Kess info

Kess info L'info en details Information a tout heure et a chaque instant.
(1)

Nouvo gwo nouvèl nan tribinal entènasyonal la: Rodrigo Duterte, ansyen prezidan Filipin, fèk ofisyèlman akize de asasina...
24/09/2025

Nouvo gwo nouvèl nan tribinal entènasyonal la: Rodrigo Duterte, ansyen prezidan Filipin, fèk ofisyèlman akize de asasina pa Tribinal Penal Entènasyonal (ICC) a.

Dapre akizasyon yo, Duterte responsab nan yon kanpay san rete kont dwòg ki te fè plizyè mil moun peri pandan li te sou pouvwa. Aksyon sa yo konsidere kòm krim kont imanite.

Tribinal Penal Entènasyonal (ICC) la ouvè yon envestigasyon anplis sou vyolasyon mas dwa moun ki te fèt anba rejim Duterte a. Sa a se yon etap enpòtan nan batay pou jistis entènasyonal.

Eske ou panse jistis entènasyonal dwe pouswiv chèf leta ki komèt krim kont popilasyon yo?

Dimitri Vorbe, jwenn arestasyon l nan Florid Etazini.Daprè sit Ministè Enteryè Ameriken an ( DHSgov), Vorbe nan sant det...
24/09/2025

Dimitri Vorbe, jwenn arestasyon l nan Florid Etazini.

Daprè sit Ministè Enteryè Ameriken an ( DHSgov), Vorbe nan sant detansyon Krome anba kontwòl ajans imigrasyon (ICE).

Arestasyon sa fèt sèlman 1 jou apre Depatman Deta Ameriken an te sankyone 2 ansyen palmantè ayisyen, Antonio Cheramy "Don Kato" ak Arnel Belizaire.

Ansyen prezidan brezilyen Jair Bolsonaro ap travèse yon moman difisil kote li konfwonte pwoblèm ak lajistis ansanm ak no...
18/09/2025

Ansyen prezidan brezilyen Jair Bolsonaro ap travèse yon moman difisil kote li konfwonte pwoblèm ak lajistis ansanm ak nouvo defi pou sante li. Depi fen manda li a, lajistis akize li pou patisipasyon li nan yon tantativ koudeta pou te anpeche Lula prete sèman, san konte plizyè ankèt sou koripsyon ak abi pouvwa, semèn pase yo lajistis kondane l pou pase 27 an prizon.

An menm tan, li deja gen yon istwa sante ki make lavi li. Pandan kanpay elektoral 2018 la, li te sibi yon gwo atak kout kouto ki te kite l ak blesi grav e ki te fòse l fè plizyè operasyon. Kounya, yo konfime li ap soufri ak yon kansè nan po, e doktè yo mete l sou swivi medikal pou kontwole gravite sitiyasyon an.

Malgre tout difikilte sa yo, Bolsonaro rete yon figi enpòtan nan politik brezilyen an, men anpil moun ap mande si akimilasyon pwoblèm sa yo pap fòse l fè yon retrè definitif.

Repibliken nan Chanm Reprezantan Ameriken yo planifye pou depoze yon pwopozisyon ki ta retire posiblite itilizasyon entè...
16/09/2025

Repibliken nan Chanm Reprezantan Ameriken yo planifye pou depoze yon pwopozisyon ki ta retire posiblite itilizasyon entèprèt pandan egzamen sitwayènte yo, se sa yon atik Fox News rapòte. Pwopozisyon an mande pou tout kandida natiralizasyon pase egzamen yo an Anglè sèlman, san eksepsyon menm pou pati istwa ak gouvenans (civics) ki aktyèlman ka fèt nan lòt lang pou moun ki gran, ki gen rezidans pèmanan depi lontan. Pwopozisyon sa a fè pati yon mouvman Repibliken ki vle ranfòse obligasyon pou aprann anglè pou moun ki vle vin sitwayen Ameriken yo.

Etazini ak Lachin rive sou yon akò prensipal pou mete TikTok anba kontwòl Ameriken. Daprè otorite ameriken yo, Prezidan ...
16/09/2025

Etazini ak Lachin rive sou yon akò prensipal pou mete TikTok anba kontwòl Ameriken. Daprè otorite ameriken yo, Prezidan Donald Trump ak Prezidan Chinwa Xi Jinping ap konfime detay yo pandan yon apèl vandredi. Si konpayi ByteDance pa vann aplikasyon an, TikTok ka entèdi Ozetazini apati 17 septanm 2025 k ap vini la. Sekretè Trezò a, Scott Bessent, di delè a ka pwolonje pou finalize akò a.

(Sous : Reuters)

Dimanch 14 septanm 2025, byen bonè nan maten, bandi ame yo atake yon machin blinde PNH nan zòn Téléco, komin Kenscoff. D...
15/09/2025

Dimanch 14 septanm 2025, byen bonè nan maten, bandi ame yo atake yon machin blinde PNH nan zòn Téléco, komin Kenscoff. Daprè enfòmasyon medya an liy RFM rapòte, bandi ame yo te lanse yon cocktail Molotov sou machin nan pandan li t ap kite zòn nan. Aksyon sa a lakoz chofè a pèdi kontwòl, epi machin nan tonbe nan yon ravin. Bilan : yon mekanisyen ki te akonpaye polisye yo mouri, epi 3polisye blese. Otorite yo poko bay plis detay sou sityasyon an, popilasyon pa sispann mande pou leta pran responsabilite l ak sitiyasyon sila ki de jou an jou ap vin pi mal nan peyi a.

