26/11/2024
JOUNEN ENTÈNASYONAL KONT VYOLANS SOU FANM AK TIFI.
Se anba tèm: GOUMEN KONT VYOLANS SOU FANM AK TIFI, RANMASE FÒS NOU AJI. Ministè kondisyon Fanm ak dwa Fanm te deside komemore dat sa nan otèl Montana. Madam Petrica Saint Jean kise minis kondisyon fanm ak dwa fanm yo, nan alokisyon sikonstans la, pat janm rate yon segond kotel te toujou ap repete pou asistans la: "Nou tout se minis kondisyon Fanm". Yon manyè poul te kapab fè asistans la konprann koz sa se yon koz komin, el pat janm neglije raple gwo wòl laprès dwe jwe nan batay sa.
Fen de sitasyon!
Kesyon Vwadmond Le Média ap poze èske sètfwasi ministè kondisyon fanm pral pase de pawòl a zak?
Paske nou pa kapab bliye gwo eskandal kite pase nan Repiblik an Mas 2022 kote yon granmoun kannay ki rele aka kite gen 71 rekòt kafe nan epòk la te deside fè dap piyanp sou yon ti lèzanj 12 zan epi ansent li. Sak te pi tris la ti pitit la pa menm timoun ane 2000 jis poul ta konnen sak te konn ap pase nan ane fanm koloken 3 pedal. Yon deklarasyon kite montre inosans ti lèzanj la kote chak fwa pedofil la te bezwen met men souli, lite toujou ap dil yon mo lè jounalis yo te pozel kesyon li pat kapab bay repons paske li potko gen laj pou istwa sa. Malerezman malgre ti laj li, se li menm matant la te deside kondane paske daprè enfòmasyon yo kriminèl kannay la seta yon dyaspora. Sètadi grenn dola vèt la ke Fidel Castro nan vivanl te konn tretel de kansè, te gen plis valè ke ti nyès la. Daprè temwayaj yo, lajistis ki chita sou enjistis la te deside liberel aprè 5 jou. Poum te kapab kore deklarasyon madam Pedrica a, kotel te mansyone souvan chak fwa yo viktim kilpabilite a toujou tonbe sou yo, malgre souvan yo viktim kòm kwa seta yo menm kita bouwo a.
Ebyen nou menm nan près la, nou ta swete dosye sa ta refè sifas ankò pou Interpol ta bouske malandren a epi mennenl an eta poul kapab vin reponn ak pije pèn zak malonèt sa.
Yon ti rapèl jis avanm mete vwèl nan dom: kitem di nou dat 25 Novanm nan te chwazi yon manyè pou te kapab onore memwa 3 sè yo. Ebyen 3 sè sa yo kite rele , ak sete 3 militant kite konn ap goumen kont diktati fewòs ansyen prezidan Repiblik dominikèn nan, mwen vle pale nou de Rafael Trujillo te tabli nan epòk la. Malerezman diktatè ak men fè sa, te deside asasine yo nan dat kite 25 Novanm 1960 la.
Nou swete pou pa janm gen fanm k'ap milite, ki tonbe nan jan de kondisyon sa yo ankò.
Kolaboratè nou tela ann swiv kòman sa teye!
GG & VM