18/11/2025
🔥 FLANM VÈTYÈ – KONFERANS DEBA 🔥
Ernso BAPTISTE, Sosyològ ap alonè aswè a nan kad gwo aktivite "Flanm Vètyè" ki ap dewoule nan Fresh Room Bar. Se ap okazyon pou nou tande bon jan analiz sou batay zansèt nou yo, eritaj istorik nou, ak angajman jodi a pou libète ak diyite. Se pa sèlman yon deba, se yon reyinyon konsyans, yon rankont ant jenerasyon ki kwè nan valè nasyonal yo. Vin pote refleksyon w, tande vwa lòt jèn tankou ou, epi mete limyè sou tan pase ak avni nou!
Pa bliye gwo tonton pwogram sa a ap pote pou ou bon jan anbyans pou kò w ak lespri w.
Bèl dekò; Bon jan animasyon ak DJ Welcome, T-Desir, Hotkens san bliye DJ Black Donny; bèl atis lokal tankou Caz, Kerso LAFLEUR, Alex FORTILUS… Divès kalite bwason (wonm, byè, wiski, diven…). Fòk nou di tou aswè a se jou desizif pou kalifikasyon seleksyon ayisyèn nan pou mondyal 2026 la, yon match ki ap an dirèk sou radyo San Triye 91.1 ansanm ak tout lòt platfòm San Triye yo. W ap ka viv match la san manke yon kout siflè depi stad Fresh Room Bar a.
Antre gratis ti cheri. Vini bèl, pwòp epi santi bon! Yon aktivite sèn nan yon bèl espas pou epanouyi w, ann fè l ansanm!