04/03/2026
Jenn gason sa yo arete a rele Janel Louissaint, jwèt non li se Tiga, li se tonton 2 timoun ki te mouri yo bò kot papa, yè Lendi 2 Mas 2026 la,Lapolis nan komisarya Ansagalè arete misye kòm moun ki asasinen Wilandia ak Wisberlanchise, 2 ti adolesan sa yo te jwenn lanmò yo ant 18 a 19 fevriye nan Kafou Dèl.
Selon sa nou jwenn maten an nan konvèzasyon ak fanmi an , Tiga ta resevwa 20,000 mil dola nan men yon dyaspora pou retire lavi timoun sa yo kòm revanj. Poukisa revanj sa?
Selon sa Roselore kise manman timoun yo ak grann nan te di nan live mwen an, sa genyen 2 a 3 lane Roudson Louissaint papa 2 timoun yo ki se frè Tiga te touye yon moun nan yon vèy Boukan Lama sou zòn fon plezi, epi li mawon.
Daprè sa youn nan fanmi an di nou maten an, moun papa a te touye a gen yon pwòch li ki peye biyè Davyon avanyè la tou espre soti Etazini🇺🇸, vin bay Tiga 20,000 mil dola pou retire lavi timoun yo kòm kwa son revanj. Epi le landemen misye pran avyon li tounen 🇺🇸
Grenn bagay nap mande Lajistis kesyone Tiga eske li pa konn kote frèl la ye, li konnen byen kot frèl la kache , pksa se pat frèl la li tal touye nan plas timoun yo.
Nèg ki bay lajan an , m deja konn nonw .
frè Tiga a, m deja konn kotew ye, ki pa twò lwen ak Muscadin. Map tann Tiga al reponn kesyon lajistis avan poum devwale zòn kot frèw la ye a .Men si lajistis bay Tiga 2 a 3 pataswèl lap bay tout detay sa yo.
Selon sa fanmi an dim ankò, se jodi Madi 3 Mas la antèman timoun yo ap fèt, se lameri ak fanmi an ki arive fè antèman an.
Vandredi nou kapab genyen manman an ak grann nan ankò nan live la, ret branche
kredi post:cho pam nèg abòne