Wilguens RADIO A

Wilguens RADIO A L'homme est né bon,mais la Société le corrompt.

🇩🇴🚨🚨Nan 12 oktòb 2025, Nelson Félix Miranda Hermida (79 an) te komèt yon zak trajik nan El Milloncito, Santo Domingo: li...
10/16/2025

🇩🇴🚨🚨Nan 12 oktòb 2025, Nelson Félix Miranda Hermida (79 an) te komèt yon zak trajik nan El Milloncito, Santo Domingo: li te touye madanm li, Mayra Martínez Romero (65 an), ak manman bèl li, Doris Librada Martínez Romero (87 an), anvan li te pran pwòp lavi li.

Pandan ke kèk moun te eseye fè koneksyon ak lòt krim nan tan lontan, tankou ka premye madanm li ke li te Asasinen nan ane 1978, nan dat 24 Desanm , Otorite yo fè konnen koz trajedi resan sa klè paske Nelson te rive kite yon kat avan li fè zak sa , li te fè konnen nan kat la se pou jalouzi .

Zak sa a se yon rapèl tris sou enpòtans sipò fanmi ak kominote pou moun ki nan difikilte emosyonèl, epi li soulve nesesite pou plis konsyantizasyon sou pwoblèm sante mantal ak vyolans domestik.

📸💥 📷

🗞️ NOUVEL ENPÒTAN POU IMIGRAN KI SOU PAROLE OZETAZINI 🇺🇸Depatman Sekirite Entèn (DHS) anonse yon nouvo mezi finansye ki ...
10/16/2025

🗞️ NOUVEL ENPÒTAN POU IMIGRAN KI SOU PAROLE OZETAZINI 🇺🇸
Depatman Sekirite Entèn (DHS) anonse yon nouvo mezi finansye ki pral antre an vigè demen jedi, kòm yon pati nan pake taks ak depans Prezidan Donald Trump lan.

📌 Dapre nòt ofisyèl la, moun ki sou parole Ozetazini ap oblije paye yon frè $1,000 pou ane fiskal 2025 la. Frè sa a se yon “frè libète kondisyonèl imigrasyon” epi li kapab ajiste chak ane selon enflasyon.

📅 Apati 16 oktòb 2025, USCIS (ajans sèvis sitwayènte ak imigrasyon ameriken) ap kolekte frè sa a nan twa ka prensipal:
• Lè ou deja prezan sou teritwa ameriken sou parole,
• Lè ou ap renouvle parole ou,
• Oubyen lè w ap tann apwobasyon pou yon nouvo parole.

⚠️ si frè a pa peyé okenn parole pap akòde. Dapre avi ofisyèl la, moun ki refize peye nan dat limit la pap kapab resevwa oswa renouvle estati yo.

Gen kèk eksepsyon ki prevwa, men detay yo pral presize nan Rejis Federal la, kote enstriksyon sou fason ak delè pou peye a ap pibliye.

DHS fè konnen mezi sa a se yon pati nan efò pou “kontinye pwoteje peyi a pandan y ap respekte pwosesis imigrasyon legal la.”

🚨🇧🇷 Selon plusieurs médias français, le PSG serait intéressé par la signature d’Endrick dès le mercato d’hiver !Le jeune...
10/16/2025

🚨🇧🇷 Selon plusieurs médias français, le PSG serait intéressé par la signature d’Endrick dès le mercato d’hiver !

Le jeune prodige brésilien n’a toujours pas joué une seule minute cette saison sous Xabi Alonso, ce qui suscite des interrogations.

Le club parisien, à la recherche de renfort offensif, serait prêt à l’accueillir pour lui offrir du temps de jeu et accélérer son intégration au plus haut niveau européen.

Affaire à suivre... 👀

Si anyen pa chanje Sébastien Migné ta dwe pèdi djòb li nan kèk è, jou k'ap la yo Selon enfòmasyon nou jwenn, dirijan FHF...
10/16/2025

Si anyen pa chanje Sébastien Migné ta dwe pèdi djòb li nan kèk è, jou k'ap la yo

Selon enfòmasyon nou jwenn, dirijan FHF yo prè pou separe avèk antrenè fransè a aprè defèt 3-0 devan Ondiras.

Non sèlman pou defèt la men pou konpòtman amatè li ki deranje jwè yo.

Nou prèske vle di nou gen batay Msye sanble yon bn amatè

Èske antrenè Sébastien Migné respekte seleksyon nasyonal l'ap antrene a? Non sèlman antrenè fransè a tap mete an valè ka...
10/16/2025

Èske antrenè Sébastien Migné respekte seleksyon nasyonal l'ap antrene a?

Non sèlman antrenè fransè a tap mete an valè kalite jwè ondiryen yo devan jwè ayisyen yo nan vestyè seleksyon an, selon sous nou, aprè match kont Ondiras la antrenè fransè a ta ale resevwa yon mayo youn nan jwè Ondiras yo épi vini AK li pote sou do li devan tout jwè ayisyen yo.

