23/12/2025
ROYAL PROMO PLUS MULTIMÉDIA
#4, Rue Cantave, Delmas 75
Tèl. : (509) 3196-4511 / 3883-0821 / 3408-1869 / 3598-5593 / 3487-948
E-mail : [email protected]
Pòdepè
*Yon brigad siveyans ap fonksyone lannuit pou pwoteksyon popilasyon an*
Nan kad efò pou amelyore sekirite sitwayen yo, Royal Promo Plus Multimédia te mennen yon ankèt sou kesyon sekirite lanwit nan vil Pòdepè, apre plizyè plent ak enkyetid ki te leve nan mitan popilasyon an.
Apre plizyè apèl ak tantativ pou jwenn komisè JEIR sou kesyon egzistans yon brigad siveyans lanwit nan vil pòdepè
Tantativ ki pat janm ka abouti
nou te pran responsabilite nou mennen pwòp ankèt pa nou sou teren an.
Ankèt la pèmèt nou konfime ke gen yon brigad siveyans ki fonksyone lanwit nan vil Pòdepè, sou zòd komisè gouvènman JEIR Pierre. Brigad sa seyon goup sitwayen ki pote tet yo volontè ppu proteje vil la e ki gen pou misyon asire sekirite popilasyon an pandan lè lanwit, nan yon kontèks kote zak ensekirite yo ap ogmante.
Objektif prensipal brigad la se siveye epi konbat vòlè ak bandi kap opere lanwit, moun kap kase kay sitwayen yo, atake depo komèsyal, vyole fanm, epi vòlè telefòn ak lòt byen moun pandan lanwit.
Inisyativ sa a vini kòm yon repons fas ak enkyetid popilasyon an, e li reprezante yon pa enpòtan nan batay kont ensekirite nan vil Pòdepè a dapre anket nou
Sepandan, anpil sitwayen espere efò sa yo va ranfòse, vin pi vizib, epi pi efikas pou garanti lapè ak sekirite tout moun.
Royal Promo Plus Multimédia kontinye angaje li pou enfòme popilasyon an avèk responsabilite, transparans ak pwofesyonalis.
Lesly Romond
Jounalis