07/03/2026
🔴 Pa gen anyen Bondye pa ka fè! Li kite fim pòno, li abandone dans, ansanm ak tout lòt aktivite ki te asosye ak ansyen vi li, poul kapab konsakre lavil nan sèvi Bondye.
Jazmine Cashmere, ki gen vrè non li ki se Nicole B. Jones, se yon ansyen akris ki pase plizyè ane ap travay nan endistri fim pòno, li te parèt nan plis pase 100 fim. Pandan menm peryòd sa, li te travay tou kòm modèl lenjri, dansèz ekzotik ak eskòt, e li te resevwa plizyè gwo pri nan karyè li.
Malgre tout siksè sa yo, Jazmine Cashmere deside abandone ansyen vi li. Daprè temwayaj li, se rankont li ak Bondye ki chanje lavil nèt epi lafwa pousel pran yon direksyon ki totalman diferan..
An 2016, li te pale piblikman sou chanjman lavi li. An 2019, yo te òdonel kòm pastè. Kounya lap dirije yon ministè nan Chicago, kote li konsantre sou ede ak ankouraje lòt moun.
Jodi a, Jazmine se yon pastè, li marye, li se manman twa (3) pitit. Olye li kache pase li, li sèvi ak temwayaj li pou montre ke, kèlkeswa sa yon moun te ye oswa sa li te fè, Bondye kapab chanje lavi li.