Radio Tele Ekilib

  • Home
  • Radio Tele Ekilib

Radio Tele Ekilib Radio Tele Ekilib (RTE) se yon media ki gen misyon poul bay bon jan enfomasyon san fos kote e nan bon ti mamit!

ICE anonse sou kont X, dimanch 27 jiyè 2024 la, ke sitwayen ayisyen Pierre Reginald Boulos te neglije mansyone kanpay vy...
27/07/2025

ICE anonse sou kont X, dimanch 27 jiyè 2024 la, ke sitwayen ayisyen Pierre Reginald Boulos te neglije mansyone kanpay vyolans li a ak sipò li bay gang pou destabilize Ayiti nan aplikasyon li an.

Selon ajans ameriken sila, Boulos gen pou resevwa yon bon akèy nan men Inite Anti-Koripsyon gouvènman Ayisyen an lè yo depòte li

Joverlain Moïse mande sekretè deta ameriken an, Marco Rubio, poul pa voye "oligak" otorite ameriken yo arete pou move za...
25/07/2025

Joverlain Moïse mande sekretè deta ameriken an, Marco Rubio, poul pa voye "oligak" otorite ameriken yo arete pou move zafè an Ayiti.

Nan yon lèt tou louvri li adrese ak Sekretè Deta 23 jiyè pase a, pitit ansyen prezidan Jovenel Moïse la, Joverlain Moïse, mande pou enstitisyon jidisyè ameriken yo pouswiv "oligak" ayisyen yo arete ki ta patisipe nan planifikasyon sou teritwa ameriken asasina papa li.

Selon Jorverlain, avek volim lajan yo posede, "oligak" sa yo gen kontrol aparèy jistis la an Ayiti. Nan sans sa li tap pi bon pou yo kenbe yo nan peyi Etazini pouke se Lajistis Ameriken ki jije yo pou diferan krim yo ta komèt, paske voye tounen Ayiti ap paret yon aksyon iresponsab.

Pi lwen, pitit ansyen prezidan soulinye ke lèt sa pa vle di lap rantre nan dosye entèn peyi Etazini men pito se yon apel ala jistis ak yon alye istotirik peyi Dayiti.

Nap raple lèt sa ki piblye pa soti nan pandan anpil moun ap poze keksyon sou arestasyon manb fondatè MTV_Ayiti a Reginald Boulos pa otorite ameriken yo nan dat 17 jiyè 2023, lakay li nan Eta Florid.

ICE arete Pierre Reginald Boulos, ki gen rezidans pèmanan legal ameriken, paske li ta kontribye nan destabilizasyon Ayit...
21/07/2025

ICE arete Pierre Reginald Boulos, ki gen rezidans pèmanan legal ameriken, paske li ta kontribye nan destabilizasyon Ayiti epi kolabore ak chèf gang Ayisyen ki lye ak yon òganizasyon teworis etranje.

Nap raple Reginald Boulos, ki se manb fondatè jwenn arestasyon li jedi 17 jiyè 2024 la nan Eta Florid
Sous: Fox News
****
Profite abone ak Radio Tele Ekilib

11/07/2025

Senmak: Enstalasyon jeneratè oksijèn nan Lopital Sennikola

Anba lidèchip direktè medikal lopital Saint Nicolas Senmak la, Dr. Alcy Chovel, jeneratè oksijèn leta ayisyen te bay lopital la kòm don, finalman enstale apre plizyè mwa.

Gras ak enstalasyon sa a, pasyan ki sòti nan plizyè depatman k ap vin chache swen nan lopital la pap oblije depanse gwo lajan ankò pou resevwa oksijèn, yon sèvis ki te konn chè epi difisil pou jwenn.

Se yon gwo pa ki fèt pou amelyore kalite swen yo bay nan HSN, epi soulaje fanmi ki deja ap lite pou peye depans medikal.
****
Profite abone ak Radio Tele Ekilib

07/06/2025

Joël Camille eli kom nouvo Sekretè Jeneral UJBA

Jounen jedi 5 jen 2025 la, Inyon Jounalis Balatibonit (UJBA) reyalize premye eleksyon li depi 8 ane egzistans li. Eleksyon an te dewoule nan yon anbyans kè kontan, ak tout transparans ak demokrasi sa mande. Se katèl "Progrès" ki genyen, san opozisyon, ak manm li yo: Joël Camille, Paul Saintard, Saint-Elien Thélus, Evenaud Desina, Jhyline Louis, Antony Faxene Saint Phar ak Vladimy Honorable*.

