DÈYÈ MÒN ENFO

DÈYÈ MÒN ENFO HAÏTI MAGAZINE
Kilti ak nouvèl tout kote. Beautés et enjeux négligés. Beauties & underreported news.

Pou Festival En En lisant, Pèlentèt de Frankétienne, nan yon montaj siyé Staloff Tropfort, avèk asistans Lesly Maxi, te ...
12/14/2025

Pou Festival En En lisant, Pèlentèt de Frankétienne, nan yon montaj siyé Staloff Tropfort, avèk asistans Lesly Maxi, te prezante jedi 11 nan Bibliothèque Michèle Tardieu.
Kenny Laguerre, Edmond Erthon ak Stevenson Saintiné ofri yon entèpretasyon majistral, kote pawòl, kò ak emosyon vin fè yon sèl.
Yon moman teyat ki frape fò epi ki rete make nan memwa piblik la.
📸 Jean Elie Fortiné / DÈYÈ MÒN ENFO

Madi 9 Desanm, En lisant te kontinye ak yon bèl prezantasyon teyat :“Kasolezo de Frankétienne”, yon mizanscèn Paula Cler...
12/11/2025

Madi 9 Desanm, En lisant te kontinye ak yon bèl prezantasyon teyat :
“Kasolezo de Frankétienne”, yon mizanscèn Paula Clermont Péan, Kaselezo de Frankétienne, ki te prezante nan kad 10yèm edisyon festival En lisant, te ofri piblik la yon bèl eksperyans teyat rich ak chaje emosyon.
Mizanscèn nan te pèmèt travay Frankétienne a pran tout pwofondè li, ak fòs poetisite li.
Men kèk imaj ki rakonte moman memorab sa a nan Bibliothèque Michèle Tardieu
📸 Jean Elie Fortiné / DÈYÈ MÒN ENFO

Nan okazyon 80 ane Institut Français En Haïti , yo te ofri yon konsè espesyal nan Centre Culturel Brésil-Haïti . Se te y...
12/11/2025

Nan okazyon 80 ane Institut Français En Haïti , yo te ofri yon konsè espesyal nan Centre Culturel Brésil-Haïti . Se te yon bèl randevou kiltirèl ki mete limyè sou kolaborasyon, mizik ak tout richès echanj ant kominote yo. Anpil moun te prezan, e plizyè atis te monte sou sèn pou bay yon pèfòmans memorab.
📸 Jean Elie Fortiné / DÈYÈ MÒN ENFO

Konsè fèmti 22yèm edisyon Festival Quatre Cheminsane sa a te dewoule nan Hôtel La Réserve. Sou sèn nan, atis    Nehemie ...
12/10/2025

Konsè fèmti 22yèm edisyon Festival Quatre Chemins
ane sa a te dewoule nan Hôtel La Réserve. Sou sèn nan, atis Nehemie Bastien te pataje moman an ak Jean D’Amérique, pandan atis Ricardo Boucher te akonpaye Néhémie avèk yon bèl pèfòmans. Piblik la te pase yon bon moman nan yon atmosfè cho chaje ak enèji.
📸 Jean Elie Fortiné / DÈYÈ MÒN ENFO

Lendi 8 Desanm, Festival En lisant te ofri yon bèl Causerie – Carte Blanche ak Marie-Andrée Étienne, Paula Clermont Péan...
12/09/2025

Lendi 8 Desanm, Festival En lisant te ofri yon bèl Causerie – Carte Blanche ak Marie-Andrée Étienne, Paula Clermont Péan ak Marie-Alice Théard, nan Bibliothèque Michèle Tardieu .
Yon espas dyalòg, memwa ak pawòl ki kontinye fè literati ak teyat viv ak fòs nan kominote a.
Toujou yon plezi pou swiv ak sipòte moman kiltirèl ki pote limyè konsa
📸 Jean Elie Fortiné / DÈYÈ MÒN ENFO

Café Poésie – Espesyal “Pwezi Fanm” te òganize jedi 4 desanm nan Restaurant Aïoli nan Petyonvil, an kolaborasyon ak Fest...
12/08/2025

Café Poésie – Espesyal “Pwezi Fanm” te òganize jedi 4 desanm nan Restaurant Aïoli nan Petyonvil, an kolaborasyon ak Festival Quatre Chemins pou 22yèm edisyon li.
Evènman an te make lansman ofisyèl Asosyasyon Kiltirèl Verbe, ki pral pwopoze de randevou literè ak atistik chak mwa nan Aïoli pou ankouraje pataj, kreyasyon ak valorizasyon vwa fanm ak tout vwa kiltirèl peyi a.
📸 Jean Elie Fortiné / DÈYÈ MÒN ENFO

