Curiosité+

Curiosité+ Curiosité+ se yon platfòm refleksyon, rechèch, ak difizyon konesans. Objektif nou se favorize lespri kritik, echanj entelektyèl, ak aprantisaj kontinyèl.

Nou angaje nou pou pataje kontni ki baze sou syans, analiz kritik, ak ekspètiz nan domèn tankou teknoloji, istwa, kilti, ak devlopman sosyal.

Shout out to my newest followers! Excited to have you onboard!Brisly Germeus, Edgard Jean Marie
08/06/2025

Shout out to my newest followers! Excited to have you onboard!

Brisly Germeus, Edgard Jean Marie

08/05/2025

11 Zouti Entèlijans Atifisyèl (AI) Ki Ekstremman Itil 🤯🔥

1. ChatGPT.com– Reponn nenpòt kesyon
2. Lightpdf.com– Modifye dosye PDF fasil
3. MidJourney.com – Kreye at mizikal ak imaj
4. Replit.com – Ekriven kòd otomatikman
5. Synthesia.ai – Fè videyo ak avatars ki pale
6. Soundraw\.io – Konpoze mizik otomatik
7. Fliki.ai – Fè videyo pou TikTok
8. Starry.ai – Kreye avatars atistik
9. SlidesAI.io – Fè prezantasyon PowerPoint
10. Remini.ai– Retouche foto ou
11. Pictory.ai– Modifye videyo fasil

💡 Sèvi ak zouti sa yo pou travay ou, lekòl, biznis, oswa kreyasyon kontni sou rezo sosyal!
\

💥 Microsoft make yon gwo kou sou sèn teknoloji mondyal la!Kounye a, li tounen 2yèm konpayi nan istwa ki rive nan yon val...
08/03/2025

💥 Microsoft make yon gwo kou sou sèn teknoloji mondyal la!
Kounye a, li tounen 2yèm konpayi nan istwa ki rive nan yon valè 4 mil milya dola, gras ak pouvwa entèlijans atifisyèl (AI).

Depi Microsoft mete AI tankou Copilot nan sèvis li yo, pwodiktivite monte seryezman: AI ekri prèske 30% kòd yo jodi a.

🧠 Depi parèt ChatGPT, aksyon Microsoft double, e konpayi an mete plis pase \$30 milya pou kontinye revolisyon dijital sa a.

Men... an menm tan, yo revoke 9,000 travayè.

🔍 Èske nou rantre nan yon nouvo epòk kote AI ap mennen devlopman, men moun ap pèdi pozisyon?
Èske se nouvo fòm kapitalis dijital la kote **machin pran plas imen**?

✍️ Di nou sa w panse!
🔁 Like & pataje pou lòt moun ka rantre nan konvèsasyon an!

Ou T Konn Istwa Canva! An 2007, Melanie Perkins te gen 19 an, li t ap etidye nan Ostrali.Li remake kijan lòt elèv yo te ...
08/02/2025

Ou T Konn Istwa Canva!

An 2007, Melanie Perkins te gen 19 an, li t ap etidye nan Ostrali.
Li remake kijan lòt elèv yo te gen difikilte ak zouti konsepsyon tankou Photoshop.
Li Kreye yon zouti senp tout moun ka itilize — drag-and-drop.

💡 Li kòmanse ak Fusion Books, soti nan salon manman li.
Lè li prezante ide Canva bay envestisè yo…
❌ Plis pase 100 te di NON.
Yo di lide a twò gwo.

Li te dekouraje? Non.
Li kontinye, bati yon ekip, epi amelyore plan li.

An 2013, Canva lanse.
Jodi a:
📊 Valè: $32 milya
💰 Melanie pèsonèlman: $5.8 milya
🌍 Yo itilize Canva nan plis pase 190 peyi

Leson an:
👉 Rejè pa vle di kanpe. Li ka fè w chanje direksyon kap pi bon, kontinye goumen.

E ou menm?
Èske w t ap kontinye rèv ou apre 100 NON?

Swiv Curiosité+ pataje bay zanmiw

🔬 OPPENHEIMER: Papa bonm nikleyè a, jeni oswa menas?Nan mitan Dezyèm Gè Mondyal la, Etazini lanse yon pwojè sekrè – Pwoj...
08/02/2025

🔬 OPPENHEIMER: Papa bonm nikleyè a, jeni oswa menas?

