
17/09/2025
91 Demokrat nan Kongrè a mande yon jij pran yon desizyon an favè resòtisan ayisyen ki gen TPS yo.
Lendi 15 Septanm 2025, Senatè Edward J. Markey (D-Massachusetts) ak Reprezantan Sheila Cherfilus-McCormick (D-Florid), mete ak 89 lòt lejislatè, anonse yo depoze yon dokiman, amicus curiae, nan Tribinal premye enstans Columbia nan plent ki opoze Lesly Miot ak admistrasyon Trump la. Dokiman sa ki se yon petisyon an ki konteste desizyon administrasyon Trump vle pran pou l mete fen nan Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou resòtisan ayisyen yo.
Lejislatè yo mande tribinal la pou l bloke aksyon administrasyon Trump pou l pa mete fen nan pwogram nan TPS la. Nan petisyon an, yo fè konnen si yo mete fen nan pwogram TPS la "li ap parèt tankou yon trayizon parapò ak pwomès Etazini te fè, e ki pap nan enterè ameriken.
Nan fen anons la, Senatè Markey mete aksan sou sitiyasyon ki ap deteryore an Ayiti aktyèlman. kote li di, "Kriz imanitè an Ayiti a grav anpil e l ap vin pi mal, e sitwayen ayisyen ki gen TPS yo pa ka retounen lakay yo an sekirite."
Depite Cherfilus-McCormick, ki reprezante 20yèm Distri a nan Sid Florid, pale klimenm de angajman pèsonèl li nan pwoblèm sa a: “Pèsonèlman, mwen konprann kijan TPS enpòtan pou fanmi k ap kouri kite kriz aktyèl la ann Ayiti [...] Mwen fyè pou m sipòte Senatè Markey ak defansè pwoteksyon Ayisyen yo. Sa a se pa sèlman yon pwoblèm politik; li konsène lavi moun. M ap kontinye goumen pou yon sistèm imigrasyon ki jis e ki gen konpasyon ki pwoteje dyaspora Ayisyen an.”
Nan demann yo a, lejislatè yo mete aksan sou kòman ayisyen ki gen TPS yo “ kontribye anpil nan lavi ekonomik, sosyal ak kominotè yo” isit Etazini . Yo te mete aksan sou kontribisyon ayisyen yo non sèlman nan sektè kle ekonomi an, men tou nan lavi sivik ak kiltirèl Etazini.
Amicus curiae a avèti ke deportasyon an mas administrasyon Trump la ta mete sekirite ak entegrite fanmi yo an danje, separe paran yo ak pitit yo, epi prive kominote lokal yo de travayè esansyèl.