09/12/2026
🚨 PNH ap mete nouvo plak sou machin li yo
Pòtoprens, 11 septanm 2026
PNH anonse li pral kòmanse sèvi ak nouvo modèl plak imatrikilasyon pou machin, gwo kamyon ak motosiklèt ki fè pati enstitisyon an. Nouvo plak sa yo antre an aplikasyon nan 10 depatman peyi a depi jedi 10 septanm nan.
Dapre Direksyon Kominikasyon PNH la, objektif chanjman sa a se pou fè li pi fasil pou moun rekonèt machin Polis yo, pi byen kontwole yo epi evite moun sèvi ak fo plak PNH.
Mezi sa a vini nan yon moman kote gen plizyè ka kidnaping ki te fèt ak machin ki t ap itilize plak yo te prezante kòm plak PNH. Sa te kreye anpil enkyetid sou moun ki ta ka ap itilize non ak siy Polis la pou fè move zak.
Nouvo plak yo gen yon fon blan, kat Ayiti, non peyi a, anblèm nasyonal la ak drapo ayisyen an. Sou plak machin Polis yo, ap gen mo « Police », ansanm ak slogan « La Perle des Antilles ».
PNH la fè konnen gen plizyè kalite plak ki pral sèvi selon kategori machin yo ak fason yo itilize yo, tankou machin sèvis, machin ki nan garaj ak machin yo itilize pou demonstrasyon.
Dapre Direksyon Jeneral PNH la, nouvo sistèm sa a ap ede enstitisyon an pi byen kontwole machin li yo epi fè popilasyon an konnen pi fasil ki machin ki vrèman fè pati Polis Nasyonal d Ayiti.
PNH la mande popilasyon an pran tan pou li familyarize li ak nouvo plak sa yo, yon fason pou li kapab pi fasil fè diferans ant machin Polis yo ak machin ki ta ka ap itilize fo plak.
Lavezzi Media