Kayak Post

Kayak Post Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Kayak Post, News & Media Website, york, York, PA.

😳😳😳😳😳😳
12/22/2025

😳😳😳😳😳😳

Haiti Cherie 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹.

😳😳😳😳😳😳😳
11/30/2025

😳😳😳😳😳😳😳

Mesye oooooooooo!!! Sak grav la, menm moun ki mete sangwen sa yo, ap pare pou vin dirije yon lòt tranzisyon. Non, se twòp atò. Mwen angajem.

Lapolis RD 🇩🇴 arete Louissaint Jean Max alyas Ralph Laurent , ki te gen yon avi rechèch akoz koneksyon li ak bandi Ayti🇭...
11/24/2025

Lapolis RD 🇩🇴 arete Louissaint Jean Max alyas Ralph Laurent , ki te gen yon avi rechèch akoz koneksyon li ak bandi Ayti🇭🇹.
Avi rechèch sa te konsène 2 lòt sitwayen Aysyen kap viv aletranje, men ki toujou ap ankouraje bandi yo nan Layv sou rezo sosyo yo. Konsène a kapab transfere 🇭🇹.

Paske yon avyon li resevwa plizyè katouch jodi Dimanch lan, pandanl fin ateri Potoprens. Konpayi Sunrise anonse li kanpe...
11/23/2025

Paske yon avyon li resevwa plizyè katouch jodi Dimanch lan, pandanl fin ateri Potoprens. Konpayi Sunrise anonse li kanpe sou tout aktivite vòl ki gen rapò ak Kapital peyi an jiska nouvèlòd. Avyon sa ki te soti Okay resevwa plizyè bal nan ayopò an san fè viktim.

🇭🇹🇭🇹🇭🇹
11/19/2025

🇭🇹🇭🇹🇭🇹

🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹
11/19/2025

🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

Nan prizon sivil Fòlibète an, sitiasyon an parèt konplike. Selil yo boure ak prizonye, detansyon prevantiv pwolonje an l...
11/16/2025

Nan prizon sivil Fòlibète an, sitiasyon an parèt konplike. Selil yo boure ak prizonye, detansyon prevantiv pwolonje an lakòz tout pwoblèm sa. Nan vizit yon gwoup jounalis te fè nan espas prizon sa, Revandikasyon prizonye yo depase sa yon moun te ka imajine, tankou: Yon sitwayen ki dil deja sou 36 mwa nan prizon an Paskel te vòlè yon kòk oswa yon lòt ki dil sou 38 mwa, san parèt devan jij paskel te twouble lapè piblik.
Sitiasyon detansyon prevantiv pwolonje sa te pi mal avan arive komisè Charles Édouard Durand, ke anpil moun konsidere kap fè yon gwo travay nan tèt pakè Fòlibète a depi aprè enstalasyon li.
Komisè an ki dil detèmine pou konbat flewo sa, ap chèche mwayen pou enfòmatize systèm nan pou pèmèt travay yo fèt pi efikas.
Nap souliye, plizyè responsab dwa moun ak kad nan ministè jistis deja okouran sou preokipasyon chèf pakè an, ki se pèmèt tout systèm nan enfòmatize.

Se nan kad yon konferans pou Laprès, responsab Dwàn yo anonse entèdiksyon pou objè seksyèl antre nan peyi an: (Sèkstòy, ...
11/05/2025

Se nan kad yon konferans pou Laprès, responsab Dwàn yo anonse entèdiksyon pou objè seksyèl antre nan peyi an: (Sèkstòy, Vibratè etc…) objè sa yo pa gen dwa pase nan Dwàn, sinon ap gen gwo sanksyon. Opinyon Yo deja pataje nan sosyete a, pou konnen zam ak sèkstòy sak plis deranje sosyete an. Anpil moun ale pi lwen pou di, dirijan Aysyen yo se nan betiz yap pase popilasyon an. Antouka malgre tout deba yo, gen yon kantite ajan Ladwàn ki poste kap siveye sèkstoy nan Dwàn yo, kòm yo okipe nan veye ti jwèt medam yo, pandan tan sa zam ak minisyon ap kontinye pase san kontwòl. .

Okenn eleksyon pa posib avan 7 Fevriye daprè prezidan Konsèy Elektoral la ki pale ak Metronome. Medya ajoute pou di dapr...
11/01/2025

Okenn eleksyon pa posib avan 7 Fevriye daprè prezidan Konsèy Elektoral la ki pale ak Metronome. Medya ajoute pou di daprè Jacques Derosiers, KEP an ap travay pou mete kanpe yon kalandriye elektoral avan 15 Novanm. Nap raple, Samdi 1er Novanm, fòmasyon pati Politik yo ap derape nan otèl karibe sou lobedyans ministè jistis.

Ouragan pap frape Ayti 🇭🇹 dirèkteman, men efè Melissa ap  sou Ayiti. Nou kapab jwenn gwo lapli ak van jiska Vandredi, ko...
10/29/2025

Ouragan pap frape Ayti 🇭🇹 dirèkteman, men efè Melissa ap sou Ayiti. Nou kapab jwenn gwo lapli ak van jiska Vandredi, kote gen anpil ris inondasyon. Si poko gen yon bilan detaye Kayak Post aprann anviwon yon dizèn moun deja mouri Tigwav nan lokalite sou Gabyon.

Nan bidjè ki apèn adopte an: Palman Aysyen an dispoze 3,6 milya goud pou peye anplwaye sèlman. Chanm Depite yo 1.9 milya...
10/28/2025

Nan bidjè ki apèn adopte an: Palman Aysyen an dispoze 3,6 milya goud pou peye anplwaye sèlman.
Chanm Depite yo 1.9 milya goud pou 2354 anplwaye epi Sena 1.7 milya pou 1416 anplwaye. Total 3770 anplwaye nan palman disfonksyonèl Aysyen an.
Sous: Kesner Pharel.

Medya Japonè 🇯🇵 yo dechennen kont Donald Trump, yo kritike ki te « san pwotokòl » ak anperè Japon an. Trump pat dwe touc...
10/28/2025

Medya Japonè 🇯🇵 yo dechennen kont Donald Trump, yo kritike ki te « san pwotokòl » ak anperè Japon an. Trump pat dwe touchel el pat dwe lonje dwèt sou li. Japonè yo pataje yon foto Barack Obama janl te enkline devan anperè an. Konsèvatè 🇺🇸 yo epòk sa te kritike Obama anpil paskel enklinel devan yon monak etranje.

Address

York
York, PA

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Kayak Post posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Kayak Post:

Share