa nou pibliye. Pa bliye Like | Pataje | kòmantè.
Yon gwo dife eklate nan komin kafou jounen samdi 22 janvye 2022 a, bò 8 tè nan maten nan depo kote yo Stoke gaz nan move kondisyon.
Se nan moman yo tap vide gaz nan yon doum pou al vann nan galon dife eklate. daprè yon temwen ki fè konnen, droum yo t ap ranpli a te deja gen klorox ki bay yon reyaksyon chimik ki lakòz dife a eklate.
Sapè ponpye komin Kafou pat pran tan pou rann li sou plas, san pèdi tan yo te pran kontwòl sitiyasyon an.
Bilan, depo gaz la ak kèk espas nan lantouraj li kankannen, pa gen moun mouri. Jounalis ki te depeche sou plas te gen difikilte pou fè travay yo kòm sa dwa akòz yon ajan sekirite lameri te konpòte an Louis Jean Beaugé pat manke bourade manm laprès ki te sou plas.
Yon sèten Sonson k ap fè djòb sekirite nan lameri te bourade epi sekestre aparèy jounalis ki te ap kouvri evènman an.
San pèdi tan, asosiyasyon k ap defann dwa jounalis, yo konnen sou non "AMICALE DES TRAVAILLEURS DE LA PRESSE" leve lavwa pou denonse agresyon ajan sekirite a fè sou 2 jounalis nan komin kafou, alòske jounalis yo t ap egzèse fonksyon yo nan kad gwo dife ki te pran nan komin nan.
Sa rive pandan youn nan jounalis yo t ap fè intèvyou andirek sou radio rch2000 ak yon sitwayen nan lokalite a..
SONSON rive Kraze telefòn jounalis la epi sezi telefòn jounalis radio Feno inter a ki se an menm tan korespondan Haïti Progrès nan komin nan.
Se sou entevansyon yon sitwayen ki fè telefòn lan retounen nan men jounalis la. Malgre belijeran an te gentan kraze ekran aparèy la.
Fok nou sinyale te gen prezans direktè afè sosyal meri Kafou a yo konnen sou non( Cadet) ak 2 lot anplwaye meri a ki te prezan epi t ap asiste sak tap pase a e ki pa leve yon ti dwèt fas ak aksyon malonèt ajan sekirite sa t ap remèt anba je responsab meri a.
Kraze, sezi aparèy jounalis yo pa sifi, Sonson pwomèt l ap vide bal sou jounalis yo, depi yo bat kò yo.
Jounalis yo pa deside pran nan kraponnay fè konnen y ap pran wout lajistis pou remet
YON TI MAPOU TONBE
Ti Mapou a tonbe, kabrit DANPETWO Pete rèl
Kabrit DANPETWO kriye san
Kabrit DANPETWO kriye Adje Ti Mapou. Ti Mapou zanmi kilti, Ti Mapou ki makonnen listwa nèg ak nègès pou limyè idantite nou klere jouk douvanjou kase.
Ti Mapou a tonbe kabrit DANPETWO Pete rèl!
Fwa sa se pa kay Makorèl se anba tonèl kiltirèl ToyArt. Lakilti pran kou, je tout patriyòt kouri dlo.
Yon ti lafyèv derasinen mapou rezistans nou, ak 8 rekòt kafe sèlman sou zokòlòs tèt li. Ti Mapou pa gen chans soufle 9èm bouji ekzistans li nan mwens ke 6 jou Ti Mapou kase kòd li travèse. Oui li pa mouri, Ti Mapou travèse!
Lendi 25 oktòb 2021, modòd grèv la respekte a 100% nan kapital peyi Dayiti, popilasyon an eksprime ralbòl yo fas ak rate gaz, dlo ak manje. pri yo miltipliye pa 5 nan Pòtoprens.
La route nationale #2, bloquée ce dimanche 17 octobre 2021 au niveau de Grand Goâve, où des habitants dénoncent le rapt de quatre (4) originaires de la région des Palmes. Des autobus sont alignés le long de ce tronçon reliant la capitale, Port-au-Prince (L'Ouest) à quatre département du Grand Sud.
Les protestataires exigent la libération immédiate des kidnappés.
Conférence de presse de Martine Moïse après son atterrissage à Aéroport international du Cap Haïtien ce vendredi dans la soirée du 1er Octobre 2021.
Un extrait...
L'ancienne première dame, Martine Moïse est de retour à Port-au-Prince ce vendredi 1 Octobre 2021.
Bandi atake yon konvwa polisye nan matisan jounen vandredi 1 Oktòb 2021 an. Bilan yon blende lapolis boule, yon polisye pa reponn a lapèl. Yon foto k ap sikile sou rezo sosyal yo montre yon polisye ki nan kò UDMO lonje atè. N ap chache plis presizyon.
