Comments
This Is It duking show.
Kadilak &
Bedjine 1st live in NJ.
KDilak & Bedjine Live in NJ Right Now.
ZafèHipHop Live In NJ Blondedy Ferdinand Live.
Aswè A Nou NJ Ak Bedjine Kadilak. Ret Branche.
Jodi A Nou Ta'l Wè Manman G-Bobby Bon Flo, Nou Fè Yon Bon Tan Ap Pale Avè'l Ret Branche Pou'n Ka Tande Kèk Dyalòg Nan Rankont Sa.
Happy Birthday CEO @JonathanJeanty AKA King 2J Nou Pa Trayi Pa Gen 2 HMI.
Tankou nou te anonse'l deja ZafèHipHop ki se youn nan medya hiphop Kreyòl te genyen E toujou genyen pami youn nan lidè mouvman Hip-Hop Kreyòl la ki te pi popilè E ki bat de gro rekò jiskaprezan okenn lòt medya HipHop kreyòl pa rive efase.
C.E.O / PDG Jonathan Jeanty te deside mete ZafèHipHop Sou poz, Rezon Poz la paske li te vle ZafèHipHop pi fò ke jan'l te ye a, e poz sa dire yon bon bout tan paske pdg a vle bouche tout tou vid ki te gen nan ZafèHipHop ak diminye oubyen elimine defisi ZafèHipHop te konn fè, yon fason pou ZafèHipHop ka Rete Fò ak sèvi mouvman hiphop Kreyòl la pi byen,
Desizyon CEO a te pran pou ZafèHipHop olye de kite'l kòm yon medya endepandan li chwazi entegre'l nan Empire Family Production, Kounya ZafèHipHop Se yon branch nan Empire Family Production Kote ZafèHipHop Pral jwenn yon pakèt enterè ak avantaj pou sèvi jenès Ayisyèn nan ki chwazi tandans HipHop Kreyòl la pi byen.
ZafèHipHop ap tounen pa twò lontan, men ak plizyè chanjman ki fèt nan ZafèHipHop, Pou jwenn plis detay sou ZafèHipHop Konekte ak ZafèHipHop sou paj rezo sosyal li yo tankou Facebook, Instagram Ak Twitter sou non sa @zafehiphop ret branche #ZafeHipHopLiYe