10/11/2025
An Ayiti, yo aprann nou kenbe tèt nou depi nou piti. Yo aprann nou di “nou anfòm” menm lè kè nou ap rache. Nou souri pou kache fatig, tristès, lapèn ak dezespwa. Nou ri pou nou pa kriye. Men sante mantal pa sezi nan silans . Li bezwen pawòl, li bezwen espas, li bezwen lanmou.
Pran swen mantal ou pa vle di ou fèb pou sa: se yon zak kouraj, se yon deklarasyon diyite.
Se di tèt ou : mwen gen dwa pou m repoze, mwen gen dwa pou m santi, mwen gen dwa pou m geri.
Ann sispann fèmen bouch nou sou sa ki fè mal. Ann pale. Ann tande yonn lòt. Ann bay lespri nou menm enpòtans ak kò nou. Paske yon nasyon pa ka leve si mantal pitit li yo ap tonbe yonn apre lòt.
Jodi a, sonje sa : pran swen mantal ou, se pa yon liks, se yon nesesite.
Pou ou ka kontinye batay, pou ou ka kontinye reve, pou ou ka kontinye viv ak fòs ak limyè.🙌
́mentale