Journal le Stylo

  • Home
  • Journal le Stylo

Journal le Stylo Informer le grand public sur des points saillants de l'actualite specialement celle de la formation professionnelle en Haiti

*Repenser Haïti, c’est repenser le créole, affirme le professeur Toussaint Hilaire*
29/10/2024

*Repenser Haïti, c’est repenser le créole, affirme le professeur Toussaint Hilaire*

Repenser Haïti, c’est repenser le créole, affirme le professeur Toussaint Hilaire Société

KOJEPA mande Gouvènman pou mete kazèn nan tout pwen fwontalye yo nan kad rapatriman konpatriyòt nou yo KOJEPA ki se Kowa...
17/10/2024

KOJEPA mande Gouvènman pou mete kazèn nan tout pwen fwontalye yo nan kad rapatriman konpatriyòt nou yo

KOJEPA ki se Kowalisyon Jenn Pwogresis Ayitien salye alawomnnbadè tout Ayitien k ap nan peyi a e aletranje pandan l ap kondane ak tout fòs li eta rasis prezidan dominiken an kote mouche sa pa janm sispann maltrete Ayitien k ap viv Sendomeng. Konsa, se chak jou dwa konpatriyòt nou y opa sispann vyole. E sak pi mal la prezidan sila pran yon dènye desizyon pou rapatriye 10.000 Ayitien chak semèn ki gen ladan yo : fanm ansent, fanm ki fèt akouche e menn timoun 2 ane. KOJEPA kondane vye konpòtman sa e mande Otorite pa bò isit pou yo deklare anbasadè dominiken persona non grata sou teritwa ayitien an pandanke selon prensip resipwosite rapatriye tout dominiken k ap viv Ayiti.
KOJEPA ap voye yon mesaj klè bay Premye Minis peyi a, Minis Defans la ak Chanselye a jis pou anrejistre epi ankadre tout moun ki twouve yo nan sitiyasyon sa aepi plase yon kazèn nan chak pwen fwontalye yo pandan ke Jeneral Lame a ap kantone o mwen 50 Militè nan kazèn sila yo. Anplis, KOJEPA ap pwofite voye yon gwo kout chapo pou PM Garry Conille ki sipòte Madam Dominique Dupuy antan ke Minis zafè etranje peyi-a, yon fanm ki gen karaktè epi ki konpetan.

Alberna Josil
Relasyon piblik

KOJEPA mande Gouvènman an pou mete kazèn nan tout pwen fwontalye yoKOJEPA ki se Kowalisyon Jenn Pwogresis Ayitien salye ...
12/10/2024

KOJEPA mande Gouvènman an pou mete kazèn nan tout pwen fwontalye yo

KOJEPA ki se Kowalisyon Jenn Pwogresis Ayitien salye alawomnnbadè tout Ayitien k ap viv nan peyi a e aletranje pandan l ap kondane ak tout fòs li eta rasis prezidan dominiken an kote mouche sa yo pa janm sispann maltrete Ayitien k ap viv nan Sendomeng. Konsa, se chak jou dwa konpatriyòt nou yo pa sispann vyole. E sak pi mal la prezidan sila pran yon dènye desizyon pou rapatriye 10.000 Ayitien chak semèn ki gen ladan yo : fanm ansent, fanm ki fèk akouche e menn timoun 2 ane. KOJEPA kondane vye konpòtman sa e mande Otorite pa bò isit pou yo deklare anbasadè dominiken an persona non grata sou teritwa ayitien an pandanke selon prensip resipwosite rapatriye tout dominiken k ap viv Ayiti.
KOJEPA ap voye yon mesaj klè bay Premye Minis peyi a, Chanselye a, Prezidan CPT a jis pou anrejistre epi ankadre tout moun ki twouve yo nan sitiyasyon sa a epi plase yon kazèn nan chak pwen fwontalye yo pandan ke Jeneral Lame a ap kantone o mwen 50 Militè nan kazèn sila yo.

