ZAMAR MÉDIA

ZAMAR MÉDIA Informações para nos contatar, mapa e direções, formulário para nos contatar, horário de funcionamento, serviços, classificações, fotos, vídeos e anúncios de ZAMAR MÉDIA, Podcast, Rua da mooca 212, São Paulo.

Platfòm Medyatik Ayisyen Brezil
🎙 Podcast | Interviews | Deba ak Enfomasyon : Vini nou pale, ankouraje jèn nan Peyi Brezil.
🌍 Influencer une génération afin de créer une communauté prospère.

A 21 ane sou tèt li, li eli kòm depite federal nan Brezil. Kòmanse panse kijan nap direksyone timoun nou yo isit, Bay yo...
06/10/2026

A 21 ane sou tèt li, li eli kòm depite federal nan Brezil.
Kòmanse panse kijan nap direksyone timoun nou yo isit, Bay yo bon edikasyon, aprann yo gadé moun nan je lè yo ap pale, defann dwa yo, konn wòl yo nan sosyete yo ap viv la.
gen gro bagay yo ka devni nan yon peyi ki totalman diferan de kote nou soti an.
Gen bagay mpap ka ye nan peyi sa ankò, men mpwal lite pou pitit mwen kap vini dèyèm lan.
Gade ti dam sa kap pale se rezilta yon bon edikasyon ak direksyon fanmi'l.

Anpil moun sezi avèk rezilta Eleksyon prezidansyèl yo nan Brezil. Kandida pou reeleksyon prezidan an plas lan Lula tèmin...
05/10/2026

Anpil moun sezi avèk rezilta Eleksyon prezidansyèl yo nan Brezil. Kandida pou reeleksyon prezidan an plas lan Lula tèmine dezyèm nan kous lan pou premye tou an.
Yon rezilta ki ap fè anpil pale paske se pat sa previzyon sondaj yo te bay.
Flavio Bolsonaro pitit ansyen prezidan ki nan prizon pou tantativ koudeta tèmine an tèt nan premye tou.
Dezyèm tou eleksyon sa make pou dimanch 25 oktòb kap vini la.

🌸🎀 RANKONT AN WOZ 2026 🎀🌸Nan kad Outubro Rosa, Meninas El Elyon envite nou nan yon bèl rankont ki pral mete ansanm konsy...
02/10/2026

🌸🎀 RANKONT AN WOZ 2026 🎀🌸

Nan kad Outubro Rosa, Meninas El Elyon envite nou nan yon bèl rankont ki pral mete ansanm konsyantizasyon, sante, solidarite, kilti ak divètisman. 💗

Yon bèl okazyon pou nou reyini, aprann, pataje, fè nouvo rankont epi pase yon moman espesyal ansanm. 🌷

🎤 Avèk prezantatè Dr. Jean ak Dr. Sabrina, ansanm ak plizyè envite espesyal, n ap viv yon pwogram rich ki gen ladan l ribrik espesyal, mizik, dans, plizyè atis k ap chante ak lòt bèl sipriz. 🎶💃🏽

💗 Paske pran swen sante nou se yon fason pou nou pwoteje lavi.

🎀 “Silans pa geri. Ann pale, ann pwoteje.”

Vini avèk yon moun ou renmen, yon zanmi, yon sè, yon manman oswa yon kòlèg, epi ann pataje ansanm yon moman ki chaje ak lanmou, konsyantizasyon ak bèl enèji. 🌸

📅 18 Oktòb 2026
🕔 17h00
📍 Espaço Cambuci – Rua do Lavapés, 1140
🎟️ Antre: R$20
Pèyman pa PIX:
CPF: 241.829.358-02
Non: Roodna Delva
🌸 RANKONT AN WOZ 2026
Yon moman pou nou reyini.
Yon moman pou nou pran konsyans.
Yon moman pou nou selebre lavi. 💗🎀

✨ N ap tann ou!

Dimanch 27 septanm, dènye dimanch nan mwa sa tounen yon tradisyon nan mitan jèn imigran Ayisyen nan vil Sao Paulo.Dimanc...
01/10/2026

Dimanch 27 septanm, dènye dimanch nan mwa sa tounen yon tradisyon nan mitan jèn imigran Ayisyen nan vil Sao Paulo.
Dimanch sa te make 3em edisyon SOIRÉE DES TALENTS, yon mouvman fonde pa Chrismene Delinois Derisaint pou kreye yon espas pou mete valè sou talan e kreye yon espas detant pou kominote an.
Sware sa te make avek anpil enkyetid koz avek kèk aktyalite, sitou gran Kwazad kite tonbe nan menm dat lan, Malgre sa nou te wè yon piblik vrèman rich e kite devwa pou vibre nan chak prestasyon chak ti detay kite rann sware sa pi bèl ke avan.
Nan sware sa plizyè apèl ak lidè e responsab nan kominote an pou non selman pote patisipasyon pa yo menm valorize sa ki gen a wè a jenès lan nan kominote an.
Nou te prezan pou viv bèl man sa, reviv anko koman sa te ye anba kamera DG Rudolf

Sonje akonpanye nou sou tout rezo yo e ankouraje travay sa fason ou kapab.

