Radio Télé Visionnaire

  • Home
  • Radio Télé Visionnaire

Radio Télé Visionnaire Radio Tele Visionnaire is an online radio and TV station broadcasting from Fl, provides 24/7 news

Radio Tele Visionnaire is an online radio and TV station broadcasting from Orlando, Florida. The station provides 24/7 news and information content through multiple platforms. We invite you to subscribe to our YouTube channel and follow us on Facebook. You can also download our applications on Roku TV, Amazon TV, Apple TV, and the Google Play Store

23/10/2025

Elèv Lise Jean-Marie Vincent yo desann nan lari pou reklame pwofesè. Pandan mouvman an, yo rache baryè yon lekòl, sa ki lakoz tansyon nan zòn nan.

23/10/2025

MWEN REVE POU AYITI GEN YON KLAS POLITIK AK ENTÈLEKTYÈL NAN PEYI A.

23/10/2025

Gwo deblozay pete nan Pakè Jeremi pandan jijman John Cadafy Noel; odyans lan te repòte. Tout plenyan ki te nan dosye a ejiste, epi yon lèt klè ki mande lage jounalis la.

22/10/2025

Ala koze! Ti Youri tounen byen ak ansyen Senatè Youri; li fè konnen yo se papa ak pitit. Li tou anonse depi ap gen eleksyon, li pral kandida pou eleksyon an.

22/10/2025

Apre yon seri sanksyon ki te pran kont yo, ansyen senatè Youri Latortue ak ansyen senatè Joseph Lambert debake nan Lakou Dapèl Pòtoprens pou reponn kesyon devan jij.

22/10/2025

🇺🇸 Nan Los Angeles, yon operasyon imigrasyon vire an trajedi apre yon echanj kout zam kite yon ajan federal ak yon imigran blese.
🇮🇱 Nan Mwayen Oryan, Vis Prezidan JD Vance ap eseye kenbe lapè frajil ant Hamas ak Izrayèl pandan Gaza ap soufri.
🏛️ Pandan sa, shutdown gouvènman ameriken an ap antre nan 4yèm semèn li — dè milyon Ameriken pèdi èd manje, e fanmi yo pa konnen kisa k ap vini apre.
💬 Trump ap mande Repibliken yo rete fèm kont Demokrat yo
🪖 National Guard ka rete nan Washington D.C. jiska 2026 — e sa leve gwo kesyon sou libète ak pouvwa federal.
🏙️ Nan New York, yon gwo raid federal sou Canal Street mete imigran ak ti machann yo anba presyon.
🇯🇵 Japon ap fè listwa! Sanae Takaichi vin premye fanm Premye Minis nan peyi a.
💰 Epi Ozetazini, laj retrèt Social Security ap monte rive 67 an — yon nouvèl ki fè anpil moun fristre.

22/10/2025

90% NAN LATIBONIT, BANDI KOKORAT SAN RAS KONTWOLE. KISA LETA AYISYEN AP FÈ MENM POU RETABLI LAPÈ NAN PEYI A?

22/10/2025

Radio Tele Visionnaire LIVE

21/10/2025

Jij federal yo sispann gwo revoke nan Depatman Enteryè a,
pandan Prezidan Trump ap menase voye twoup nan San Francisco malgre opozisyon lokal yo.
Nan Portland, tribinal apèl bay Trump yon viktwa legal — men sa relanse deba sou pouvwa federal kont dwa eta yo.
Pandan goverman a toujou femen, plis pase 42 milyon Ameriken riske pèdi asistans manje SNAP,
e milyon fanmi ap fè fas ak difikilte pou jwenn swen sante.
Nan Chicago, Jij Sara Ellis mande eksplikasyon sou itilizasyon gaz lakrimojèn kont manifestan yo.
Sou plan entènasyonal, Trump ap pouse Ikrèn pou bay Larisi zòn Donbas pou fini ak lagè a,
men Prezidan Zelenskyy refize, e alye oksidantal yo vin pi enkyè.
Menm lè sa, Trump deklare enflasyon “fini” — men pèp ameriken toujou ap batay ak pri manje, kay, ak elektrisite.

21/10/2025

PÈP AYISYEN TELMAN PA NAN MOND SA, MENM YON BON DESIZYON KI TA BON POU YO, YO PA KA PRAN!

21/10/2025

Boukante Lapawòl ak Guerrier Henri–LIVE sou Radio Télé Visionnaire

20/10/2025

Nan Chicago, yon operasyon ICE nan yon bilding ki kraze bay kè sote— imigran ak sitwayen ameriken te arete nan move kondisyon, e sa leve gwo kòlè nan kominote a.
Nan Karayib la, lame ameriken frape yon bato yo sispèk ki t ap pote dwòg pou rebèl Kolonbyen yo, sa fè tansyon monte ak Kolonbi ak Venezyela.
Nan Ikrèn, Prezidan Volodymyr Zelenskyy ap rele pou plis sipò apre Etazini pa t dakò pou l voye misil, pandan bonm ris ap kraze plis vil nan peyi li.
Nan Los Angeles, gwo manifestasyon “No Kings” yo ki te kòmanse pasifikman vire an dezòd ak gaz lakrimojèn, arestasyon, e apèl pou plis mouvman atravè peyi a.
Nan Gaza, èd imanitè toujou bloke pandan Izrayèl ak Hamas ap blame youn lòt pou kò otaj yo, e Nasyonzini di rekonstriksyon Gaza a ka koute plis pase 70 milya dola e pran plizyè dizèn lane.
Premye minis Netanyahu deklare lagè a pap sispann jiskaske Hamas depoze tout zam li yo, e sa kite pèp Gaza a nan plis soufrans ak enkyetid.
Nan Etazini, yon imigran san nasyonalite bloke nan prizon ICE, pandan fanmi li ap batay pou evite depòtasyon nan yon peyi ki pa rekonèt li.
E pandan tout sa ap pase, pèp ameriken an ap santi plis presyon ekonomik — pri manje, kay, ak gaz ap monte, e moun yo pè pou lavni ekonomik peyi a.

Address


32805

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Radio Télé Visionnaire posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Radio Télé Visionnaire:

  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share