12/02/2026
Pibliye nan Madi 10 Fevriye 2026, klip videyo sa a make yon nouvo etap nan karyè atis la. @
Loutchina Music
Nan mizik “Moun Pa Konn Renmen Konsa” (MPKRK), atis la pa sèlman chante yon relasyon .
Li prezante lanmou kòm yon evènman sakre. Depi nan premye vès yo, atmosfè a klè: sa pa yon istwa òdinè, se yon selebrasyon espirityèl.
“Tout syèl la pran aklame
BonDye pran san l lap gade”
Imaj sa yo mete relasyon an nan yon dimansyon sakre. Lanmou a pa prezante kòm yon aza, men kòm yon plan divin. Referans a Adan ak Èv ranfòse lide orijin, inosan, ak destine.
MPKRK prezante lanmou kòm yon gras, pa yon senp emosyon.
“Ou se priyè, m pat konn pou m fè a” montre yon relasyon ki vini tankou repons yon bezwen pwofon.
“Moun pa konn renmen konsa” mete aksan sou rarite li.
Yon lanmou modèn, men toujou anba pwoteksyon Bondye.
“MPKRK” prezante lanmou kòm yon eksperyans ra, sakre, epi transfòmatè.
Atravè imaj biblik, metafò emosyonèl, ak yon ton selebrasyon, mizik la montre kijan yon relasyon ka vin pi gwo prèv benediksyon nan lavi yon moun.
Sa pa sèlman yon chante lanmou.
Se yon deklarasyon rekonesans.
Èske vrèman gen lanmou “moun pa konn renmen konsa”,
oswa se emosyon ki fè nou wè l konsa?
Like, Kòmante, Pataje 🙏🏿
✍️:Alphayou