14/08/2025
𝐒𝐞𝐥𝐨𝐧 𝐑𝐞𝐮𝐭𝐞𝐫𝐬, 𝐄𝐫𝐢𝐤 𝐏𝐫𝐢𝐧𝐜𝐞 – ansyen sòlda Navy Seal, fondatè konpayi militè prive Blackwater, epi gwo sipòtè Donald Trump – anonse li gen yon akò 10 ane ak Ayiti pou konbat gang yo epi, pandan li y, “règle” sistèm taks peyi a.
Plan an klè (oswa omwen li panse li klè): nan premye ane a, li pral pran kontwòl tout gwo wout yo, retire gang yo, epi fè moun ka kondwi soti Pòtoprens rive Okap nan yon machin san blende san yo pa arete w. (Paske, wi, se konsa lavi fasil…)
Apre “misyon libere wout” la, konpayi li Vectus Global pral kòmanse okipe koleksyon taks sou tout machandiz k ap pase nan fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn. (Wi, ou byen li: se yon konpayi sekirite etranje k ap vin kolekte taks nan peyi a pandan yon dekad. Sa sonnen nòmal, vre?)
Prezidan nouvo konsèy tranzisyon an, Laurent Saint-Cyr, ki enstale 7 Out, pa t reponn kesyon jounalis yo sou sa. Ansyen prezidan konsèy la ak ansyen premye minis la pa t reponn non plis. Men, dapre enfòmasyon yo, Vectus deja sou tè Ayiti depi mwa mas, ap itilize dron ansanm ak yon gwoup travay ki dirije pa premye minis la. Sa ki nouvo nan nouvèl la, se plan alontèm yo ak “misyon koleksyon taks” la.
Yon moun ki konnen operasyon Vectus yo nan Ayiti di Reuters ke nan semèn k ap vini yo, konpayi a pral ogmante atak kont gang yo avèk plizyè santèn sòlda sòti nan Etazini, Ewòp, ak El Salvador. Tout moun sa yo, dapre li, se snaypè, espesyalis nan entèlijans ak kominikasyon. Yo gen elikoptè, bato, e menm kèk ki pale franse ak kreyòl. (Bon, petèt yo pral rele taks yo an kreyòl tou, pou fè li pi “lokal.”)
Pou rapèl, Erik Prince se nonm ki te fonde Blackwater an 1997. Li te vann konpayi an an 2010 apre plizyè anplwaye Blackwater te kondane pou te touye 14 sivil san zam nan Irak, nan masak Nisour Square. Pi ta, tout kondanasyon sa yo te efase pa Donald Trump pandan premye manda li. (Men ou wè, se moun serye k ap vin “sove” wout Ayiti yo.)