Eskew te konnen ?

Eskew te konnen ? Cinéma et découverte
(1)

Lè w itilize 2 chajè diferan pou chaje telefòn ou pa egzanp, youn lakay, youn nan travay sa pa nesesèman danje, men li k...
17/07/2025

Lè w itilize 2 chajè diferan pou chaje telefòn ou pa egzanp, youn lakay, youn nan travay sa pa nesesèman danje, men li ka gen konsekans sou tan. Si chajè yo pa ofisyèl oswa pa menm kapasite (ampè, vòltaj, kalite kab), sa ka afekte :

1) Dire batri a, Chajè ki pa orijinal oswa ki pa konpatib ka fè batri telefòn lan vin pi fèb pi vit.

2) Telefòn lan ka ap plede chofe, Chaje ak move chajè nan lari a ki ka lakoz telefòn lan chofe, sa ki kapab diminye pèfòmans li

3) Lent chajman, Yon chajè ki gen pi ba vòltaj ka fè chajman an pi long.

Se divès konsekans sa yo si w pa Itilize chajè orijinal oswa 2 chajè diferan pou chaje telefòn ou.

Google ajoute Android sou òdinatè pou mete fen nan ChromeOSGoogle fè yon gwo chanjman estratejik kote li deside mete sis...
16/07/2025

Google ajoute Android sou òdinatè pou mete fen nan ChromeOS

Google fè yon gwo chanjman estratejik kote li deside mete sistèm Android sou òdinatè olye li kontinye ak ChromeOS. Desizyon sa a vle di ap gen yon sèl sistèm operasyon pou telefòn, tablèt ak laptop. Sa kapab make fen epòk Chromebook jan nou te konn konnen yo. Selon Google, chanjman sa ap fè eksperyans itilizatè yo vin pi senp epi pi fleksib.

3 gwo konpayi teknoloji Microsoft, OpenAI ak Anthropic anonse yo mete ansanm 23 milyon dola pou fòme 400 000 pwofesè sou...
15/07/2025

3 gwo konpayi teknoloji Microsoft, OpenAI ak Anthropic anonse yo mete ansanm 23 milyon dola pou fòme 400 000 pwofesè sou fason pou itilize entèlijans atifisyèl (AI) nan ansèyman. Objektif la se ede pwofesè yo amelyore fason yo anseye san yo pa pèdi wòl yo kòm edikatè.

Wi, ou ka fasilman itilize telefòn entelijan ou kòm yon remòt kontwòl pou televizyon oswa lòt aparèy elektwonik lakay ou...
14/07/2025

Wi, ou ka fasilman itilize telefòn entelijan ou kòm yon remòt kontwòl pou televizyon oswa lòt aparèy elektwonik lakay ou. Pou sa, ou bezwen telechaje yon aplikasyon tankou "Android TV Remote", "Mi Remote", oswa "Universal Remote" ki disponib sou Play Store oswa App Store.

Aprè ou fin enstale app la, ou konekte telefòn ou ak aparèy ou vle kontwole a sou menm rezo Wi-Fi a. Astis sa itil anpil lè ou pa gen kontwòl li oswa remòt la domaje.

Japon fèk etabli yon nouvo rekò mondyal nan yon laboratwa soti nan 1,02 petabits pa segonn atravè 1 808 km ki fèt ak yon...
12/07/2025

Japon fèk etabli yon nouvo rekò mondyal nan yon laboratwa soti nan 1,02 petabits pa segonn atravè 1 808 km ki fèt ak yon kab fib optik 19 nwayo estanda .

Pou ka konprann pi byen :

- Se plis pase 3.5 milyon fwa pi vit pase mwayèn entènèt Ozetazini .

- Entenn sa a ta pèmèt w telechaje tout katalòg Netflix an yon sèl segonn .

- Ekip la te itilize teknoloji avanse tankou kab 19-nwayo ak sistèm amplifikasyon espesyal pou kenbe kalite pandan 1 808 km .

Men tou li enpòtan pou konprann:

Sa se yon bèl reyalizasyon teknik nan laboratwa, li poko disponib pou konsomatè .

Li plis sou montre potansyèl enfrastrikti rezo pwochen jenerasyon (tankou 6G, backbone nasyonal, kòdonn anba dlo).

Sa se rekò mondyal epi li demontre kapasite teknik enpresyonan, men li pa pratik pou itilizasyon chak jou an deyò laboratwa.

Kijan pou sove mesaj teks ou san pèdi anyen?Nan epòk dijital sa a, sove mesaj teks ou vin tounen yon nesesite, swa pou r...
11/07/2025

Kijan pou sove mesaj teks ou san pèdi anyen?

Nan epòk dijital sa a, sove mesaj teks ou vin tounen yon nesesite, swa pou rezon pèsonèl, emosyonèl oswa menm legal. E si ou pèdi telefòn ou demen?

✅ Pou Android:
🔹 SMS Backup & Restore pèmèt ou sove mesaj ou sou Google Drive oswa imèl ou
🔹 Google Messages gen opsyon backup otomatik si ou aktive li

✅ Pou iPhone:
🔹 Ou ka fè backup ak iCloud oswa iTunes
🔹 Sa fèt otomatik si opsyon lan aktive

Ti konsèy enpòtan: Tcheke regilyèman si backup yo ap mache — paske lè pwoblèm rive, li souvan twò ta.

Ou deja konn fè backup mesaj ou yo? Ou prefere sou cloud, oswa sou imèl?

