Dooke Network

Dooke Network This page is created in order to help Haitian all over the world to speak English easily and effortlessly
(3)

Innovation - Learning - Transformation

https://dookenetwork.com
English App
Dooke Tech Studio
Doobible app
Dooke Tech blog
Dooke Tech Academy
Dooke Link
Cutizy

05/28/2026

🚨 𝐎𝐮 𝐟ò 𝐧𝐚𝐧 𝐭𝐞𝐤𝐧𝐨𝐥𝐨𝐣𝐢, 𝐦𝐞𝐧 𝐰 𝐫𝐚𝐭𝐞 𝐝𝐣ò𝐛 𝐨𝐮 𝐦𝐞𝐫𝐢𝐭𝐞 𝐚? 𝐌𝐞𝐧 𝐫𝐞𝐳𝐨𝐧 #𝟏 𝐤 𝐚𝐩 𝐛𝐥𝐨𝐤𝐞 𝐩𝐫𝐨𝐟𝐞𝐬𝐲𝐨𝐧𝐞𝐥 𝐈𝐓 𝐀𝐲𝐢𝐬𝐲𝐞𝐧 𝐲𝐨!

Kòd yo ekri an angle, pi gwo dokimantasyon yo an angle, pi gwo opòtinite travay "remote" k ap peye an dola yo... mande pou w konn angle! Si w vle kraze bèt ou nan domèn IT a jodia lang lan pa yon opsyon se yon obligasyon.

Ou ka kode. Ou ka fè network. Ou ka rezoud pwoblèm konplèks.
❌ Men si CV w an angle pa solid rekritè a pase l anba.
❌ Si entèvyou a an angle ou bloke nan premye kesyon an.
❌ Si dokimantasyon teknik la an angle ou depann sou lòt moun pou tradui.

Lang angle nan tèk se pa yon avantaj ankò. Se yon minimòm.

🌍 Poukisa angle enpòtan konsa nan IT? Ekosistèm lan baze sou li:

📘 90% dokimantasyon teknik (AWS, Cisco, Linux, Python…)
💼 Platfòm travay remote (Upwork, Fiverr, LinkedIn Jobs)
🤝 Kominikasyon ekip entènasyonal (Slack, Zoom, Jira)
🧑🏽‍💻 Open Source (GitHub, Stack Overflow)
🤖 AI tools + prompt engineering

👉 IT a se yon mond global. E lang li se angle.

🎓 Solisyon konkrè jodi a:
Gwo konpayi CISCO ap ofri yon fòmasyon "Angle pou Enfòmatik" 100% GRATIS pou pwofesyonèl ak etidyan tèk yo. Li konplè epi ki gen 2 nivo.
Li 100% GRATIS. Epi ou etidye nan lè w vle (Self-paced)!

📗 𝐄𝐧𝐠𝐥𝐢𝐬𝐡 𝐟𝐨𝐫 𝐈𝐓 𝟏 𝐍𝐢𝐯𝐨 𝐁𝟏 (𝐃𝐞𝐛𝐢𝐭𝐚𝐧 / 𝐄𝐧𝐭è𝐦𝐞𝐝𝐲è) 𝐏𝐨𝐮 𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐤 𝐚𝐩 𝐚𝐧𝐭𝐫𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐦𝐨𝐧𝐝 𝐈𝐓 𝐤ò𝐩𝐨𝐫𝐚𝐭𝐢𝐟 𝐥𝐚 𝐞𝐩𝐢 𝐤𝐢 𝐯𝐥𝐞 𝐚𝐬𝐢𝐫𝐞 𝐛𝐚𝐳 𝐲𝐨 𝐬𝐨𝐥𝐢𝐝.

🔹 Sa w ap aprann:
Gramè ak vokabilè IT, lekti teknik, ak kominikasyon pwofesyonèl debaz.

📦 Sa ki ladan l:
14 videyo gramè | 6 videyo lekti | 5 videyo koute | 3 videyo entèvyou | 58 egzèsis pratik

🎯 Apre kou a:
Ou ap kapab esplike yon pwosesis IT klèman, patisipe nan reyinyon ekip, epi ekri imel pwofesyonèl san difikilte.


📘 𝐄𝐧𝐠𝐥𝐢𝐬𝐡 𝐟𝐨𝐫 𝐈𝐓 𝟐 𝐍𝐢𝐯𝐨 𝐁𝟏+ (𝐄𝐧𝐭è𝐦𝐞𝐝𝐲è 𝐀𝐯𝐚𝐧𝐬𝐞) 𝐏𝐨𝐮 𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐤𝐢 𝐝𝐞𝐣𝐚 𝐠𝐞𝐧 𝐛𝐚𝐳, 𝐦𝐞𝐧 𝐤𝐢 𝐯𝐥𝐞 𝐫𝐢𝐯𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐧𝐢𝐯𝐨 𝐁𝟐 𝐚 (𝐧𝐢𝐯𝐨 𝐦𝐢𝐧𝐢𝐦ò𝐦 𝐩𝐨𝐮 𝐭𝐫𝐚𝐯𝐚𝐲 𝐈𝐓 𝐞𝐧𝐭è𝐧𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧𝐚𝐥).

🔹 Sa w ap aprann:
Idiòm IT avanse, kominikasyon fòmèl, jere reyinyon pwofesyonèl, ak redaksyon dokimantasyon teknik.

