02/01/2025
Kredi Enpo pou Timoun (ranbousab an pati)
Si w gen yon timoun, ou ka kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun. Pou ane 2024 la, kredi a se jiska $2 000 pou chak timoun ki kalifye. Pou l kalifye, yon timoun dwe:
Gen yon nimewo Sekirite Sosyal
Gen mwens pase 17 an nan fen ane 2024 a
Rapòte kòm depandan sou deklarasyon enpo w
Yon pòsyon nan Kredi Enpo pou Timoun ki ranbousab pou 2024. Yo rele pòsyon sa a Kredi Adisyonèl Enpo pou Timoun (ACTC) (an anglè). Pou ane 2024 a, jiska $1 700 ka ranbousab pou chak timoun.