27/04/2026
Bonjou tout moun
Mw koube byen ba prezans nou poum di nou mèsi,Pou fason nou te panse avèm nan moman fènwa te barem sou wout la.
Fason mw tap soufri ak doulè nan moman mw te pèdi kouzenm ki te enpòtan nan vim, mesaj nou yo te banm fòs poum te toujou kanpe.
Nou menm ki te fè deplasman avèm pou finiray kouzenm ,ak sila ki banm yon mesaj ak yon apèl pou te rekonfòtem mèsi.
Tout zanmi ki te panse avèm nou te banm fòs nan moman difisil yo mèsi ke mèt la veye sou nou mèsi
Mèsi tout staf ki tap jere paj la ki pat lage malgre kritik yo nou pat dekouraje
Mèsi
_Satine _Edson
_merville
_paul _Jean