Depòtasyon fòse: Migran ayisyen nan Tekzas
Depòtasyon fòse: Migran ayisyen ki t ap tante antre sou teritwa meriken, otorite peyi sa pimpe tounen nan peyi Dayiti, jounen madi 21 Sektanm 2021. Yo te plizyè dizèn migran ki pat kache kòlè yo pou fason otorite nan peyi etazini fòse yo antre nan yon avyon pou mennen yo tounen nan peyi Dayiti.
Joseph Lambert prend ses distances avec Ariel Henry
Conférence de presse
1 Septembre 2021, HAITI PROGRÈS
Le président du sénat, élu du Sud’Est, Joseph Lambert a donné une conférence de presse ce mercredi 1er Septembre 2021 à l’hôtel Royal Oasis de Pétion Ville.
Le sénateur s’exprime sur la situation politique dominée par l’absence d’un accord politique entre les protagonistes de la crise post assassinat de l’ancien président Jovenel Moïse le 7 juillet 2021 en sa résidence à Pélerin 5 dans la commune de Pétion Ville.
Joseph Lambert, se position en faveur d’un exécutif à deux tête qui selon lui reflète la constitution 27 mars 1987 amendée. Il indique que le premier ministre de facto Ariel Henry a perdu le Nord, lorsqu’il s’entête dans une logique de gouvernance monocéphale. L’animal politique dit prendre ses distances avec quiconque qui aurait l’intention de violer la constitution.
Le président du Grand corps, dit rester attacher au Protocole d’Entente Nationales (PEN), paraphé par différents acteurs politiques qui ont fait Choix de lui pour conduire la transition politique.
Joseph Lambert, se proclame comme l’un des politiciens ayant les expériences et les compétences nécéssaires pour mener la barque de la nation. Il lance un appel aux membres de la société civile qui pronnent un exécutif bicéphale de rejoindre sa cause pour délivrer le pays.
Le président du sénat, qualifie de mal enttendu l’incident de Montana lors de la signature d’un accord présenté par des éléments de la société civile, le lundi 30 Août dernier.
Sur le plan sécuritaire, le sénateur se montre sans pitié pour ceux qui pratiquent le kidnaping, il a réitéré sa volonté de traquer les ravisseurs jusqu’à leur dernier retranchement.
Dlo ale ak moun nan lokalite Kawouk
Apre gwo tranbleman latè ki kraze kay, blese, touye moun nan depatman Nip se gwo lapli ki pa sispann tonbe sou depatman an kote viktim yo pa gen kote pou lage kò yo kote kay yo kraze ak yo pa kapab pran refij nan kay tou paske latè a pa sispann tranble.
Se konsa Vandredi 20 dawout lapli kap tonbe san kanpe lakoz gwo dlo desann nan larivyè frèt Kawouk lokalite komin Ansavo pote ale nan lanmè ti ajoupa malere ak malerez yo te mete kanpe pou abrite kò yo.
Gen yon jenn gason yo konnen sou non Fritz Leconte ki mouri nwaye. Se gras ak sipò pechè nan lokalite a ki fe fanmi nèg sa rive jwenn kò a kote yo te ale chache l nan fon lanmè.
Dega nan komin Ansavo, patikilyèman nan lokalite Kawouk 3e seksyon kote Popilasyon an, ap plenyen pou otorite yo ki pa janm pase wè yo. Ann suiv...
2ème, point de presse du premier ministre Dr. Ariel Henry, sur la situation dans la région Sud du pays suite au tremblement de terre de ce samedi 14 Août 2021
Suite au séisme du 14 Août 2021 qui a touché Haïti, dont l'épicentre se localise non loin des côtes du département des NIPPES. La situation est délicate dans la ville des Cays. Les hôpitautaux sont bondés de blessés, la population lance un appel à l'aide.
Tremblement de terre dans le grand Sud d'Haïti.
Information en continue.
OCCNA VIRE KAZAK LI RETIRE APUI L TE BAY JOSEPH LAMBERT
Koferans de près, OCCNA. Pòtoprens
Mèkredi 12 Dawout 2021
Òganizasyon Chavire Chodyè pou yon Nouvèl Ayiti bay yon konferans de près pou retire apui yo te bay senatè Joseph Lambert pou ta brige pòs premye minis pwovizwa pou ranplase Jovenel Moise nan tèt peyi a.
Eddy St-Fort, pòt vwa òganizasyon an di l ap suiv vwa majorite ki mande pou se ansyen senatè Edgard Leblanc ki vnin asire gouvènans tranzisyon ripti yon bon franj nan opozisyon tout koulè a ap pwone.
Pòt vwa OCCNA a mande pou moun k ap gen pou asire tranzisyon an mete kanson nan tay yo pou al kòlte ak fenomèn ensekirite k ap bay kalinda. Li fè konnen òganizasyon l ap dirije a pap rete an kwa an fas okenn desizyon pou cwazi yon moun ki soti nan sektè sosyete sivil la pou vin mennen bak peyi a.
