11/02/2025
Li pa sifi pou yon sitwayen genyen sèlman anbisyon oswa popilarite, pou l swete vin dirije peyi a. Li dwe prezante yon pwojè sosyetal solid, vizyonè, ak reyalizab ki mete enterè nasyonal la an premye. Mwen pataje kèk eleman kle sou pwojè sosyetal ak vizyon Mwen genyen pou peyi a.
1-Yon vizyon klè pou nasyon an dwe chita sou:
Ki kalite peyi ou vle konstwi?;
Ki plas Ayiti dwe okipe nan rejyon an ak nan mond lan?.
2-Rekonstriksyon Leta ak bòn gouvènans:
Refòm enstitisyon yo (jistis, polis, lame, palman, diplomati, elatriye.);
Batay kont koripsyon;
Mete etik, transparans ak responsabilite nan gouvènans lan.
3-Refòm edikatif ak fòmasyon pwofesyonèl, inivèsitè modèn:
Aksè pou tout moun jwenn yon edikasyon solid;
Fòmasyon teknik pou tout moun,pou prepare yo pou mache travay la;
Ajoute kèk nouvo fakilte epi kreye Campus Inivèsite Piblik nan tout depatman.
4-Modènize agrikilti ak sekirite alimantè:
Sipòte sektè peyizan an;
Kreye enfrastrikti pou agrikilti (irigasyon,wout agrikòl, espas estokaj).
5-Devlope sistèm sante piblik la:
Aksè ak swen sante bon kalite pou tout moun;
Konstui lopital ak bonjan lojistik.
6-Ekonomi dirab ak kreyasyon travay:
Ankouraje envestisè lokal ak etranje;
Devlopman tourism, endistriyèl ak teknoloji;
Sipòte ti biznis, kreyativite ak inovasyon.
7-Sekirite ak jistis:
Rekonstui fòs lòd nou yo;
Mete fen nan enpinite ak vyolans gang yo.
8-Ankourajman kilti ak idantite nasyonal:
Mete kilti ak listwa ayisyèn an valè;
Ankouraje inite nasyonal;
Regilarize ak estriktire relijyon nan peyi a.
9-Ekilib ant dyaspora ak Ayiti:
Mete an plas yon plan pou entegrasyon dyaspora yo nan devlopman peyi a.
10-Plan adaptasyon ak chanjman klimatik:
Jere risk natirèl ak sismik yo;
Pwoteje anviwònman an.
M ap ajoute Poum fini, yon kandida ki serye dwe gen yon pwojè sosyetal ki touche tout aspè lavi nasyonal la, ki reponn ak bezwen pèp la epi ki montre kijan li pral mete Ayiti sou wout rekonstriksyon, jistis ak devlopman.
Richelier SIMONVIL
Yon Ayisyen