Nan mitan Dezyèm Gè Mondyal la, Etazini lanse yon pwojè sekrè – Pwojè Manhattan – pou devlope premye bonm atomik. Se J. Robert Oppenheimer, yon fiziksyen ekstraòdinè, ki te dirije ekip la. Se li yo rele “papa bonm nikleyè a.”

💥 Rezilta a? Bòm lan te kraze Hiroshima ak Nagasaki. Men li pa t jis batay militè – se te kòmansman epòk zam mas destriksyon.

Oppenheimer te reyalize rapidman konsekans moral ak destriktif zam li te ede kreye a. Li di:

“Now I am become Death, the destroyer of worlds.”
(“Mwen vin tounen lanmò, detwiè mond lan.”)

⚖️ Apre sa, li t ap denonse kontinye kous zam yo. Gouvènman Ameriken mete l anba presyon, pran aksè sekirite li, e li fini pa retire l nan tout gwo desizyon.



📚 Sa nou aprann:
• Syans se pa sèlman konesans. Li gen responsablite etik.
• Yon jeni ka vin tounen ewo oubyen menas – selon kijan ou itilize konesans ou.
• Oppenheimer make limit moral syans, e li toujou debat jodi a.

Li atik la sou Science & Vie pou plis:
👉 Klike pou atik la



08/01/2025

🇨🇦 Bous McCall MacBain nan Kanada – Yon opòtinite ou pa dwe rate!

Si ou se yon jèn lidè ki vle kontinye etid ou nan nivo metriz nan Kanada, bous sa a fèt pou ou! 🧑‍🎓👩‍🎓

✅ Sa bous la ofri:
• Frè inivèsite totalman kouvri
• Alokasyon pou depans chak mwa
• Tikè vwayaj
• Fòmasyon sou lidèchip ak mantora
• Rezo pwofesyonèl atravè lemond

📌 Kondisyon:
• Fini etid bakaloreya ou ant Desanm 2023 ak Out 2025
• Gen kapasite lidèchip, angajman sosyal, ak bèl pèfòmans akademik
• Pale anglè oswa franse selon inivèsite a

🗓 Dènye dat pou aplike: 21 out 2025
🌐 Aplike kounya: opportunitiescircle.com

🇨🇦 Gwo Opòtinite Travay pou Moun ki nan Sante!Premye Minis Ontario a, Doug Ford, anonse yon nouvo règ ki pèmèt doktè, en...
08/01/2025

🇨🇦 Gwo Opòtinite Travay pou Moun ki nan Sante!

Premye Minis Ontario a, Doug Ford, anonse yon nouvo règ ki pèmèt doktè, enfimyè, CNA, LPN ak lòt pwofesyonèl sante ki gen diplòm aletranje travay imedyatman pandan y ap ranpli papye lisans yo. Pa bezwen tann ane pou apwobasyon!

✅ Ou bezwen:
• Diplòm oswa lisans nan sante (Etazini oswa lòt peyi)
• Pale anglè
• Gen viza Kanada

📍 Pwovens lan ap ede w jwenn papye travay pandan w ap travay!

📣 Si ou soti Ayiti, USA, oswa nenpòt lòt kote, sa se yon opòtinite pou rantre nan sistèm sante Kanada rapidman.



🔗 Referans:
• canada.ca
• moving2canada.com
• news.ontario.ca
• hcamag.com

https://globalnews.ca/news/11214822/ontario-us-nurse-physician-registration-changes/

🇭🇹🥋 5 meday pou Ayiti!🥋🇭🇹 Ayiti Fè Onè nan U.S. Open de Judo 2025!Yon ekip vanyan sòlda Ayisyen ranpòte 5 meday nan chan...
08/01/2025

🇭🇹🥋 5 meday pou Ayiti!

🥋🇭🇹 Ayiti Fè Onè nan U.S. Open de Judo 2025!
Yon ekip vanyan sòlda Ayisyen ranpòte 5 meday nan chanpyona entènasyonal judo ki fèt nan Fort Lauderdale, Etazini!

