05/31/2026
Fèt manman.
1. Se yon kòmandman biblik
Bib la mande nou klèman pou nou onore paran nou.
Nan Egzòd 20:12 Bondye di.
Egzòd 20 : 12.
Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.
Onore manman w nan yon jou espesyal se yon fason pou w obeyi kòmandman sa a.
2. Li pa gen orijin idolatri.
Kontrèman ak kèk lòt fèt ki gen rasin nan ansyen koutim payen oswa nan adorasyon fo dye, fèt manman modèn lan te kòmanse kòm yon inisyativ sivil ak kretyen. Nan peyi Etazini kote anpil peyi pran tradisyon sa a, se yon dam kretyen ki rele Anna Jarvis ki te goumen pou fèt sa a egziste nan ane 1908, jisteman pou onore memwa manman l ak tout lòt manman pou travay di y ap fè nan lafwa ak nan fanmi yo.
3. Eksprime rekonesans ak lanmou
Kretyen yo rele pou yo gen renmen ak rekonesans nan kè yo. Manman yo fè anpil sakrifis pou leve pitit. Ba yo yon kado, di yo yon bèl mo, oswa pase tan avèk yo nan jou sa a se yon fason pou montre fwi Lespri Sen an lanmou, jantiyès, rekonesans.
Kisa yon kretyen dwe evite.
Pandan w ap fete fèt manman, sèl bagay pou w veye se pou fèt la pa tounen yon bagay ki depase limit.
Evite ekstravagans ak komèsyalizasyon.
Pa kite presyon piblisite fè w depanse lajan ou pa genyen oswa panse se gwo kado sèlman ki fè yon manman plezi. Anpil fwa, yon bèl priyè, yon ti vizit, ak yon mo sensè gen plis valè.