01/10/2026

Nou yonn ka lonj men bay lòt,
Yon senp envitasyon ka sove yon vi, Depresyon egziste pa fè silans sou li.
randevou dimacnh nan 15:30 nan adres ADHAS lan.
Rua Bueno de Andrade 172, Aclimação

Gen yon reyalite kap boulvèse kominote ayisyèn nan isit Brezil, yon reyalite ki twò souvan rete kache dèyè souri, silans...
30/09/2026

Gen yon reyalite kap boulvèse kominote ayisyèn nan isit Brezil, yon reyalite ki twò souvan rete kache dèyè souri, silans ak doulè nou pa janm rive eksprime.
Chak jou, gen anpil jèn k ap goumen ak pwoblèm, presyon lavi, solitid, depresyon ak divès lòt sitiyasyon ki afekte sante mantal yo.
Se devan reyalite sa yo, Nap envitew DIMANCH sa ka 4 OKTÒB 2026 lan a 3h 30 nan APRÈ MIDI nan lokal EGLIZ ADHAS lan nan yon moman konferans e terapi avek 3 PWOFESÈ INVÈSITE e ESPESYALIS nan domèn lan Pou Vin pale avèk nou.
PA rate randevou sa envite yon ZANMI, Nou tout kabab lonje bwa bay yon lòt.
Yon senp envitasyon kapab yo gro jès pou sove yon vi.

APOT EBEL PIERRE nan Vil Sao Paulo nan Brezil.Yon weekend ki enpakte kominote Ayisyèn lan nan Brezil, Prensipaleman nan ...
29/09/2026

APOT EBEL PIERRE nan Vil Sao Paulo nan Brezil.
Yon weekend ki enpakte kominote Ayisyèn lan nan Brezil, Prensipaleman nan vil Sao Paulo 3 jou kwazad avek apot Ebel te komanse vandredi 25 Septanm lan pou rive dimanch 27 lan, Nan lokalite LAPA plis pase 2000 moun te fè deplasman pou kapab patisipe nan aktivite espirityèl sa.
Plizyè demonstrasyon espirityèl te akonpanye sware sa yo, Anpil mirak avek milye moun kite jwenn libetè anba zèv demonyak selon ognizatè gran aktivite sa.
Malgre depi plizyè jou anons te fè kwè apot lan te la prezansyèl, Men se pa sa kite vrè reyalite an, Apot Ebel te ministre 3 jou sa yo nan gro ekran ki te disponib nan lakol sa, Sa ki ta lakoz mekontaman lakay plizyè moun kite vini avèk espwa wè óm de Dye an fas a fas.
Nan Dimanch 27 nan maten se te inogirasyon egliz EDVA nan sant Vil Sao Paulo pou asiste divès fidèl aswafe de ministè sa kap viv nan peyi Brezil.
Reviv avèk nou nan kèk foto kijan sware 26 lan te pase nan vil Sao paulo.

Kontinye konekte avek nou, Swiv paj sa e akonpanye nou sou tout lot rezo yo.

25/09/2026

Apotre Ebel Pierre nan vil São Paulo pou premye sware Kwazad li nan Peyi Brezil.

Preparasyon SOIRÉE DES TALENTS ap gen yon lòt figi ane sa, se sa tout manb kap òganize program sa fè konnen. Reviv kijan...
22/09/2026

Preparasyon SOIRÉE DES TALENTS ap gen yon lòt figi ane sa, se sa tout manb kap òganize program sa fè konnen. Reviv kijan anbyans lan te ye nan kèk sware repetisyon avèk mesye dam yo.
Èske wap la?
--------Rua Scuvero 195-199, Cambuci--------------
Rezève kat ou nan numero sa : +55 11 95470-0599
oubyen ekri non sa yo Chrismene Delinois Derisaint Junior Voltaire Frisdarlie Alcide

22/09/2026

PODCAST avec Chrismene Delinois Derisaint fondatris "SOIRÉE DES TALENT" ki toujou fèt chak dènye dimanch mwa septanb nan vil Sao Paulo.
Yo bay randevou dimanch 27 sa nan
Rua Scuvero 195-199, cambuci

Endereço

Rua Da Mooca 212
São Paulo, SP
03104-000

Notificações

Seja o primeiro a saber: enviaremos um e-mail para você quando ZAMAR MÉDIA publicar novidades e promoções. Seu endereço de e-mail não será usado para nenhum outro fim, e você pode cancelar a inscrição a qualquer momento.

Entre Em Contato Com O Negócio

Envie uma mensagem para ZAMAR MÉDIA:

Atalhos

Compartilhar