Anbasad Etazini nan Pòtoprens di yo atriste anpil aprè masak ki fèt nan Labodrie kote plizyè Ayisyen pèdi lavi yo. Nan y...
15/09/2025

Anbasad Etazini nan Pòtoprens di yo atriste anpil aprè masak ki fèt nan Labodrie kote plizyè Ayisyen pèdi lavi yo. Nan yon nòt ofisyèl sou kont X yo, yo prezante senpati bay fanmi ak pwòch viktim yo. Etazini kondane gang kriminèl yo ke li rele "gang teworis" ki mete zak sa sou pye. Anbasad la lanse apèl pou Ayisyen yo ak kominote entènasyonal la mete tèt ansanm pou mete fen nan zak sa yo ki kontinye detwi lavi ak peyi a.

Ayè dimanch 14 septanm 2025 lan, yon gwoup 25 sòlda FAd’H (Forces Armées d’Haïti) kite peyi a pou ale nan peyi Matinik p...
15/09/2025

Ayè dimanch 14 septanm 2025 lan, yon gwoup 25 sòlda FAd’H (Forces Armées d’Haïti) kite peyi a pou ale nan peyi Matinik pou swiv yon fòmasyon espesyalize 2 semèn, nan kad patenarya militè « Sabre Haiti » ant Ayiti ak Lafrans. Fòmasyon sa ap fèt avèk "33ᵉ Régiment d’Infanterie de Marine" (RIMa) e li kouvri plizyè aspè tankou konba nan zòn ibèn, tir, sekouris nan batay, ak itilizasyon zam endividyèl. Inisyativ sa a vize ranfòse kapasite operasyonèl, pwofesyonalis, ak sekirite nasyonal peyi d Ayiti.

(Sous : Haïti Libre)

Daprè Reteurs, Gouvènman Venezyelyen an denonse yon aksyon agresif US Navy, ki ta atake yon bato lapèch Venezyelyen ki t...
14/09/2025

Daprè Reteurs, Gouvènman Venezyelyen an denonse yon aksyon agresif US Navy, ki ta atake yon bato lapèch Venezyelyen ki te genyen 9 pechè. Ministè afè etranjè a fè konnen ofisye lame Ameriken yo te monte sou bato a pandan 8 èdtan, bloke kominikasyon ak aktivite nòmal maren yo. Caracas deklare ke aksyon sa a llegal epi se yon konpòtman ostil . Etazini poko fè okenn deklarasyon ofisyèl sou sa.

Nan apremidi jedi 11 septanm 2025 lan, gang ame yo fè yon masak san parèy nan Vilaj Labodrie, premye seksyon Boucassin, ...
13/09/2025

Nan apremidi jedi 11 septanm 2025 lan, gang ame yo fè yon masak san parèy nan Vilaj Labodrie, premye seksyon Boucassin, ant Akayè ak Kabarè. Daprè CASEC lokal la, yo touye plis pase 40 moun, pami yo yon timoun ak plizyè manm yon sèl fanmi. Bandi yo te tou boule anpil kay epi kidnape plizyè lòt sitwayen. Atak sa a ta gen rapò ak lanmò chèf gang Vlad, ki te mouri nan echanj kout zam ak lapolis 7 septanm. Popilasyon an te deja resevwa menas avan zak la fèt.

(Sous : Le Nouvelliste)

Lagè nan Mwayen Oryan an vin pi grav ankò. Dènye nouvèl yo fè konnen lame Izrayèl entansifye atak li yo sou vil Gaza, e ...
13/09/2025

Lagè nan Mwayen Oryan an vin pi grav ankò. Dènye nouvèl yo fè konnen lame Izrayèl entansifye atak li yo sou vil Gaza, e plizyè dizèn moun deja pèdi lavi yo.

Dapre Al Jazeera, omwen 32 moun mouri nan frap ki fèt nan dènye èdtan yo. Rapò yo ajoute plis pase 280 000 moun oblije kite kay yo apre yo frape gwo bilding nan Gaza, E anpil nan atak sa yo fèt nan katye ki gen anpil moun.

Konsekans yo grav; lopital yo deja chaje ak blese, anpil fanmi san abri, òganizasyon imanitè ap rele pou yon sispann tire ijans. Pandansetan, Izrayèl di li vize pozisyon Hamas yo, men kominote entènasyonal la ap ogmante kritik kont kantite sivil ki ap mouri chak jou.

Prezidan Ameriken an Donald Trump konfime vandredi 12 septanm 2025 lan ke Tyler Robinson, yon jenn gason 22 lane, se sis...
13/09/2025

Prezidan Ameriken an Donald Trump konfime vandredi 12 septanm 2025 lan ke Tyler Robinson, yon jenn gason 22 lane, se sispèk yo arete pou lanmò Charlie Kirk la, enfliyansè konsèvatè ke yo asasinen pandan yon meeting nan Utah 10 septanm lan.

Daprè enfòmasyon, se papa jenn gason an, ki sòti nan yon fanmi konsèvatè, ki remèt li bay lapolis apre li rekonèt pitit li kòm otè zak la. Robinson se yon sitwayen Ameriken, epi zam krim nan deja nan men otorite yo. Yonn ankèt deja ouvri pou apwofondi sou motif krim sa ki simen chòk nan sektè politik Ameriken an.

(Sous : Al Jazeera)

Endereço

Chapecó, SC
89809510

Notificações

Seja o primeiro recebendo as novidades e nos deixe lhe enviar um e-mail quando Kess info posta notícias e promoções. Seu endereço de e-mail não será usado com qualquer outro objetivo, e pode cancelar a inscrição em qualquer momento.

Compartilhar