Kalma RE Directeur d'opinion Porte parole et Animateur

05/16/2025

Jounen jodi a se pa nenpòt ki jou. Se yon dat ki make 7 tras sou kè mwen.
Men map diw Bon fèt, ou menm ki te toujou la, ki te fè tout bagay gen sans — menm lè sa pa t fasil.

7 lanne se pa ti tan. Se 7 lanne konfyans, 7 lanne silans, 7 lanne je fèmen.
Pa janm bliye: ou te prezan nan chak etap, ou te flanm limyè mwen.

Men depi kèk tan, tout bagay vin fè nwa. Mwen pa ka wè. Se tankou 7 lanne fè nwa mwen tap viv.
Non pa mwen ka toujou nan lis envite ou, men mwen pa santi mwen nan sal la ankò.

Jodi a, sou jou espesyal ou, mwen swete ou limyè, lanmou ak lajwa.
Men tou… mwen swete ou sonje mwen. E si se ou ki kenbe kle je mwen, tanpri… louvri pòt la.
Men tou pou nenpòt moun ki ta janm tonbe sou mesaj sa, kite m di ou sa:
*moun sa pa nenpòt moun. Se yon flanm dife ki boule san l pa montre.*
*Li janti, men li ka fè ou viv lanfè an silans.*
*Se pa rayi m rayi li, se doulè m ap kite dèyè.*

*Bon fèt a ou ankò*, menm si mwen pa ka selebre avè w.
*Kè m toujou ap bat pou ou, men li blese nan dènye limit.*

05/08/2025

Address

Le Plateau-Mont-Royal, QC

Opening Hours

Monday 4am - 6am

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Kalma RE posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Kalma RE:

Share

Category