05/10/2025
Depi Lakou Floride, Peyi Etazini
5 oktòb 2025
Sa a se yon Lèt tou louvri pou
André Jonas Vladimir Paraison
Direktè Jeneral PNH la
Direktè Jeneral, mwen felisite w paske w rive brige plas ki pi wo nan lapolis nasyonal peyi D'Ayiti a.
Poutan si l te vivan Jodi a, Grann Mwen Ocianna Dorléan Theslisdort tap fwete m pou m retire konpliman sa a Mwen fè w la, paske w pa fè anyen ditou pou w anpeche Liancourt lakay tounen sann Ak pousyè anba men Bandi Baz gran grif ki AP taye banda jan yo vle nan komin nan depi plizyè mwa.
Direktè Jeneral, nan lane 2018, Mwen te sibi yon echanj entelektyèl (interview) ki pou te banm dwa entegre akademi lapolis la sou wout frè, Mwen sonje apre m te fin reponn tout kesyon ki pi nesesè yo san ezite Moun ki te anchaje a te felisite m, aprè sa li di m anvan m kite w ale,
Di m non" ki kote ou ta renmen kantone lè w fin gradye kòm polisye)
Mwen te reponn Ak chalè melanje Ak nayitif ki kouvri pa lanmou Ak pasyon m pou kote m fèt la ak kote m tap viv la " latibonit oubyen lwès" paske Mwen renmen inite espesyalize yo espesyalman SWAT" avèk anpil etónman
Enspektè a te Reponn mwen" si je savais que vous alliez me répondre de manière, je n' aurais pas validé votre candidature, Car la PNH est Police nationale d'Haïti, non pas la police d'un département".
Di m non Direktè Jeneral, kisa ki chanje nan definisyon sa a jodi a, ki fè lapolis genyen modèl konpòtman meprizan sa a nan doulè Nou menm Moun Lyankou yo?
Direktè Jeneral, pèmèt Mwen atire. Atansyon w sou sa,malgre tout gwo defisi ekonomik zak sasinay Ak briganday gang Savyen fè Nou fè nan Lyankou, valè santimantal sa nou pèdi e kontinye ap pèdi yo pi plis lontan ke valè ekonomik yo. Seri de espas ki ap disparèt nan lafimen jounen jodi a nan nan payen, Estral Ak chandèl se memwa gran paran nou yo ki mouri ak plis pase syèk sou tèt yo.
Gang nan retounen sou Lyankou 17 Jiyè pase a, kèk jou apre yo touye plizyè polisye Ak plizyè manm popilasyon an, boule Yon machin blennde lapolis, e rete nan Lyankou jouk yo rive boule epi kraze komisarya a nan nwit 14 pou rive 15 Septanm pase a, malgre sa pa janm genyen yon entèvansyon serye lapolis pou ta anpeche gang nan kontinye fè dega sou Liancourt, bandi tèlman alèz yo kontinye ap pran teritwa épi fè vidéo chak Jou pou montre kijan lavi a bèl pou yo nan plis pase 70 % teritwa komin Lyankou ke yo okipe depi plizyè mwa san okenn krentif.
Direktè Jeneral, depi plizyè ane, ti rès Moun Lyankou yo ki pa gen possibilite pou al viv lòt kote te oblije anpile kò yo nan katye Estral, Dimwatye Ak chandèl ki se te dènye rezèv la pou yo. Enbyen Direktè Jeneral depi nan mitan nwit Madi 30 Septanm pou debouche sou Mekredi 1e Oktòb 2025 la Bandi yo lanse yon ofansif ak pwisans dife san paréy kont ti espas rezèv sa yo ki pa janm kanpe jiska Jodi 3 oktòb la.
Direktè Jeneral, Yon sèl grenn machin blennde a Ak kèk grenn Ajan Polisye ladann, ajoute Ak manm popilasyon an pa sifi pou reponn Ak frape malfra yo malerezman, machin blennde ki sou vèrèt yo Ak machin ki pare pou wete barikad se toujou pou yon ti kras tan yo parèt sou zòn sa yo apre sa yo al fè wout yo kite Moun yo san sekou.
Direktè Jeneral Yon sèl reponn pèp la non tanpri, depi tout sa a Liancourt Anba menas gang Savyen an, kòman yon sèl grenn machin blennde a Ak Mwens ke 10 Polisye wi eta majò lapolis la mete nan komin nan ka rive siveye lavi plis pase 80 mil Moun?
Èske w pa ko janm resevwa Yon rapò ekip ou sou Lyankou ki pou di lè bandi savyen yo AP vini Liancourt se plis pase 300 jèn ga*on Ak gwo zàm lagè ki vini?
Te kwè m tande yap fè lwanj di jan w toujou kanpe pou w defann palè Nasyonal kont a*o gang viv ansanm yo? Se paske Kayoun Liancourt yo se an bwa ak tòl yo fèt ki fè w pa janm voye defann yo?
Direktè Jeneral Moun sa yo ki mouri Anba bal Ak boule nan dife
kriminèl Savyen yo Jodi Samdi 4 oktòb la, èske w konnen leta Ayisyen Ak konplisite lapolis la ki pran lavi yo? Kisa wap di fanmi yo?
Elas Mwen pa gen fòs ankò, Mwen oblije al kriye sou kadav frè m yo Ak sè m yo ki boukannen tankou ta*o a. Mwen kite w la Direktè Jeneral ke konsyans ou reponn ou.
Edens Liancourt
Yon kò nan ekzil