🏅 1 meday lò
🥈 2 meday ajan
🥉 2 meday bronze

Se yon gwo fyète pou drapo Ayiti ki monte sou pòdyòm nan! Ekip la kontinye pwouve ke ak disiplin, detèminasyon, ak lanmou pou drapo a, tout posib.

Nap salye tout atlèt yo, antrenè yo, ak tout ekip ki t ap pote drapo n pi wo!

08/01/2025

🎓 Pwogram Bous Schwarzman 2026–27 Gratis nan Lachin 🇨🇳✨
Yon gwo opòtinite pou jèn lidè k ap chèche fè diferans! 🌍

📚 Pwogram profesè pou 1 ane nan Tsinghua University – youn nan pi bon inivèsite nan Azi.
💼 Fòmasyon sa a prepare w pou vin yon lidè sou sèn mondyal la.

✅ Kisa bous la kouvri?
• Frè inivèsite 100% gratis
• Lojman gratis
• Tikè vwayaj ale/retou Beijing
• Asirans sante
• Materyèl etid + laptop
• Stipend chak mwa
• Fòmasyon sou lidèchip ak mentor akademik
• Estaj ak vizit edikatif anndan peyi a

🗓️ Dènye dat pou aplike: 10 septanm 2025
👉 Aplike isit la: https://www.schwarzmanscholars.org/apply/

✨ Aprann Entèlijans Atifisyèl ak Harvard – GRATIS! 🤖📚Yon opòtinite ou pa dwe rate!Ou ka aprann AI (Artificial Intelligen...
07/31/2025

✨ Aprann Entèlijans Atifisyèl ak Harvard – GRATIS! 🤖📚

Yon opòtinite ou pa dwe rate!
Ou ka aprann AI (Artificial Intelligence) sou entènèt, dirèkteman ak Harvard University, san peye pyès kòb. Fòk ou mete tèt ou ladan l, paske konesans se pouvwa!

👉 Enskri jodi a: https://cs50.harvard.edu/ai/

🎓 Aprann Entèlijans Atifisyèl ak Harvard – GRATIS!Harvard ap ofri yon kou gratis sou AI ak Python:📘 CS50’s Introduction ...
07/31/2025

🎓 Aprann Entèlijans Atifisyèl ak Harvard – GRATIS!

Harvard ap ofri yon kou gratis sou AI ak Python:
📘 CS50’s Introduction to Artificial Intelligence with Python

🔍 Sa w ap aprann:
✅ Baz Entèlijans Atifisyèl (AI)
✅ Machine learning, neural networks, & NLP
✅ Kreye pwòp aplikasyon entèlijan ou
✅ Sèvi ak Python pou reyalize pwojè

💻 Kou sa a fèt pou tout moun – ou pa bezwen gen eksperyans avanse!

📍 Yon chans pou mete tèt ou nan nivo mondyal san peye!
🔗 Enskri la:
👉 pll.harvard.edu/course/cs50s-introduction-artificial-intelligence-python

🔍 TOP 10 ZOUTI AI POU RECHÈCH, REZIME & ANALIZ 1. Perplexity.ai – Reponn kesyon ak sous serye 2. ChatPDF.com – Li epi re...
07/30/2025

🔍 TOP 10 ZOUTI AI POU RECHÈCH, REZIME & ANALIZ
1. Perplexity.ai – Reponn kesyon ak sous serye
2. ChatPDF.com – Li epi rezime dokiman PDF
3. SciSpace.com – Tradui atik syantifik an mo senp
4. ExplainPaper.com – Eksplike fraz teknik
5. Genei.io – Rezime atik ak liv
6. Humata.ai – Entèlijan ki li epi esplike dosye
7. Scholarcy.com – Fè fich ak rezime liv akademik
8. Khanmigo (Khan Academy AI) – Tutor AI pou mat, syans elatriye
9. Feedly.com (AI research assistant) – Rasanble nouvèl sou sijè ou swete
10. Glasp.co – Mete nòt sou entènèt ak òganizasyon AI

📌 Pa gaspiye tan li tout bagay – kite AI fè sa pou ou!

Address

Orlando, FL

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Curiosité+ posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share