05/08/2026
Aprè liberasyon li, se ak bann rara ansyen majistra komin Wanament lan Demetrius Luma antre nan vil la jodi jedi 7 me 2026. Se ayè mèkredi a lajistis te libere li ansanm ak Jose Laguerre ki se ansyen direktè mache fwoktalye a ak Kénox Célicourt ki se ansyen direktè mache kominal la ULCC te arete yo epi remèt yo bay lajistis nan dat 16 septanm 2025 lan sou akizasyon koripsyon.
Jij enstriktè a Kerby Joseph di nan òdonans lan, aprè ankèt, li pa jwenn anyen serye pou li voye ansyen responsab minisipal yo devan tribinal kriminèl.