09/15/2026
Move nouvèl! Miskaden anonse Leta bloke pati politik li a pou anpeche l patisipe nan eleksyon an, men se pèp la k ap bay repons lan.
Miskaden fè yon soti jodi lendi 14 septanm nan, kote li bay plizyè pati politik ki enterese avè l. Li site Sud Bale, Fòs Chanjman, ansanm ak lòt pati ankò ki, dapre li, se pati pa yo.
Komisè Muscadin esplike nèg yo te bare Sud Bale, men li menm te toujou mete nan tèt li Otorite yo ap bloke pati a. Se poutèt sa, li di li te mete Sud Bale avan lòt pati yo. Epi, selon Muscadin, otorite yo efektivman bare Sud Bale vre.
Muscadin di: «Blennde dyaspora yo te voye pou mwen an, si nèg Matisan ak nèg Vilaj te konnen se te yon blennde nwa li te ye, yo pa t ap kite l rive. E se sa k fè, nan politik mwen, plan mwen se te yon blennde blan mwen te fè yo poste sou rezo a. Lè blennde nwa a rive jwenn mwen, anpil moun te sezi.»
Li kontinye pou l di: «Sa vle di, lè yon moun gade a gòch, mwen menm se a dwat mwen gade.» Pou Muscadin, se menm bagay la ki rive ak Sud Bale. Li estime nèg yo te ka bloke pati sa a menm si Sud Bale te voye 1 milyon moun, men li fè konnen Sud Bale pa t sèl pati li te genyen.
Jounalis la mande CG Muscadin si li pa panse nèg yo ka bare l pou yo pa enskri l nan eleksyon an.
San reflechi, Muscadin reponn: «Se peyi a k ap deside, popilasyon an ap bay repons. M pa gen pwoblèm pou nèg yo bare m, men se avèk popilasyon an yo ap an afè, se pa avèk mwen.»
Li ajoute: «Nèg yo mèt bloke pati sa, men pèp la ap fè echèk avèk yo. Pèp la renmen m epi mwen renmen yo tou. Fè m konfyans!»