A pati 15 jiyè 2025, YouTube ap sispann peye pou videyo ki fèt ak entèlijans atifisyèl (AI) si yo pa gen bon kalite, si ...
10/07/2025

A pati 15 jiyè 2025, YouTube ap sispann peye pou videyo ki fèt ak entèlijans atifisyèl (AI) si yo pa gen bon kalite, si yo repete, san sans, oswa pa pote okenn valè pou itilizatè yo. Objektif YouTube se elimine kontni ki pa gen sans, evite pwopagasyon spam, epi mete an avan bon jan kontni kreyatif. Desizyon sa a ap frape anpil kreyatè ki depann de AI pou fè videyo fasil san efò.

Trump Media & Technology Group lanse ofisyèlman platfòm televizyon li a, ki rele "Truth+", disponib atravè lemond depi 7...
09/07/2025

Trump Media & Technology Group lanse ofisyèlman platfòm televizyon li a, ki rele "Truth+", disponib atravè lemond depi 7 jiyè 2025.

Avèk Truth+, itilizatè yo ka:
- Gade chanèl an dirèk
- Aksè a kontni sou demann (on demand)
- Itilize l sou iOS, Android, ak entènèt
- Gade l sou televizyon entelijan tankou Apple TV, Roku, Amazon Fire TV, Android TV

Platfòm lan se yon ekspansyon estratejik apre Truth Social, e li sanble vize rasanble odyans ki gen sansibilite politik espesyal.

Ou ta eseye Truth+? Ou panse li ka konpetisyon ak Netflix, YouTube oswa lòt gwo platfòm yo?

Entènèt ak Intranèt se 2 teknoloji rezo ki sèvi pou pataje enfòmasyon, men yo gen itilizasyon ak fonksyon diferan. Entèn...
08/07/2025

Entènèt ak Intranèt se 2 teknoloji rezo ki sèvi pou pataje enfòmasyon, men yo gen itilizasyon ak fonksyon diferan.

Entènèt : se yon rezo mondyal, ouvè a tout moun, ki bay aksè a sit wèb, rezo sosyal, imel, ak anpil lòt sèvis piblik. Anpil moun itilize l pou aprann, kominike, ak fè biznis.

Intranèt : kontrèman, se yon rezo prive ke konpayi oswa enstitisyon itilize sèlman anndan òganizasyon yo. Li sèvi pou pataje dokiman, fasilite kolaborasyon, epi mete anplwaye yo an kontak ak enfòmasyon ki pa fèt pou piblik la.

Ki jan pou w konnen si w sibi yon atak pirataj sou rezo yo ?Nan epòk dijital sa a, pirataj tounen yon menas reyèl pou it...
07/07/2025

Ki jan pou w konnen si w sibi yon atak pirataj sou rezo yo ?

Nan epòk dijital sa a, pirataj tounen yon menas reyèl pou itilizatè entènèt. Plizyè siy ka montre w te klike sou yon lyen pirat oswa w sibi yon atak. Pami yo : aparisyon fenèt ki pa nòmal sou aparèy ou, chanjman sanzatann sou motè rechèch la, aplikasyon ki enstale san otorizasyon, oswa koneksyon entènèt la ki vin ralanti.

Si w remake modpas ou pa mache ankò oswa gen tranzaksyon sispèk sou kont ou, sa ka yon siyal klè. Espesyalis yo konseye, pa janm klike sou lyen sispèk epi itilize antivirus ak verifikasyon doub (2FA) sou tout kont ou. Konsa w ap evite pirataj sou nèt la.

Lachin lanse premye match foutbòl ant woboNan dat 28 jen 2025 lan, dirijan yo nan peyi Lachin òganize yon match foutbòl ...
05/07/2025

Lachin lanse premye match foutbòl ant wobo

Nan dat 28 jen 2025 lan, dirijan yo nan peyi Lachin òganize yon match foutbòl kote sèlman wobo ki gen entèlijans atifisyèl te patisipe. Inisyativ sa a se yon gwo demonstrasyon ki montre jan teknoloji wobo a avanse anpil. Se yon pa enpòtan nan devlopman entèlijans atifisyèl ak kapasite wobo yo.

Samsung vs Apple : 2 gwo konpayi teknoloji atravè lemond Samsung ak Apple se 2 jeyan teknoloji ki domine mache telefòn e...
02/07/2025

Samsung vs Apple : 2 gwo konpayi teknoloji atravè lemond

Samsung ak Apple se 2 jeyan teknoloji ki domine mache telefòn entelijan mondyal la, men yo gen apwòch diferan nan inovasyon ak eksperyans itilizatè.

Apple, ak iPhone li yo, mete aksan sou senplisite, sekirite ak yon ekosistèm pi fèmen kote tout aparèy konekte san difikilte. Sistèm iOS la ofri yon eksperyans inifòm, men li limite personnalisation.

Samsung, bò pa li, itilize Android ki pi ouvè e fleksib. Li se lidè nan ekran OLED, telefòn pliab, ak inovasyon rapid. Samsung pèmèt plis chwa pou modèl ak personnalisation aparèy yo.

Nan pri, Apple souvan pi chè, pandan Samsung gen modèl pou tout bidjè. Men, toulede konpayi kontinye mete presyon youn sou lòt pou bay pi bon teknoloji sou mache a.

Endereço

Chapecó, SC

Notificações

Seja o primeiro recebendo as novidades e nos deixe lhe enviar um e-mail quando Eskew te konnen ? posta notícias e promoções. Seu endereço de e-mail não será usado com qualquer outro objetivo, e pode cancelar a inscrição em qualquer momento.

Compartilhar