Zilo Media 509

Zilo Media 509 � Zilo Media — Enfòmasyon klè, san bri.
� Rete konekte ak reyalite a.

LISTE KONBATAN NOU YO POU 2 MATCH AMIKAL NAN KAD PREPARASYON MONDYAL LA🇭🇹🔥🇭🇹⚽️🇭🇹🔥⚽️
03/17/2026

LISTE KONBATAN NOU YO POU 2 MATCH AMIKAL NAN KAD PREPARASYON MONDYAL LA
🇭🇹🔥🇭🇹⚽️🇭🇹🔥⚽️

VINIIIIIIIIIII ⚽️🔥🔥🔥🔥
02/17/2026

VINIIIIIIIIIII ⚽️🔥🔥🔥🔥

01/02/2026

Happy New Year 🎁

12/18/2025

Erè pap detwi’w se pa komanse ki pi deranjan
Siw ap komanse on bagay fèl depi jodia
🔥🔥🔥🙌🏻🙌🏻

*Reyaksyon Kominote Mizikal Ayisyen an*KISA YO DI NAN DOSYE FANTOM LAN ?😳😳👀🎤🎼😳🥺HMI  CHAK KOUKOU KLERE POU ZYE YODepi nou...
12/16/2025

*Reyaksyon Kominote Mizikal Ayisyen an*
KISA YO DI NAN DOSYE FANTOM LAN ?
😳😳👀🎤🎼😳🥺
HMI CHAK KOUKOU KLERE POU ZYE YO

Depi nouvèl arestasyon Fantom lan, pa gen gwo mouvman ofisyèl oswa yon mouvman inifye nan mitan atis ayisyen yo ki te fòme pou mande liberasyon li oswa pou pote plis konsyantizasyon. Gen kèk fanatik ak jèn atis ki itilize rezo sosyal yo pou fè apèl pou solidarite ak Fantom, men pa gen yon deklarasyon masiv oswa kanpay ofisyèl ki te sòti nan mitan gwoup atis nou yo ☹️🙄
Sitiyasyon sa a soulve kesyon sou inite sa yo rele tet ansanm lan ki pa genyen nan endistri mizik la (HMI) ak kijan atis yo reponn lè youn nan pèsonalite yo tonbe nan problem.

ANTOUKA A SWIV…..

J***y Placide, ewo ayisyen Bastia nan Ligue 2J***y Placide kontinye fè fyète Ayiti sou sèn foutbòl entènasyonal la. Gard...
12/15/2025

J***y Placide, ewo ayisyen Bastia nan Ligue 2

J***y Placide kontinye fè fyète Ayiti sou sèn foutbòl entènasyonal la. Gardyen ayisyen an, ki ap defann koulè SC Bastia nan Ligue 2 an Frans, fè yon pèfòmans ekstraòdinè nan dènye match ekip li a kont AS Saint-Étienne, yon ekip ki klase 2yèm nan chanpyona a.

Nan yon match ki te trè difisil, Placide te montre tout klas li. Li reyalize 8 gwo arè, li kenbe yon penalti, epi kòm si sa pa t ase, li bay tou yon pas desizif ki te pèmèt Bastia egalize. Gras ak bravou li, Bastia rive sove yon match nul kont yon ekip ki gen anpil fòs ak eksperyans.

Pèfòmans sa a pa pase inapèsi. J***y Placide eli L’homme du match, yon rekonesans ki montre enpòtans li sou teren an ak wòl kle li jwe nan rezilta ekip li a. Li te yon veritab miray devan atak Saint-Étienne yo, toujou konsantre, kalm, epi desizif nan moman ki pi cho yo.

Pou pèp ayisyen an, Placide pa yon sipriz. Li te deja yon pyon enpòtan nan kalifikasyon Ayiti pou Mondyal 2026 la, kote li te montre lidèchip, eksperyans ak detèminasyon anba poto yo. Jodi a ankò, li pwouve li se youn nan pi bon gardyen Ayiti genyen nan jenerasyon sa a.

Bravo pou Grenadye nou an, J***y Placide !
Nou fyè de ou, e n ap kontinye konte sou ou pou fè yon bèl figi nan Mondyal 2026 la, epi pou leve drapo Ayiti pi wo sou tout teren kote ou pase 🇭🇹⚽🧤FHF - Fédération Haïtienne De FootballCohaiv CLUB FIFA Club Football@

🏆 Player of The Match!Jodi a se yon gwo moman fyète! Apre yon pèfòmans ekstraòdinè sou teren an, li resevwa trophe Playe...
12/12/2025

🏆 Player of The Match!

Jodi a se yon gwo moman fyète! Apre yon pèfòmans ekstraòdinè sou teren an, li resevwa trophe Player of the Match nan UEFA Women’s Champions League. Travay di, disiplin ak pasyon li pou foutbòl ap kontinye pote bèl rezilta.

Chak match li montre fòs, talan ak detèminasyon. Se pa ti plezi pou wè yon jwè ki toujou bay 100% e ki reprezante ak anpil klas Peyi nou HAITI 🇭🇹

Félicitations! Kontinye briye, kontinye enspire ✨⚽
Travay la ap pale pou ou.
Melchie Dumornay FAN �Dumornay Melchie ⚽Corventina Dumornay's fans. FHF - Fédération Haïtienne De Football

12/09/2025

👀😱👀😱Men Gool ki Gool 💯💯🇭🇹🔥🔥 #

🇭🇹 Mondyal 2026 : Men vil ki pral òganize twa match Ayiti yo nan faz poul laEkip nasyonal Ayiti a pral evolye nan Gwoup ...
12/09/2025

🇭🇹 Mondyal 2026 : Men vil ki pral òganize twa match Ayiti yo nan faz poul la

Ekip nasyonal Ayiti a pral evolye nan Gwoup C Mondyal la kote li pral fè fas ak Brezil, Mawòk ak Ekòs. Kalandriye konpetisyon an konfime vil ki pral akeyi chak randevou grenadyè yo.

📍 Boston – 13 jen, 21:00
Ayiti ap fè antre li nan konpetisyon an kont Ekòs, nan yon match ki kapab jwe yon wòl enpòtan nan dinamik ekip la pou rès faz poul la.

📍 Philadelphia – 19 jen, 21:00
Pou dezyèm aparisyon li, seleksyon an ap rankontre Brezil, youn nan poto mitan foutbòl mondyal la. Yon duel ki deja atire anpil enterè nan mitan piblik la.

📍 Atlanta – 24 jen, 18:00
Ayiti ap konklui faz group la kont Mawòk, yon ekip ki te make dènyè edisyon Mondyal la ak pèfòmans istorik li. Yon match ki ka gen yon enpòtans kapital pou avni grenadyè yo nan konpetisyon an.

🔥🔥🔥🇭🇹🇭🇹🇭🇹🔥🔥🔥
Grenadye Alaso 🇭🇹⚽️

12/09/2025

Konbyen HAITI ap Bat BRASIL
? Cohaiv CLUB

12/08/2025

👀👀👀👀
Gadon gool kotel soti la?

Address

Orlando, FL
32811

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Zilo Media 509 posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Zilo Media 509:

Share