03/22/2022
Misye rele HERVE ANTENOR,Nom Atis li se SHABBA Li Se TANBOURNÈ ,SHABBA rive Fè Nan Biznis Mizik sa anpil Gwo Bagay Kap rete Nan Istwa Mizik Ayisyènn Nan.
Tankou sèl TABOURINÈ ki rive enpozel Nan yon Jazz Konpa kote li eklipse menm Chantè Jazz la,sèl TANBOURINÈ ki resi pwodwi 2 Album Solo,SHABBA se yonn pami mizisyen Ayisyen ki Genyen Pli Feat e anpil Nan Yo trè remakab,Pa Egzanp Misye Feat Sou Yon Mizik CARIMI ki Rele BUZZ ki rete yonn nan Gwo siksè CARIMI,e yonn Nan Video ki Pi Standard Nan Istwa Konpa dirèk la, Shabba Feat sou 2 Mizik J-PERRY,yonn Nan Yo se Dekole ki Gen IZOLAN ladanl,Mizik sa Konnen Anpil Siksè, Genyen Yon Atis Brezilyènn ki rele ki Jwe Mizik sa Nan Kavanal Nan Peyi Bresil avèk anpil lòt Gwo Event Entenasyonal ankr,SHABBA genyen yon lòt Mizik ak J-PERRY ki rele BOUJE,Mizik sa genyen 2 Version yonn avèk SHABBA yonn avèk ADMIRAL-T,ki se Yon Atis Antiyèz,ebyen DISNEY CHANEl ki pran versyon Pa SHABBA epi metel Nan Yon Film e ni SHABBA,ni J-PERRY Gen Royalties Sou Film sa.
SHBBA rive mete GRACIA avèk GAZZMAN ke anpil moun konsidere kom 2 Pi Gwo Super Star Nan Generation sa sou yon Sèl Mizik(mizik sa rele RARA LAGE)
SHABBA rive mete PARISIEN Avèk MICHEL TASSY ki se 2 Gwo Lejand ki Nan 2 pi Gwo Okes Peyi a Sou Yon Mizik,(Mizik sa rele ZANMi)
SHABBA rive fè yon Mizik avèk Rival ki se ROBERTO MARTINO(Mizik sa rele ZOKIKI
SHABBA Vin Kite DJAKOUT li Al Fome Jazz pal avèk yon ekip Jen kise EKIP ,Nan mwens pase 2zan Misye Fe toune Nasyonal avèk EKIP,EKIP mete Yon AlBUM DEYÒ avèk 4 Video,Nan mwens ke 2zan EKIP genyen VIZA Travay li USA,e yo genyen GiG Pou jis 2022.
Pafwa gen anpil Moun ki Vle Rabese SHABBA,men Misye son Model Jèn Gason ki Chaje Foug,ki kwè Nan Travay,anpil moun di SHABBA Awogan sa Pa enpeche SHABBA rete Yonn Nan Mizisyen Ayisyen ki Genyen pi Bon Rapò ak MEDYA,ak PWOMOTÈ ak FANATIk.
yon Moun Ka Pa renmen SHABBA men Bal respè.