11/24/2025
Men kilè Ayisyen ap kite IPOKRIT ?!
Tout gwo kretyen, pè, pastè ap sèvi ak lajan sa a san yo pa menm remake ( jan yo konn dil la ) senbòl '' DYAB '' sou li paske se LAJAN.
Men yo ka remake VÈVÈ Dambala Wedo ( eskizem sim ta twonpe sou VÈVÈ a, yon moun ki konnen a va eklerem).
Men Nou bliye '' Code noir '' la ki te di ti nèg nwè a se '' chose '' mèt li.
Nou bliye 18 Me, 18 novanm epi premye Janvye 1804 AK ki fòs e ki kouray Nou te pran endepans !
Se fòs sa Nou pa wè yo e kouray Zansèt Nou yo ki te mouri pou te ka pèmèt Nou lib e libè Jounen Jodi a!
Jezi pa yon sovè pou Ayisyen si li yon sovè pou lòt pèp ( pèp Izrayèl ki kenbem zam kap goumen touye inosan ) men pa pou Nou.
'' Christianisme'' lan pat janm defann Nou Kont esklavaj e tout Zak mechanste yo!
Mete IPOKRIZI sa yo de kote ann mete men pou Ayiti ka SOVE .
Pawòl la di '' Donner à César ce qui est à César et à Dieu ce qui est à Dieu '' Amen ! ! Ayibobo pou tout Ayisyen !
'' Tout saw pa konprann e metrize ou pè l e depiw pè ou agresif ''
MPK🕴🏾