01/05/2026
Frè Luckson Ohio 🇺🇸🇺🇸❤️❤️👏🏽👏🏽
Nan Etazini 🇺🇸 👉🏽Yon jenòm 29 an te adopte senk frè ak sè pou anpeche yo separe.👏🏽👏🏽👏🏽❤️👑
🇺🇸Etazini 🇺🇸 Nan OHIO Robert Carter te adopte senk frè ak sè aprè lanmò papa yo ak manman yo nan move kondisyon. Timoun yo ta pral jwenn plas yo nan diferan fanmi. Robert ki te grandi nan yon fanmi akèy e ki te separe ak pwòp frè ak sè li yo lè li te timoun, ki konnen kijan sa pa dous , separe de moun ki ta sipoze pi prè w yo! kidonk lè li te aprann ka yo a, li te ofri pou l pran yo tout.😳
Pwosesis la pa t fasil. Li te oblije adapte kay li, reòganize woutin li, epi konfòme li avèk tout egzijans legal yo. Li te soti nan viv poukont li pou l jere orè lekòl, manje, devwa, ak aktivite chak jou yo. Aprè pwosesis adopsyon an te fini, timoun yo te demenaje ale viv avè l epi yo te kòmanse yon lavi kontan anba menm twati a.
Depi lè sa a, yo ale nan menm lekòl la, pataje espas ak woutin, epi yo kenbe yon lyen sere. Adopsyon an ofisyèl kounye a, epi frè ak sè yo kontinye grandi ansanm, ki se te objektif prensipal la depi nan kòmansman an.
Robert konnen kijan lè timoun separe de san yo depi nan piti yo pa gen lanmou fratènèl la antre yo menm. Se rezon prensipal ki fè l adopte yo.
゚viralシ