Plizyè pèsonalite te prezan kòm obsèvatè, tankou: *Soeurette Guillaume Monrency, Marc Antoine Aldorphe, Gisemonde Pierre Gilles ak Pérès Casséus*. Sekretè jeneral UJBA a, Joël Camille, te pwofite okazyon an pou lanse yon mesaj inite ak angajman pou avni òganizasyon an.

05/06/2025

Yon nouvo responsab,ranplase Washny Bien Aimé nan tèt CRLDI Senmak

Wisteinsky Louis se nouvo responsab Sant Resepsyon ak Livrezon Dokiman Idantite (CRLDI) nan vil Senmak. Se Pérès Casséus, vis delege awondisman an, ki te prezide seremoni enstalasyon an jounen mèkredi 4 jen 2025 la.

Wisteinsky Louis, ranplase nan pòs sila,Washny Bien Aimé,ki pase anviwon 3 lane nan tèt enstitisyon an,li ki pou kounye an,pran pwomosyon kòm nouvo kowòdonatè nan ministè enteryè ak kolektivite teritoryal yo(MICT)

24/05/2025
20/05/2025

Plizyè lidè nan 4e seksyon kominal Charèt mobilize pou konstwi yon pon kap konekte Charèt ak Bannik.

Projè sila ki jwenn sipo popilasyon lokal la ak kek manb nan dyaspora a, ap vanse anba zye otorite Kominal ak rejyonal yo nan Latibonit ki pa bay okenn sipo teknik, ekonomik e menm materyel selon sa Antonio Dacéus, responsab mobilizasyon nan projè sila, deklare nan mikro laprès jodi 19 me 2025 la.
****
Profite abone ak Radio Tele Ekilib

17/05/2025

Plizyè òganizasyon politik nan vil Senmak, nan yon pwen pou laprès jedi 15 me 2025 la, salye dènye rapò Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) ki site non plizyè kad nan CRLDI Senmak, tankou Washny Bien Aimé ak Castel Estilus, kòm responsab zak koripsyon grav nan enstitisyon an.

Jordany Anulysse, ki te pale nan non OCENH, KONDA, SSCTNH ak USCTAH, mete presyon sou komisè gouvènman Senmak la, Mèt Venson François, pou l mete aksyon piblik an mouvman san pèdi tan, jan ULCC rekòmande li a, kont moun yo site nan rapò a.
*****
Carlos Blanco Augustin

"Monwi se yon teritwa dezòmè retwouve..." Blaise Elysée, Majistra MonwiNan okazyon fèt travay ak agrikilti a, 1e me 2025...
04/05/2025

"Monwi se yon teritwa dezòmè retwouve..." Blaise Elysée, Majistra Monwi

Nan okazyon fèt travay ak agrikilti a, 1e me 2025, group nèg ame nan Kapyat ak Delije te trouve yo sou menm stand nan komin Monwi kòm prev ke yo depoze zam yonn kont lot apre plizye rankont ke moun nan sosyete sivil ak otorite lokal yo te oganize...

Nan okazyon fèt travay ak agrikilti a, 1e me 2025, group bandi Kapyat ak Delije te trouve yo sou menm stand nan komin Monwi kòm prev ke yo depoze zam yonn ko...

Lapolis nan Mayisad arete Sama ki te konn jwe wòl chofè, selon deklarasyon li, nan baz Palmis nan komin Tirivyè Latiboni...
22/01/2025

Lapolis nan Mayisad arete Sama ki te konn jwe wòl chofè, selon deklarasyon li, nan baz Palmis nan komin Tirivyè Latibonit

Address

5832 Opportunity Cir
FL
34120

Telephone

+12398785039

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Radio Tele Ekilib posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Radio Tele Ekilib:

Shortcuts

  • Address
  • Telephone
  • Alerts
  • Contact The Business
  • Claim ownership or report listing
  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share