RADIO S-Rood FM

RADIO S-Rood FM Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from RADIO S-Rood FM, Media/News Company, Bình Chánh, Ho Chi Minh.

Nan okazyon pasasyon pouvwa ant Fritz Alphonse Jean ak Laurent Saint-Cyr kòm nouvo Prezidan Konsèy Prezidansyèl Transisy...
07/08/2025

Nan okazyon pasasyon pouvwa ant Fritz Alphonse Jean ak Laurent Saint-Cyr kòm nouvo Prezidan Konsèy Prezidansyèl Transisyon an, Mesye Saint-Cyr te mete aksan sou bezwen enklizyon tout sektè nan lavi nasyonal la, pandan l' lanse apèl pou mete enterè pèsonèl sou kote. Li fè konnen li pare pou koute tout moun, paske moman pou gran diskou pase, se tan pou aji kounye a. Li mete aksan sou sekirite kòm pi gwo priyorite nan misyon Konsèy la, e li envite tout aktè yo mete tèt ansanm pou redrese peyi a.

Klike sou lyen sa pou li tout atik la
https://www.s-rood.com/Laurent-Saint-Cyr.html

07/08/2025

Diskou nouvo prezidan KPT a, Laurent Saint-Cyr

06/08/2025

Leta Ayisyen respekte dwa moun ki kouri kite kay yo?

📢 Vote pou Lespwa Edikasyon an !👉🏽 Soutni Micadege PIERRE, soutni lespwa edikasyon an !Klike sou lyen sa pou ka vote pou...
05/08/2025

📢 Vote pou Lespwa Edikasyon an !

👉🏽 Soutni Micadege PIERRE, soutni lespwa edikasyon an !

Klike sou lyen sa pou ka vote pou li : https://www.facebook.com/photo?fbid=742997535143185&set=pb.100082988365918.-2207520000

PWONA:
Yon inisyativ Fondasyon Digicel ak P4H Global

Nou fyè pou n prezante Micadege PIERRE, yon pwofesè pasyone, angaje, ak devwe pou avni jenerasyon kap vini yo. Li se yon modèl lidèchip ak lanmou pou ansèyman.

Vini mete vòt ou pou li ka ranpòte tit Pwofesè Nasyonal 2025 !
Li merite rekonesans sa a pou tout efò li ap fè pou chanje lavi elèv yo chak jou.

Tranblemanntè 4.1 sou echèl Richter frape zòn Pòtoprens, panik lakay plizyè abitanYon tranblemanntè ki gen yon magnitid ...
05/08/2025

Tranblemanntè 4.1 sou echèl Richter frape zòn Pòtoprens, panik lakay plizyè abitan

Yon tranblemanntè ki gen yon magnitid 4.1 sou echèl Richter frape rejyon Pòtoprens lendi swa 4 out 2025, a 11è 02 nan aswè.

Daprè premye enfòmasyon yo, sant tranblemanntè a te sitiye apeprè 13 kilomèt nan nòdwès Petyonvil, nan depatman Lwès peyi a. Goudougoudou a te santi tou nan Repiblik Dominikèn, vwazen Ayiti a.

Nan kapital la, plizyè abitan rapòte yo te santi tè a tranble, sa ki lakòz sèn panik nan kèk katye. Pou kounye a, otorite yo poko rapòte okenn dega grav ni viktim.

28/07/2025

Prof Sardrack Ordena di kisa nou dwe fè pou Peyi a ka sòti nan sal ye jodia

PUBCEPAM VOUS OFFRE TROIS PROGRAMMES POUR L'ANNEE 2025-2026, FAITES VOUS INSCRIRE DÈS MAINTENANT
15/07/2025

PUB

CEPAM VOUS OFFRE TROIS PROGRAMMES POUR L'ANNEE 2025-2026, FAITES VOUS INSCRIRE DÈS MAINTENANT

09/07/2025

Moun ki plis vilnerab ak pwoblèm dlo potab an Ayiti.

Komisè Claude Jean di li pa gen pyès enfòmasyon ofisyèl sou eta sante Martine Moïse.
08/07/2025

Komisè Claude Jean di li pa gen pyès enfòmasyon ofisyèl sou eta sante Martine Moïse.

Pati 2 : Jacky Duvil , chèchè angaje ak pasyone, fèk soutni avèk siksè tèz doktora li nan domèn geografi, sou tèm:"Perce...
07/07/2025

Pati 2 : Jacky Duvil , chèchè angaje ak pasyone, fèk soutni avèk siksè tèz doktora li nan domèn geografi, sou tèm:
"Perceptions, vulnérabilité et capacité d’adaptation des agriculteurs face aux impacts du changement climatique dans la région Caribéenne : le cas d’Haïti et de la République Dominicaine."

Travay li a mete limyè sou eksperyans, defi, ak rezistans agrikiltè yo fas a kriz klimatik la.
Men 10 pwen fò ou dwe konnen sou rechèch sa a ki enpòtan pou avni agrikilti ak devlopman dirab nan zòn nou an.

Pati 1 : Jacky Duvil , chèchè angaje ak pasyone, fèk soutni avèk siksè tèz doktora li nan domèn geografi, sou tèm:"Perce...
07/07/2025

Pati 1 : Jacky Duvil , chèchè angaje ak pasyone, fèk soutni avèk siksè tèz doktora li nan domèn geografi, sou tèm:
"Perceptions, vulnérabilité et capacité d’adaptation des agriculteurs face aux impacts du changement climatique dans la région Caribéenne : le cas d’Haïti et de la République Dominicaine."

Travay li a mete limyè sou eksperyans, defi, ak rezistans agrikiltè yo fas a kriz klimatik la.
Men 10 pwen fò ou dwe konnen sou rechèch sa a ki enpòtan pou avni agrikilti ak devlopman dirab nan zòn nou an.

Yon mès rekwiem te chante nan Palè Nasyonal an memwa Prezidan Jovenel MoïseSeremoni an te dewoule nan yon anbyans plen d...
07/07/2025

Yon mès rekwiem te chante nan Palè Nasyonal an memwa Prezidan Jovenel Moïse

Seremoni an te dewoule nan yon anbyans plen diyite ak emosyon, selon yon nòt ofisyèl Presidan Repiblik la. Divès otorite te prezan, tankou manm Konsèy Prezidansyèl Transisyon an (KPT), Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, ak kèk lòt envite ofisyèl.

4 lane aprè zak odye sa a, Repiblik Dayiti kontinye onore memwa Prezidan Jovenel Moïse epi reafime angajman li pou valè demokratik ak repiblikèn yo.

Se te yon moman refleksyon sou lavi ak eritaj Prezidan Moïse, pandan peyi a kontinye ap chèche jistis sou asasinay li.

Address

Bình Chánh
Hồ Chí Minh

Telephone

+50936125947

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when RADIO S-Rood FM posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to RADIO S-Rood FM:

Share