📦 Sa ki ladan l:
29 videyo gramè | 11 videyo koute | 6 videyo idiòm IT | 3 videyo entèvyou | 51 egzèsis pratik

🎯 Apre kou a:
Ou ap gen konfyans pou esplike solisyon teknik konplèks, defann lide ou nan reyinyon, epi ekri dokimantasyon pwofesyonèl san baryè.

💡 Epi gen yon bèl bonis anplis!
Kou sa a se sèlman kòmansman an. Cisco gen yon gwo katalòg fòmasyon ki konplè Cybersecurity, Python, Linux, Networking, AI ak anpil lòt ankò tout 100% gratis. Ou ka peye selman pouw pase egzamen pou jwenn Certification

👇🏾 OU VLE JWENN LYEN YO KOUNYE A?
Fè chwa pa w la nan kòmantè yo:
👉🏾 Tape "ANGLE" pou w jwenn aksè ak fòmasyon lang lan.
👉🏾 Siw enterese ak lot kou yo. Tape "CISCO" si w vle m voye lis konplè tout fòmasyon teknik yo ba ou.

Fel rive 1000 partage

05/21/2026

Jere Sante m is back

05/14/2026

Sa fè 3 zan depi Founder Dooke Network
la, Dukéné Joseph, ansanm ak madanm li, te di “Wi” pou lavi ansanm. Jodi a, ekip Dooke la ap selebre lanmou, angajman, ak bèl chemen y ap kontinye bati ansanm.

Happy Wedding Anniversary! Nou swete nou anpil benediksyon, lapè, lanmou, ak plis siksè nan fanmi nou ak nan tout pwojè nou yo.

05/13/2026

Toujou fè sa wap fè a byen.

05/07/2026

👏👏👏👏👏

05/04/2026

LET’S BUY SPIRIT AIRLINES

Nan weekend nan m pataje sam panse sou Spirit Airlines ki fèmen an, e anpil nan nou ankouraje m pou m pran yon chans, achte oswa lwe kèk avyon spirit yo pou nou fè yon konpayi avyon pou Ayiti,

AN AIRLINE FOR THE dyaspora BY THE dyaspora

Apre anpil priyè ak bon jan diskisyon ak madanm mwen e fanmi m, mwen deside lanse ak pwojè sa a.

Si w enterese pou fè pati vwayaj sa a kòm yon envestisè, ekri “Mwen ladan l” nan kòmantè yo.

M pral mete yon website kote w ka “pledge” kobyen kob wap ka envesti semèn sa a sou pye. M poko bezwen lajan kounye a, jis promès ke w ka investi.

Nap komanse apati de $50

M vle gen promes ke nou ka leve $25,000,000.

Website coming soon.
Let’s buy a part of spirit airlines for a Haitian airline.

📢 Ti rapèl enpòtan pou tout moun k ap ekri nou:Si w bezwen nou reponn ou rapid, tanpri sispann voye mesaj tankou:❌ “Yow ...
04/29/2026

📢 Ti rapèl enpòtan pou tout moun k ap ekri nou:

Si w bezwen nou reponn ou rapid, tanpri sispann voye mesaj tankou:
❌ “Yow sa kap fèt?”
❌ “Sak gen la baz?”

Mesaj sa yo pa bay okenn direksyon.

Bay rezon ou ekri a dirèkteman.Sa ap ede nou konprann ou pi vit epi ba ou yon repons klè.

Egzanp 1 (yon moun ki bezwen Dooke Tech):

Bonjou,Mwen rele Jean Pierre. Mwen gen yon legliz e mwen bezwen yon setup pou live streaming (kamera, son, OBS).

Mwen ta renmen konnen:

1) Eske w bay konsiltasyon poum konnen konbyen sa ap koute

2) Ki ekipman nou rekòmande

3) Kilè nou disponib pou fè enstalasyon an

Mèsi davans pou repons ou.

📝 Egzanp 2 (yon moun k ap kontakte Teacher Dukene):

Bonjou Teacher Dukene,Mwen rele Sarah. Mwen ap chèche amelyore anglè mwen, espesyalman pou m ka pale pi byen chak jou.

Mwen ta renmen konnen:

1) Ki pwogram ou genyen pou konvèsasyon

2) Pri klas yo

3) Kijan pou m enskri

Mwen vrèman motive pou kòmanse rapid ak ou paske Mwen remake metòd ou diferan konplètman.

Mèsi anpil.

📝 Egzanp 3 (prezantasyon ki fè moun nan reponn pi vit):

Bonjou,Mwen rele David, mwen se yon content creator e mwen gen yon kominote sou rezo sosyal son non sa a: —————-

Kounye a, mwen bezwen yon ekip pwofesyonèl pou ede m mete yon bon live streaming setup pou kontni mwen yo. Se pou sa mwen kontakte Dooke Tech.

Mwen pare pou kòmanse pwojè a rapid.Tanpri, èske nou ka pale sou:

1) Pri sèvis la

2) Delè enstalasyon

3) Pi bon opsyon pou m reyalize travay sa a.

Mèsi pou tan nou, map tann repons nou.

Sonje:Mesaj klè + objektif = repons rapid.

04/28/2026

Kòman ou wè l?

04/27/2026

Si mwen fè jounen an, mwen pa aprann anyen nan teknoloji, se kòmsi mwen wè jounen a gate.

Address

Port Saint Lucie, FL
34472

Telephone

+13079200304

Website

https://dooke.link/, https://dooketech.com/, https://cutizy.com/, https://yt.dooketech.com/

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Dooke Network posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Dooke Network:

Share