Alberna Josil
Relasyon piblik

12/10/2024

*Yon Fòmasyon pwofesyonèl ini anba yon lidèchip eklere, pòt sòti pou yon devlòpman total kapital*

*Piibliye 12 oktòb 2024, Le National**

Ruben Sanon

Nan peyi Ayiti lè yon moun ap fè jefò, li difisil anpil pou l jwenn ankadreman. Se tèlman vre, lè yon entèlektyèl reflechi epi pwodwi yon bon travay olye pou responsab yo nan Leta a ta ba l kout men, yo pito fè tankou yo pa wè l. Nan menm lide sa a, nou koumanse pran ekzanp de valè ti jeni Leta pa ankadre nou pa ta janm fini atik sila : tankou, premye fabrikatè otomobil Ayitien aprè plizyè lanne li dekouraje paske mèt peyi yo pa mande l sa l pot pou vann, jouk tan yon antrepriz Etazini prann l. Dezyèmman, sa gen anviwon 3 lanne gen yon jenn gason kite fabrike yon elikoptè men mouche Leta pa voye je gade l paske se pa sa kite yon priyorite pou li, jouk tan vwazen k'ap maltrete Ayitien pase tout lòt peyi sou tè a pase men pran l.

Ki peyi ki ka devlope san yon Fòmasyon pwofesyonèl ini epi solid, an menm tan ki chita sou reyalite pa li ?
Pyès peyi sou latè beni p'ap ka devlope si sektè Fòmasyon lakay li pa djanm epi akse pi plis sou byen ak materyo ki disponib nan peyi a, kote responsab yo ka itilize yo a pi ba pri ke yon seri lòt k ap soti nan lòt peyi. Anplis, depi'w pale de devlopman ou dwe wè 3 wòch dife sa yo, ki se: Jistis, Sekirite (Lame, Polis) epi Fòmasyon.

Kijan sektè Fòmason pwofesyonèl la ka vanse alòske pa gen yon lidèchip eklere nan tèt li ?
Malerezman se yon reyalite zafè Fòmasyon pwofesyonèl nan peyi a, mizapa MENFP gen omwens senk (5) lòt Ministè ki enplike ladan l. sa vledi ke, tout enstans yo ap regle ti fòmasyon pa yo, jan yo vle, kote yo vle epi lè yo vle.

Kisa dirijan sektè sa ofri peyi a souple ?
Èske dirijan sila yo pa reflechi pou poze tèt yo kesyon pou di : Kisa mwen reyalize nan Fòmasyon pwofesyonèl peyi a ? E ki tip fòmasyon ke nou bay jenn fi ak jenn gason yo pou itil sosyete a ?
Oubyen lè yon teknisyen diplome plonbri Ayiti, kijanli ye pa rapò ak yon lòt teknisyen ki diplome nan menm filyè sa : Sendomeng, Gwadloup, Kanada, Etazini… ?

Depi 9 oktòb 1973 kote Fòmasyon pwofesyonèl soti anba Direksyon ansèyman teknik MENFP, Leta kreye INFP, kounye a aprè 51 lanne, èske popilasyon an wè gen pwogrè ?
M'panse ke li t'ap enpòtan pou responsab INFP yo revize kaye yo jis pou wè ke wout yo pran ak sektè a pa bon. Mwen di l, mwen redi l, e mwen ekri Direktè Operasyon an, Direktè jeneral la ak Minis Edikasyon depi lanne 2020, pou'm di yo: ke li pa posib pou pa gen pwojè sòti nan Sant fòmasyon yo e sa ki pi tris la, majorite ekzamen Pratik ap fèt aloral. Men elas, pyès moun pa tande m !
Men jouk kilè n'a rive pran konsyans souple ?

