
20/10/2023
Douvanjou, te gen limyè sou douvanjou
Jou lalin t pran lannwit daso ak solèy antann avèk jou
Yon gran jou nan lane 1758, tout enstan linivè te wè'l
Nesans yon gwo gason kanson fè, fèt 20 sektanm
Vanyan, travayè ak yon mantal rezistan
Solèy te gentan touche apoje'l Pou akeyi yon zanj nan limyè Ki pral revolisyone tout limanite ak pwojè'l
Desalin s'on son twoubadou ki frape ak son tanbou kilti’m
Sansasyon yon son samba, yon fòlklò, yon konpa yon rasin
Dieu soit loué m'se desandan Dyesalin Dye sa'k te ba'n Desalin
Se pa Dye kolon Blan ak Kristòf kolon poban kolangèt
Ba nou levanjil avèk yon dye blan Je vèt kolon bèt
Fè'n travay fòse san okenn dwa san salè é treté’n tankou byen mèb
Desalin t mennen yon batay, soti bwa kayiman pase vètyè abouti ak endepandans
An janvye 1804, Gonayiv nou lib nanpwen sou tè sa'k sou depandans .
Mèsi papa Desalin