24/02/2026
11e Edisyon
Gen evènman ki fèt pou distrè, genyen lòt tou ki fèt pou raple nou kiyès nou ye, kote nou soti, orijin nou.
jan nou toujou di'l lan pa senpleman yon fèt, li se yon zak memwa,yon zak patriyotis, yon zak konsyans, yon zak lanmou kolektif ki san parèy.
Nan 11e edisyon sila, PopilèYo pa sèlman vle leve koulè ble ak wouj la pou raple nou senbòl linite nou men pito mete drapo ayisyen an nan sant refleksyon nou kòm yon vektè esansyèl patriotis, kilti, ak inite. Drapo a pa selman yon moso twal, li se rezime listwa nou, sakrifis nou, kontradiksyon nou, ak espwa nou…
Nan yon epòk kote dezinyon, kriz, ak dout ap kankannen nasyon an, Bikòlò Lakay chwazi fè opoze a: li vle rasanble, konekte, Rekreye. Li vle raple nou malgre diferans sosyal, politik, oswa jenerasyonèl yo, gen yon siy ki depase nou tout, ki ini nou tout.
Bikòlò Lakay se yon espas kote kilti pa sèvi kòm dekorasyon, men pito kòm fondasyon. Mizik, atizay, prezans popilè, enèji lari a tout sa vin tounen yon gwo afimasyon: Ayiti pa redwi a kriz li yo selman, li se tou fyète , kreyativite, rezistans…
11 lane se pa yon aza, se prèv pèsistans, rezilyans, fòs ak kouraj. Se prèv angajman, se prèv ke lè yon vizyon kole nan rasin li, li ka travèse tan, lespas ak anpil jenerasyon.
rive konprann ke patriotis pa fèt sèlman nan diskou men tou li konstwi nan rasanbleman, li viv nan aksyon. Li pran sans lè pèp la wè tèt li, tande tèt li, epi selebre tèt li.
Bikòlò Lakay se pa sèlman selebrasyon drapo a,se selebrasyon konsyans nasyonal la.
Ann reflechi: Si nou ka ini pou onore drapo a, poukisa nou pa ka ini pou rebati sa li reprezante?
Ble ak wouj la pa toujou mande emosyon pasajè men tou li mande responsablite.
Ansanm, Ansanm, ann rebati konsyans popilè an!!!