Youn nan bagay ki deranje ni dirijan ni jwè.

Plis detay ap vini

FHF  gofundme ayisyen ki renmen football prè pou kontribye Si la Fédération haïtienne de football cherche un entraîneur ...
10/16/2025

FHF gofundme ayisyen ki renmen football prè pou kontribye Si la Fédération haïtienne de football cherche un entraîneur capable de bâtir une équipe compétitive pour remplacer Sébastien Migné, trois noms méritent d’être considérés.✍️🏿🇭🇹⚽️🙂

🇨🇦 John Herdman, l’homme qui a qualifié le Canada pour la Coupe du Monde 2022 avec une mentalité de gagnant,
🇨🇴 Jorge Luis Pinto, stratège reconnu pour sa rigueur tactique (héros du Costa Rica en 2014),
🇦🇷 Fernando Ortiz, entraîneur moderne adepte d’un football offensif et dynamique.

Gwo kouri nan Peyi Costa Rica Nicaragua pote plent kont costa rica devan tribinal fifa a. Kòm konsekans grav sa ka genye...
10/16/2025

Gwo kouri nan Peyi Costa Rica Nicaragua pote plent kont costa rica devan tribinal fifa a. Kòm konsekans grav sa ka genyen: Ekip costa rica a ka rive pèdi pwen si toutfwa Nicaragua ta gen rezon...

Aktyèlman, nou rive nan yon faz kote tout ekip kap jwe eliminatwa yo prè a tout bagay pou yo ka jwenn grenn tikè kap pèmèt yo patisipe nan mondyal 2026 la.

KISA KI TE PASE JOU KI TE 13 OKTÒB 2025 LAN NAN MATCH COSTA RICA VSNICARAGUA A ?

Match sa ki tap jwe lakay Costa Rica te kite yon gou anmè nan bouch jwè Nicaragua yo, non sèlman akoz de rezilta match la, kote costa rica te pyafe sou yo 4 gòl a 1, men tou pou move moman jwè yo te pase nan vestyè a kèk minit avan la te kòmanse...

Pandan jwè Nicaragua yo nan konsantrasyon nan vestyè a, lapolis debake sou yo... Ki rezon ki mennen yo ? Ebyen ta sanble gen yon jwè nan ekip la ki gen manda dèyèl pou yon kesyon "Pansyon alimantè" sa nou rele bò isit "Child support" la. Gwo deblozay pete anndan vestyè a ant lapolis, jwè epi dirijan ekip Nicaragua a... Men daprè sa kèk sous fè konnen, ta sanble jwè an kesyon an siyen yon akò kotel di aprè match la li pral pran responsabilite l. Sa pèmèt yo pa ale avèl e yo kitel jwe match la.

FENIFUT (Federación Nicaragüense de Fútbol) ki se Federasyon Nikaragweyèn de Foutbòl, nan plent li depoze devan FIFA a kont Costa rica, ta fè konnen ke zak entimidasyon sa yo sibi a, se ta yon konplo ki byen planifye nan objektif pou demoralize jwè yo kèk minit avan match la kòmanse. Federasyon foutbòl nikaragwa a kondane zak sa devan Fifa a ak devan otorite costa rica yo, e li mande pou gen yon envestigasyon ki louvri sou dosye a.

SE KI JWÈ NIKARAGUA KI ENPLIKE NAN DOSYE SA ?

Anpil espektakilasyon ta fè konnen ke jwè sa se Byron Bonilla ki tap jwe nan lig costa rica a soti nan lane 2016 pou rive 2022, e se nan peyi a pitit li yo fèt. Men nan moman nap pale la, jwè a pa janm kominike anyen sou dosye a ni poul di se li, ni poul demanti rimè ki ta fè kwè se li menm lapolis te vin pran nan vestyè a.

Nap raplew ke grenadye yo te pase yon moman nan lakou honduras tou nan sware avan match la. Gwo bri tap fèt tout lannwit lan kote yo tap domi an, sa te twouble sòmèy yo e fè yo pase yon nwit dezagreyab.

Finalman, nou ka konprann klèman ke jan de sitiyasyon sa yo se pa yon aza (sak rive grenadye yo, tankou sak rive ekip Nicaragua a), men se pito move estrateji malonèt ekip kap resevwa yo byen planifye pou yo ka demoralize ekip vizitè yo... Kounya imajine ekip ayiti a ki gen obligasyon poul jwe tout match li yo antan ke vizitè !!!

Poun retounen sou dosye Costa Rica / Nicaragua a, jiskaprezan poko gen anyen ki di bò kote Fifa a, n pèsonn poko konnen ki swit epizòd sa ap genyen... Men nou la, nap swiv !