Pati Konstrui Lavi (PKL) mande Pou lajistis tande direktè ekzekitif RNDDH
Pòtoprens, mèkredi 12 Dawout 2021
Pati Konstrui Lavi (PKL) rankontre laprès nan okazyon 4 lane ekzistans li. Se te okazyon pou dirijan pati sa mete pwen sou kèk detay k ap domine aktyalite a.
Prezidan pati a, Dr. Harrison Ernest fè konnen pati a pare pou patisipe nan eleksyon k ap gen pou reyalize nan peyi a, malgre li pa ko konn kilè eleksyon ap òganize.
Ansyen direktè Televizyon Nasyonal la (TNH), plase mo pa l sou zak sasinay ki fèt sou ansyen prezidan Jovenel Moise lakay li nan dat 7 jiyè 2021 pase a, kote li kritike prezans kèk otorite tankou : minis afè etranjè Claude Joseph, DGPNH Léon Charles, minis Jistis lan Rockfeller Vincent, ki toujou nan pòs yo alòske misyon yo se te pwoteje ansyen chèf leta defakto a.
Pòt vwa pati a te montre li pa kontan jan ankèt preliminè sou zak sasinay kont ansyen prezidan Jovenel Moise la dewoule. Li estime lapolis te dwe tande ansyen minis enteryè a, ansyen sekretè deta sekirite piblik ki te an pòs nan moman asasina ansyen chèf leta a.
Harrison Ernest yon lòt bò pati ak bòt grefye tribinal de pè Petyon Vil la Me. Marcelin Valentin, ki selon limenm eskandalize pwosèvèbal li t ap drese nan moman anket preliminè a t ap mennen.
Harrison akize grefye ak jij de pè a nan koripsyon akoz yo pat arete moun yo di ki te vin fè presyon sou yo pou ajoute non Youri Latortue ak Reginald Boulos. Nan sans sa Harrison bay rezon ki fè grefye a te ajoute non l nan rapò a, yon zak li kalifye de malveyan, akoz li pat janm danse kole ak grefye sa ke l estime ki pa onèt.
Harrison mande jij enstriksyon ki chaje pou mennen ankèt pou fè limyè sou zak sasinay kont jovenel Moise lakay li nan dat 7 Dawout 2021.
KONFERANS DE PRÈS NOU PAP KONPLIS
Mèkredi 11 Dawout 2021
Nou pap konplis rankontre laprès jounen mèkredi 11 Dawout 2021 an nan Pòtoprens, nan lide pou òganizasyon Petro-Challenger a di mo pa l nan konjonkti an.
Ricardo Fleridor plede pou yon antant nan mitan klas politik la nan lide pou jwenn yon akò politik k ap pote solisyon nan kriz la.
Sou plan Sekirite Nou pap Konplis pa kache tèt chaje yo genyen fas ak sitiyasyon sekiritè a ki pa sispann degrade sitou nan rejyon Sid peyi a.
Nan sans sa yo mande yon asistans Sekiritè bò kote NASYON ZINI pou epole PNH la ki selon yomenm pa gen kapasite pou rezoud pwoblèm ensekirite a.
Ricardo nan non estrikti a kondane kò sasinay ki fèt nan dat 6-7 jiyè 2021 an sou Jovenel Moïse. Petro-Challenger a mande pou gen yon ankèt entènasyonal pou fè limyè sou sa k pase Kay ansyen prezidan an.
Jhonatan Renois sou bò pa l kritike otorite yo ki kwaze bwa ap gade fenomèn rate Gaz la. Pòtpawòl la adrese l ak premye minis defakto Ariel Henry pou mande l ajiste kanson nan tay li Pou kòlte ak pwoblèm Gaz la.
Ferme Latortue et Youri ont procédé au lancement d'un programme d'affaire avec Les femmes et mères des prisonniers politiques, ce mercredi 11 Août 2021.
L'ancien sénateur du département de l'Artibonite a du même ressort financé une initiative des jeunes du quartier de Bel-Air, en vue de repeindre les façades de ce qui reste des maisons de ce quartier ravagé par la violence des gangs qui assiégent ce grand bidonville au coeur de la Capitale.
Me. Caleb Jean Baptiste, avocat de ces présonniers payait sa présence lors de la cérémonie. Il a crié au scandale, la manoeuvre observée à la Cours d'Appel concernant les certificats émis et démis de la greffe de ce tribunal.
Me. Caleb a fait l'éloge de l'ancien sénateur qui a su tenir ses promesses.
Youri, a réitéré sa volonté de porter son soutien à la PNH, qui a connu des défaites dans la guèrre contre le baditisme, un phénomène qui ronge la société haïtienne.
