Jacmel 24 News

  • Home
  • Jacmel 24 News

Jacmel 24 News Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Jacmel 24 News, Media/News Company, .

06/10/2025

47 , se kantite prizonye mouri nan prizon Sivil Jakmèl la soti oktob 2024 pou rive 4 oktob 2025 la dapre Prezidan òganizasyon Dwa Moun Sosyete Makaya, Jean Jeudy, ki te pale ak laprès lendi 6 oktob 2025 la nan okazyon ouvèti ane jidisyè a. Pou detansyon prevantiv pwolonje a gen 806 prizonye nan prizon sivil Jakmèl la; ladan yo 74 kondane ak 732 an detansyon prevantiv pwolonje. Li mande pou sa ki an detansyon prevantiv trè pwolonje yo pou dosye saa yo trete rapidman pou yo ka jije.
Ann tande l.

06/10/2025

Diskou Dwayen tribinal premye enstans jakmèl la, mèt Aumereau Lainé nan okazyon seremoni ouvèti ane jidisyè 2025-2026 la, lendi 6 oktòb 2025 la nan sal odyans palè Jistis la.

06/10/2025

Diskou komisè gouvènman pakè jakmèl la , mèt Lionel Constant Bourgouin nan okazyon seremoni ouvèti ane jidisyè 2025-2026 la , lendi 6 oktòb 2025 lan , nan palè Jistis Jakmèl la.

06/10/2025

Nan kad seremoni gradyasyon UNASMOH dimanch 5 oktòb 2025 lan, Rektris inivèsite a , Dr florise Dossous remèt plizyè plak onè ak loreya nan ckak pwomosyon yo.

06/10/2025

Diskou batonye lòd bawo avoka jakmèl yo , mèt Agella Ternela nan okazyon ouvèti ane jidisyè 2025-2026 la, lendi 6 oktòb 2025 lan, nan sal odyans tribinal premye enstans la.
Ann tande l.

Touswit aprè mès la, aktivite yo tal kontinye nan tribinal sivil Jakmèl, kote, Dwayen tribinal Premye Enstans la (TPI), ...
06/10/2025

Touswit aprè mès la, aktivite yo tal kontinye nan tribinal sivil Jakmèl, kote, Dwayen tribinal Premye Enstans la (TPI), Magistra Aumereau Lainé soulinye pandan ane jidisyè 2024-2025 anpil dosye pase, 73 òdonans référé, 214 desizyon afè sivil pou afè pénal 510 dosye, 350 transfere devan kabinè denstriksyon, 280 afè penal, plis pase 1427 dosye ap soufri nan jiridiksyon an. Se karans pèsonèl jidisyè ki anpeche bon fonksyonman tribinal la, 510 jijman rann nan tout matyè ane a malgre kondisyon difisil, pandanl di gen karans pèsonèl jidisyè nan tout jiridiksyon an. Plizyè tribinal depè sou depatman gen sèlman yon jij, sitiyasyon jistis la ap fonksyone jistifye vyolasyon dwa jistisyab yo.Tribinal la ap tann kolaborasyon nouvo Batonye a mèt Agella Ternela pou yon bòn distribisyon jistis la nan depatman an.Gen ijans pou dote tribinal la magistra ak grefye konpetan.

Komisè gouvènman pakè jakmèl la mèt Lionel constant Bourgouin drese bilan ansanm dosye pakè a trete pandan ane jidisyè a, 1200 manda damne, 300 manda depo, 85% prizonye nan detansyon pwolonje swa plis pase 600. Detansyon ak kondisyon kaseral prizon an vrèman pwoblematik, malgre pwopozisyon pakè a ak minis lan anyen pa fèt. Pandanl egzòte sibtiti komisè yo pou respekte pwosedi ak respè moun ki nan detansyon prevantiv yo. Komisè Bourgouin mande direktris polis sidès la toujou respekte epi aplike tout desizyon jistis dwe repons jidisyè pi rapid epi fèm Kont tout volè tè nan jiridiksyon an.

Batonye lòd bawo avoka sidès yo mèt Agella Ternela nan diskou sikonstans li, li di avoka yo dwe jwe wòl defansè jistisyab yo kèlkeswa kouch sosyal. Moman rive pou konfyans restore nan sosyete a e se moman pou l te swete kouraj ak batonye Marc Dala Joseph ki arete epi ki fèmen nan prizon depi 2 lane. Mèt Ternela di tou yap travay an kolaborasyon avèk otorite jidisyè se pandan yap kontinye respekte lalwa epi defann libète avoka jakmèl yo e jistisyab yo pa dwe ap soufri, jistis la dwe bay nan delè lakwa . Se te okazyon pou Batonye lòd la bay sètifika ak merit ak tout manm konsèy elektoral kite òganize eleksyon nan bawo a.

Jacmel 24 News

Pou make ouvèti ane jidisyè 2025-2026 la, yon mès aksyon degras swivi detedeyòm chante nan sal polivalant dyosèz jakmèl,...
06/10/2025

Pou make ouvèti ane jidisyè 2025-2026 la, yon mès aksyon degras swivi detedeyòm chante nan sal polivalant dyosèz jakmèl, lendi 6 oktòb 2025 la. Mès sila a
Selebre an prezans otorite jidisyè ak polisyè, Avoka, notè ak apantè epi reprezantan òganizasyon sosyete sivil sidès. Selebran prensipal mès la, reveran Pè Harry Frantz Étienne Joseph egzòte otorite jidisyè yo bay jistis ak moun ki merite jistis, pratike onètete ak entegrite atravè systèm jidisyè a.pandanl montre enpòtans lajistis nan yon sosyete sitou kote gen anpil enpinyite.
Jacmel 24 News

Un joyeux anniversaire à notre consœur Méglana Jean née un 06 octobre.Elle est Journaliste reporter de Canal 1ère Média ...
06/10/2025

Un joyeux anniversaire à notre consœur Méglana Jean née un 06 octobre.
Elle est Journaliste reporter de Canal 1ère Média TV, Journaliste Présentatrice de la Radio Hosanna, Correspondante Radio Télé Uni à Port Au Prince, Correspondante Haïti de la Radio Télé Miracle USA .

06/10/2025

Plizyè moun ap plenyen pou ponpis kap van gaz nan ponp Joël khawooly sou wout st-cyr bò avyasyon an ki pran plezi yo bay moun kout fo ponp. Yèswa mw pran nan ko

Ti pitit sa rele Esther Fils-Aime yo jwenn li nan lari pou kol kap sot lkl moun ki met li pase rekiprel nan komisarya ja...
06/10/2025

Ti pitit sa rele Esther Fils-Aime yo jwenn li nan lari pou kol kap sot lkl moun ki met li pase rekiprel nan komisarya jakmel la
Yo jwenn li zone Morne St Thérèse
Bonè konsa pou paran yo kòmanse lage timoun yo.
Fe mesaj la pase.

06/10/2025

Otorite yo nan aparèy jistis la ap antre nan sal polivalant dyosèz jakmèl la pou asiste ak mès aksyon gras pou ouvèti ane jidisyè 2025-2026 la.

06/10/2025

Etidyan UNASMOH yo ap chante chan inivèsite a.

Address


9110

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Jacmel 24 News posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share