Sa gen yon dizèn lanne konsa, kote Leta plis ap fonksyone nan Laprès, kote rezo sosyal yo pran dife ak yon bann bèl foto, pretekstan ke reponsab sila yo pa gen tan pou dòmi tèlman li dinamik l ap monte desann poutan se jis yon aparans, pwiske nan reyalite a popilasyon an pa prèske wè anyen valab nan je yo ki reyalize.
Franchman, m'panse ke pratik sa ta dwe kanpe paske li pa pote anyen ki pozitif. Nan sans sa a ban'm pran 3 ekzanp pou'm ilistre tip de vilgarizasyon sila : premyeman te gen yon Direktè jeneral nan Imigrasyon, nan lanne 2000 yo, sou rèy sitwayen sa Imigrasyon te youn nan enstitisyon ki t'ap pi byen mache nan peyi a kote Leta retire l nan pòs la vin gen yon vid.
Lòt ka ann pran ekzanp 2 Majistra nan tèt 2 Meri diferan nan Lwès peyi sou, youn nan yo toujou ap pale nan Laprès, fè foto elatriye men lè ou gade eta Komin li ye a, wout kraze, fatra se tèt chaje. Tandiske lòt Majistra a pa janm pale nan Laprès, pa janm gentan pou inogirasyon wout elatriye... men fòk yon moun ta mechan anpil pou di li pa travay. Se sa'l reyalize yo k'ap pale pou li.
Kidonk, èske Fòmasyon pwofesyonèl pa merite yon moun non sèlman kifè prèv li nan sistèm nan men tou, akote kredibilite ak konpetans li, pa ti bat kò (m’as-tu vu ?) jis pou'n ka vanse ?

Zanmi lektè m yo, sak anpeche responsab sektè sila a valorize lang kreyòl la pou fasilite bonjan anprantisaj nan Sant fòmasyon yo ?

Jan tout moun avize ka konstate l, depi anviwon yon ventèn lanne peyi Ayiti ap gaspiye e Fòmasyon pwofesyonèl ki fè pati entegrant de peyi a menm jan ak anpil lòt enstitisyon pa epanye de deriv yo, kote sistèm klanik la se sèl kòk chante k ap taye banda.

Men kisa ki pou ta fèt pou leve eskanp figi Fòmasyon pwofesyonèl peyi a apre 51 lanne ?
Premyeman, fòk otorite yo fè chwa de yon pitit sistèm nan ki kredib epi konpetan pou vin inifye sektè sa ki trete an paran pòv.

Answit, lidèchip eklere sa a ap prezante yon plan pou replate sistèm nan pou rann li pwodiktif, tankou, enstore pwojè sòti pou tout aprenan k'ap diplome menm jan sa te ye 24 a 40 ane avan.

Ke pwochen Direktè jeneral INFP a pa danse kole ak ti klan, ti zanmi, ti fanmi men respekte konpetans ak karyè..

Anfen, Leta ap mete bon jan mwayen nan bidjè a (fonksyònman ak envestisman) pou Fòmasyon pwofesyonèl la, konsa, n'a priyorize seyans pratik yo sou teyori ki pa kadre ak reyali peyi nou.
Responsab ak otorite yo, balon an nan pye nou, desten peyi a nan men nou, nou ka pèmèt ke Fòmasyon pwofesyonèl la bay yon bon kout men ak peyi a pou'l ka vanse tout bon vre e menm vin konpetitif, oubyen nou ka jis kontinye gate sa nèt. Donk, sa depann de nou.

*Ruben Sanon*
[email protected]

01/10/2024
21/08/2024

CASFA
Firme d'Avocats
le choix idéal pour vos consultations en matière juridique
What : 509 3846-7208

14/06/2024

La KOJEPA salue la nomination du Professeur Antoine Augustin en tant que titulaire du MENFP