ULCC et le MJSP battent la grosse caisse.
Corruption: Mercredi 4 Août 2021 Port-au-Prince Haïti
La traque contre Pierre Réginald Boulos se poursuit par l’ULCC. En effet, l’ULCC recommande la mise en mouvement de l’action publique contre Pierre Réginald BOULOS, Jean – Henry CEANT, Isabelle VALME, Urcile PIRRE, Emelyne Girovna BRICE, Sébastien BOULOS, Mélissa Régine BOULOS, Natacha BLANC, et Prima EMILIA GIORDANI pour des faits de détournement de biens publics, de complicité de détournement de biens publics, de blanchiment du produit du crime et d’association de malfaiteurs.
Egalement, la responsabilité pénale des personnes morales RB Investment S.A et DELIMART S.A doit aussi être engagée en raison de la commission des faits de corruption par leur représentant légal, selon le rapport d’enquête conduite par l’Unité de Lutte Contre la Corruption sur l’offre de partenariat entre la Real Business Investment S.A et l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA).
L’Unité de Lutté Contre la Corruption (ULCC) a lors d’une cérémonie organisée ce mercredi en ses locaux, procédée à la remise d’un lot de Dix (10) rapports d’enquêtes aux différents commissaires du gouvernement près des tribunaux civils à travers les 13 juridictions du pays.
La cérémonie s’est déroulée en présence du ministre de la justice Me. Rock-Feller Vincent, du commissaire du gouvernement près du tribunal de première instance de Port-au-Prince, Me Bed-Ford Claude, le commissaire du gouvernement près du tribunal civil de première instance de la Croix-des-Bouquets, Me.Edler Guillaume et la doyenne du tribunal Me. Grécia Norcéus.
Le directeur général de l’ULCC, Me. Hans Jacques Ludwig Joseph, qui a accueilli les officiers de polices judicaires (OPJ), a rappelé le rôle de l’institution qu’il dirige dans lutte contre la corruption, tout en saluant les travaux réalisés par les inspecteurs de l’institution qui ont opéré en tout
Politik: AAA DENONSE MANNÈV KI VIZE MELANJE CHÈF PATI A YOURI LATORTUE NAN ZAK SASINAY ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE.
Madi 3 Dawout 2021, Dèlma
Lidè Ayiti An Aksyon (AAA) ansyen senatè Youri Latortue rankontre laprès pou eksprime pozisyon politik pati l ap dirije a sou konjonkti aktyèl la. Konferans sa te bay nan lokal pati a ki chita kò l nan Dèkma 64, madi 3 dawout 2021.
Dosye liberasyon prizonye politik, ensekirite ak tantativ pou foure l nan dosye kò asasinay ki te fèt sou ansyen prezidan Jovenel Moïse lakay li, nan lannwit madi 6 pou louvri mèkredi 7 jiyè 2021 se te pwensipal pwen cho ansyen senatè latibonit la pale.
Senatè a ki fè pati opozisyon plizyè tèt la mande premye minis defakto Ariel Henri degaje l san pèdi tan pou libere tout prizonye politik anvan tout lide pou dyaloge epi reyalize eleksyon. Li di nan jou k ap vini yo li swete wè aksyon kòmanse fèt nan sans sa.
Youri Latortue, pwopoze aksyon vit ak prese pou rive kwape fenomèn ensekirite a k ap pran rasin nan sosyete a. Aksyon vit ak prese sa yo gen pou wè ak:
1- Deplwaman PNH la nan tout peyi a epi repran kontwòl tout pòs polis ki bandonnen;
2- Repozisyone inite sou tout wout prensipal yo, pou asire lib sikilasyon moun ak byen;
3- Fòmasyon san pèdi tan pou inite espesyalize yo pou operasyon sible;
4- Diminye polisye ( anviwon 1000) ki nan detachman;
5- Entegre plis polisye nan inite espesyalize;
6- Retounen tout polisye USGPN ak CAT TEAM ki detache ak kèk pèsonalite nan inite de baz yo;
7- Mete ajou efektif aktyèl polisye yo ak envantè ekipman;
8- Bale wouze PNH la ak revoke tout polisye ki nan gang;
9- Fè rekritman pou rive nan efektif 15 000 polisye;
10- Yon itilizasyon rasyonèl montan 39 milyon goud chak mwa pou zafè sèvis entèlijans CSPN eak mete ansanm sèvis entèlijans: DCPJ, Ministè Enteryè ak CSPN.
Ansyen senatè a felisite jij ak grefye Petyon Vil ki pat bat ba anba presyon gwo chabrak ki te mande yo glise non Youri Latortue ak Reginald Boulos n
Konferans poulaprès ansanm òganizasyon Opozisyon anonse manifestasyon nan Pòtoprens Nan dat 28 jiyè 2021