12/15/2025
TORTUE NOVA NAN SANTRAL NATCOM : YON DEMACH POU SOLISYON DIRAB SOU ENTĂNĂT LA TORTUE
Pòdepè, Lendi 15 Desanm 2025 â Jodi a, yon delegasyon TORTUE NOVA te rann li nan santral NATCOM pou pote plent ak enkyetid popilasyon La Tortue a, espesyalman zòn Haut Palmiste, sou pwoblèm koneksyon entènèt ki genyen pandan lontan.
Delegasyon an te rankontre ak Administratè NATCOM nan, kote yo te poze klèman tout pwoblèm teknik ak konsekans yo sou lavi sosyal, edikatif ak ekonomik kominote a. Administrasyon an te rekonèt gravite sitiyasyon an e li te imedyatman fasilite yon dezyèm rankont ak Direktè Teknik la.
Pandan rankont sa a, Direktè Teknik la te pran angajman fòmèl pou pase a laksyon depi jodi a menm, pou idantifye rapidman sous pwoblèm nan epi mete sou pye yon solisyon efikas ak dirab pou La Tortue. Responsab yo fè konnen pano yo la depi lontan vre; men batri yo te deja chanje sa pa gen lontan, kestyon rete poze sou rezon ki fè pwoblèm nan kontinye pèsiste , yon pwen ki pral fè pati verifikasyon teknik yo.
TORTUE NOVA lanse yon apèl ijans pou yon entèvansyon rapid ak Direktè tekniklan, paske koneksyon entènèt la enpòtan anpil pou etidyan yo, enstitisyon edikatif yo, ak plizyè lòt sektè kle ki depann de entènèt pou fonksyone chak jou.
Vizit sa a demontre angajman TORTUE NOVA pou defann enterè kominote a epi travay kole kole ak enstitisyon yo pou jwenn solisyon konkrè ki amelyore lavi sitwayen yo. Nou rete mobilize jiskaske rezilta yo rive jwenn nou sou teren an.
TORTUE NOVA