20/02/2025
📌Se responsab Depatman Sekirite Enteryè Ameriken an,🇺🇸Kristi Noem ki anonse sa nan yon videyo piblisite li pataje sou rezo sosyal yo. « Map anonse yon kanpay piblisitè nasyonal, e entènasyonal ki koute plizyè milyon dola, pou nou avèti etranje ilegal yo kite peyi nou an kounya menm », se sa Kristi deklare. Nan videyo 1 minit sa a, #1 DHS la di, si migran ilegal yo pa kite, yap fè fas a depòtasyon, e yo pap ka tounen Etazini ankò. « Se yon avètisman fò nou voye bay etranje ilegal kriminèl yo, pou nou di yo pa vini Amerika. Si yo vini, nap trake yo, epi depòte yo », pawòl Kristi Noem | LSV