Sous: Deportes TVC / Divergentes / Teletica Deportes

🚨  :  Eddy César et Pierre-Richard Bruny en route vers l’Histoire avec les petits Grenadiers ! Après Jean-Yves Philogène...
10/15/2025

🚨 : Eddy César et Pierre-Richard Bruny en route vers l’Histoire avec les petits Grenadiers !

Après Jean-Yves Philogène Labaze (2007) et Wébens Princimé (2019), une nouvelle page du football haïtien s’écrit.
Le duo Eddy César entraîneur principal et Pierre-Richard Bruny, légende et capitaine emblématique des Grenadiers, prend les commandes de cette génération pleine de talent et d’espoir.

Avec le soutien du peuple haïtien et de jeunes promoteurs passionnés, les petits Grenadiers s’apprêtent à défier leurs adversaires dans le groupe E :

Haïti 🇭🇹 vs Égypte 🇪🇬 ( 4 novembre)
Angleterre 🏴󠁧󠁢󠁥󠁮󠁧󠁿 vs Haïti 🇭🇹 ( 7 novembre)
Venezuela 🇻🇪 vs Haïti 🇭🇹 ( 10 novembre)
Une mission historique, un rêve collectif : faire briller Haïti sur la scène mondiale. 🇭🇹✨⚽💪🔥 # ゚viralシfypシ゚viralシalシシ゚viralvideo

Aprè mesye te fin elimine nan gold cup la, epi desann nan ligue B nan ligue des nation an, FHF la te revoke l pou move r...
10/15/2025

Aprè mesye te fin elimine nan gold cup la, epi desann nan ligue B nan ligue des nation an, FHF la te revoke l pou move resilta.

Lè sa misye te fè 1/2 final gold cup, pandan l te elimine canada nan 1/4 de final ak yon remontada, pa bliye yon remontada sou Costa Rica.

Menm canada sa nou te elimine a, te deside mize sou kontinwite, yo te bay coach la temps.

Epi dirijan pa nou yo te revoke yon coach ki te bay ekip la yon idantite.

Depi lè sa ki pwogrè ekip la fè??

🔥 Japonè 🇯🇵 yo fè yon gwo eksplwa maten an fas ak Brezil!Nan yon match amikal totalman fou, Japon reyalize yon remontada...
10/14/2025

🔥 Japonè 🇯🇵 yo fè yon gwo eksplwa maten an fas ak Brezil!

Nan yon match amikal totalman fou, Japon reyalize yon remontada istorik pou bat Brezil 🇧🇷 3-2 😱

Apre yo te mennen 2-0, Brezilyen yo te wè Japonè yo fè yon retou majik pou ranvèse rezilta a 👏⚡

⚽️ Bitè yo :
🇯🇵 Minamino (52’), Nakamura (62’), Ueda (71’)
🇧🇷 Enrique (26’), Martinelli (32’)

Yon viktwa ki montre karaktè ak detèminasyon ekip Nippon an! 🥋🇯🇵

🇯🇵 Se premye fwa nan listwa foutbòl entènasyonal Japon bat Brezil! 🤯👏
"Samouraï Bleus" yo te deja rankontre Seleçao a 13 fwa, pou 11 defèt ak 2 match nul jiska eksplwa maten an. 🇯🇵⚽️🇧🇷

Wiiiii apaw kòmanse bat rekò gasonm, aprè 14 match, Japon resi bat Brezil🇧🇷 nn istwa...Swiv map swiv, mw espere tontonm ...
10/14/2025

Wiiiii apaw kòmanse bat rekò gasonm, aprè 14 match, Japon resi bat Brezil🇧🇷 nn istwa...
Swiv map swiv, mw espere tontonm tounen premye etranje ki chanpyon ak yn seleksyon etranje..

Adyeeeee, gasonm talè moun isi ap metew cho tande... Aqui é Brasil 🇧🇷

Ou t wè match la, kòmanw t wèl, sak manke??

On s'en souviendra sûrement. L'année dernière, Fabricio Bruno s'est fait un nom avec des performances exceptionnelles lo...
10/14/2025

On s'en souviendra sûrement. L'année dernière, Fabricio Bruno s'est fait un nom avec des performances exceptionnelles lors de ses premières convocations contre l'Angleterre et l'Espagne.

Mais ce qu'il a fait aujourd'hui était tout simplement inacceptable. Bien sûr, ce n'était qu'un match amical, et le but de l'entraîneur était de tester les joueurs - mais Fabricio a fait une grosse erreur au mauvais moment. Même s'il a dominé presque toutes les stats, ces deux erreurs coûteuses de sa part ont complètement changé le jeu.

Maintenant la question est, va-t-il recevoir une autre appel après ça ? Revenir dans une équipe comme le Brésil ne sera pas facile après une nuit comme celle-là.

Pour être honnête, il s'est excusé après le match et a demandé aux gens de ne pas le juger en se basant sur cette seule performance.

Adresse

Montreal, QC

Téléphone

+15142928721

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Wilguens RADIO A publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Wilguens RADIO A:

Partager