MIROIR de Schneiderson René te pote yon enèji pwofon nan 22e Festival Quatre Chemins nan Direction Nationale du Livre - ...
12/03/2025

MIROIR de Schneiderson René te pote yon enèji pwofon nan 22e Festival Quatre Chemins nan Direction Nationale du Livre - DNL . Yon pèfòmans ki gade nanm moun, ki poze kesyon, epi ki kite yon tras refleksyon ak sansibilite.
📸 Jean Elie Fortiné / DÈYÈ MÒN ENFO

Jodi a 1er desanm, Festival Quatre Chemins te prezante pyès teyat “La Parole des Grands Fonds”, yon travay de Syto Cavé,...
12/02/2025

Jodi a 1er desanm, Festival Quatre Chemins te prezante pyès teyat “La Parole des Grands Fonds”, yon travay de Syto Cavé, mete an sèn pa Daniel Marcelin.
Sou sèn nan, yon ekip atis talan te pote lavi, emosyon ak pwofondè nan yon pèfòmans ki make memwa festival la.
Evènman an te dewoule nan Direction Nationale du Livre - DNL , 4h PM, ak yon piblik ki te rive an foul pou selebre teyat ayisyen nan tout richès li.
📸 Jean Elie Fortiné / DÈYÈ MÒN ENFO

Jodi 1er desanm, nan lokal Bibliothèque Centre Culturel Pyepoudre , Komite Festival teyat En lisant te òganize yon konfe...
12/01/2025

Jodi 1er desanm, nan lokal Bibliothèque Centre Culturel Pyepoudre , Komite Festival teyat En lisant te òganize yon konferans pou laprès pou lanse 10e edisyon festival la, ki pwograme pou 8–14 desanm 2025.
Responsab yo te prezante pwogramasyon ofisyèl la, ansanm ak atis ki pral patisipe nan selebrasyon ane sa a.

Yo te remèt plak rekonesans bay plizyè donè, manm ak patenè ki soutni festival la, epi reprezantan jenerasyon jèn yo te pran la pawòl pou eksprime angajman yo ak vizyon yo.

Yon rankont klè ak estriktire ki make ouvèti ofisyèl sezon 2025 lan.

Plis foto ak detay ap vini...
📸 Jean Elie Fortiné / DÈYÈ MÒN ENFO

Le Cri de Mapyang (Danse) – Anaïse Orl“Yon moman fò nan 22èm Festival Quatre Chemins nan Direction Nationale du Livre - ...
12/01/2025

Le Cri de Mapyang (Danse) – Anaïse Orl“Yon moman fò nan 22èm Festival Quatre Chemins nan Direction Nationale du Livre - DNL. Le Cri de Mapyang pote yon pèfòmans ki melanje kouraj, prezans ak yon enèji ki touche pwofondè emosyon nou. Anaïs Orlane Raymond te pran sèn nan avèk tout fòs li ak plisyè lòt, fè kò yo tounen vwa, epi make memwa festival la ak yon tras pwòp pa li.
📸 Jean Elie Fortiné / DÈYÈ MÒN ENFO

Jodi a, Festival Quatre Chemins lanse 22yèm edisyon li ak yon konferans pou laprès nan DNL Bourdon. Yo prezante vizyon a...
11/25/2025

Jodi a, Festival Quatre Chemins lanse 22yèm edisyon li ak yon konferans pou laprès nan DNL Bourdon. Yo prezante vizyon ak pwogram ane a avèk entèvansyon direktè atistik la, ak patenè li yo ansanm ak reprezantan Asosyasyon 4 Chemins an.
Atis Fameuse Maude te asire pati mizikal la ak yon bèl pèfòmans.
📸 Jean Elie Fortiné / DÈYÈ MÒN ENFO

Yè swa, nan La Réserve Hôtel, Festival Quatre Chemins te prezante yon bèl konsè James Germain. Yon gwo moman ak anpil em...
11/22/2025

Yè swa, nan La Réserve Hôtel, Festival Quatre Chemins te prezante yon bèl konsè James Germain. Yon gwo moman ak anpil emosyon ak bon enèji.
📸 Jean Elie Fortiné DÈYÈ MÒN ENFO

Address

Rue Cartier
Montreal, QC
H2K4E8

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when DÈYÈ MÒN ENFO posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share

Category