09/10/2026
Nice B rejwenn baz lib nan kwafèbouké san bri san kont.
Eske Bandi yo pi efikas ke Leta Ayisyen? Oubyen se leta Ayisyen plis bandi yo kap bay rezilta sa yo?
Mesye Viv ansanm yo aji vit, yo presi e yo asire ke yo gen kontrol chak sitiyasyon, chak detay nan yon ti kras.
Foto wap gade la reprezante sitiyasyon Nice B nan mwens ke 8 jou. Videyo pran lari kote lap asiste yap rache yon moun, Leta Ayisyen mete avi rechech dèyè li, li gentan tounen nan baz li e san pè ni krent li monte layv sou TikTok avek Lanmò 100Jou.
Aprè pil eskandal, pil tole ki te fèt aprè videyo Nice B te pran lari kote lap asiste kote yap rache yon jèn fanm parèy, malgre leta di yo mete avi rechech dèyè l ebyen li pat pran tan pou l te kite sendomeng e rejwenn baz li.