La Coalition des Jeunes Progressistes Ayitiens (KOJEPA) salue la nomination du Sociologue Antoine Augustin au poste de Ministre de l’Éducation Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP). La KOJEPA félicite le Premier Ministre Garry Conille et les Membres du Conseil présidentiel pour ledit choix. En fait, le Professeur Augustin a déjà fait ses preuves en formant durant sa carrière plusieurs générations au travers de nombreuses universités de la place et surtout avec son fameux outil « le Centre d’Éducation d’Interventions Sociales »(CEIS). De plus, Monsieur Antoine Augustin a marqué de façon positive son passage à la tête de la Direction de l’Enseignement Secondaire (DES). Donc, vu le caractère, la capacité, les expériences, le savoir-faire et le sens de responsabilité de Monsieur Augustin sans oublier sa fougue dans le domaine de l’Éducation en Haïti, la KOJEPA profite pour conseiller au nouveau Ministre de continuer d’implémenter les bonnes décisions de ses prédécesseurs et voir dans quelle mesure que l’enseignement pourrait se faire en créole même quand pour l’instant la majorité de nos manuels sont en français.

Déjà, la KOJEPA vous souhaite bon travail !

Pour le Comité directeur de la KOJEPA

Alberna Josil
Responsable des Relations publiques

14/06/2024

Asosiyasyon En Route vers la Technique (ETECH) prezante kondoleyans ak fanmi, Kòlèg epi zanmi Enspektè Joachin

Asosiyasyon En Route vers la Technique (ETECH) ak journal Le Stylo aprann ak anpil tristès nouvèl lanmò Enspektè divizyonè Joachin Antoine 12 jen pase-a , yon Polisye modèl ki t ap fè yon travay san parèy anndan fòs Polis la.

Se nan menm lide sila-a, jou ki te mèkredi 17 me 2023 a, nan onzyèm edisyon lonè ak merit Asosiyasyon En Route vers la Technique (ETECH) responsab yo te onore Enspektè Joachin pou bon travay ak tout sèvis li rann sosyete-a. paske mesye Joachin pat konn ni fè nwa, ni lapli, ni labou nan kad travay li.
Konsa, Asosiyasyon En Route vers la Technique (ETECH) prezante kondoleyans li ak fanmi l, zanmi l epi ak tout manm nan Polis Nasyonal la k ap fè yon travay pozitif pou avansman Ayiti.

Nan nivo ETECH, nou p ap janm bliye Enspektè Joachin paske se youn pami anpil lòt valè ke asosiyasyon an onore. Nan sans pou nou ankouraje sa ki bon epi onore memwa Enspektè-a, Asosiyasyon En Route vers la Technique (ETECH) ap rekòmande ak wo eta majò Polis la pou li batize pwochen pwomosyon Polis la oubyen yon Inite nan Polis la « JOACHIN ANTOINE ».
depi kounye-a ETECH ap di mèsi pou swivi wo eta majò-a.

Ke Bondye konsole kè aflije yo eke nan m defen-an repoze an pè !

Pou komite-a :

Ruben Sanon
Prezidan ETECH

La KOJEPA salue la nomination de Monsieur Garry Conille à la tête de la primature La Coalition  des Jeunes Progressistes...
29/05/2024

La KOJEPA salue la nomination de Monsieur Garry Conille à la tête de la primature

La Coalition des Jeunes Progressistes Ayitien (KOJEPA) salue la nomination par le Conseil Présidentiel de Transition (CPT) Monsieur Garry Conille à la tête de la primature. Comme nous le savons tous, les défis sont de taille, vu la situation chaotique que traverse le pays depuis un bon bout de temps. En effet, KOJEPA espère que M. Conille sera à la hauteur de sa tâche en formant un gouvernement technocrate avec un large consensus en vue de répondre aux problèmes les plus urgents de l’heure. À titre d’exemple : l’insécurité, la mauvaise état de nos routes, l'appareil judiciaire et la création d’emplois etc.
Déjà, la population compte sur vous,
Bon travail et que Dieu vous protège !

Alberna Josil
Resp. Relation publique

Address


Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Journal le Stylo posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

  • Address
  • Alerts
  • Claim ownership or report listing
  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share