Enposib Media

Enposib Media Tout Saw bezwen wap jwenn li la,pa bliye abòne❤️

Mèt Renold Georges di : « Menm chen lakay mwen ap vote Muscadin nan eleksyon an. Mwen pa nan Edzer Emille, peyi a pa bez...
09/05/2026

Mèt Renold Georges di : « Menm chen lakay mwen ap vote Muscadin nan eleksyon an. Mwen pa nan Edzer Emille, peyi a pa bezwen entelektyèl nan moman an. »

Mèt Renold Georges di klèman, pa gen 2 kandida pou eleksyon an aprè Muscadin. Tout lòt moun ou tande ki pral nan eleksyon an, kèlkeswa sa yo pral fè, li menm souliye Edzer Emille se yon moun yo anvwaye ki vini la, menm jan ak Alix Didier Fils-Aimé. Li pa konnen lòt moun sa yo ki kote yo soti vini tonbe nan peyi a.

Nan kontèks Ayiti ye la, se yon grenn nèg ki gen menm kè avèk bandi yo ki pou etabli lòd avèk sekirite nan peyi a. Tout moun mobilize pou al vote Muscadin, pa vote lòt moun ankò aprè Muscadin.

Paske peyi a gangle, yon sèl grenn nèg ki ka goumen avèk bandi yo se Muscadin. Aprè pwoblèm sekirite a fin rezoud, nou ap konnen kisa n ap fè.

Mobilize pou Muscadin.

Hmmm
09/05/2026

Hmmm

🔴 Malgre li pa rive antre nan Top 40 la, Marie Kemlyne Félix reprezante Ayiti avèk anpil fyète nan Miss World 2026 la. L...
09/05/2026

🔴 Malgre li pa rive antre nan Top 40 la, Marie Kemlyne Félix reprezante Ayiti avèk anpil fyète nan Miss World 2026 la. Li te kanmenm distenge tèt li nan yon lòt etap enpòtan nan konpetisyon an. Kote li te pami 6 finalis nan rejyon Amerik ak Karayib la pou kategori «Beauty With a Purpose».

Yon lòt bò, Repiblik Dominikèn make listwa nan mond konkou bote a. Joheirry Mola Domínguez ranpòte kouwòn Miss World 2026 la pandan gran final la ki te dewoule samdi 5 septanm 2026 la, nan peyi Vyetnam.

Viktwa sa pèmèt Repiblik Dominikèn ranpòte Miss World pou yon dezyèm fwa, 44 lane apre Mariasela Álvarez te pote premye kouwòn lan an Repeblik Dominikèn an 1982.

Dapre sa yo rapòte, yon fanm ki te gen gwo difikilte pou l achte manje te fè yon lapriyè pou l mande sekou. Apre sa, yon...
09/05/2026

Dapre sa yo rapòte, yon fanm ki te gen gwo difikilte pou l achte manje te fè yon lapriyè pou l mande sekou. Apre sa, yon moun ki pa kwè nan Bondye te voye yon gwo pwovizyon ba li, men yo di li te fè sa pito pou l te ka pase lafwa li nan b€tiz paske l pat reyèlman vle ede l.

Olye li te reponn ak kòlè, li te sèvi ak moman sa a pou l te fè yon gwo deklarasyon lafwa, li di: "Lè Bondye kòmande, menm dyab la obeyi!"

Ke ou wè sa tankou yon aksyon jenerozite, yon ironi, oswa yon bèl prèv lafwa, konvèsasyon sa a te fè anpil moun pale sou entènèt la.

Yon sitwayen kolonbyen ap fè anpil bri sou TikTok apre li rakonte fason yo ta m@ltr€te l nan Repiblik Dominikèn paske yo...
09/05/2026

Yon sitwayen kolonbyen ap fè anpil bri sou TikTok apre li rakonte fason yo ta m@ltr€te l nan Repiblik Dominikèn paske yo te pran l pou yon Ayisyen. Dapre li, se sèlman lè li te pale epi li te fè konnen li se Kolonbyen Dominiken yo te kòmanse trete l pi byen. Mesye a dekri eksperyans lan kòm yon gwo €njistis epi li konseye lòt Kolonbyen nwa yo reflechi byen anvan yo vizite peyi a.

Luka Modric, legacy continue.👕🔥
09/05/2026

Luka Modric, legacy continue.👕🔥

ICE ap entansifye operasyon imigrasyon li yo nan Springfield, yon vil kote yon gwo kominote ayisyen ap viv.Sekretè DHS M...
09/05/2026

ICE ap entansifye operasyon imigrasyon li yo nan Springfield, yon vil kote yon gwo kominote ayisyen ap viv.

Sekretè DHS Markwayne Mullin te vizite Ohio vandredi 4 septanm nan, kote li te pale sou operasyon imigrasyon yo ak sitiyasyon kominote ayisyen an. Otorite yo deja konfime plizyè santèn ayisyen ki pèdi pwoteksyon TPS yo ap fè fas ak mezi ranfòsman imigrasyon, tankou siveyans ak arestasyon.

Gen enfòmasyon k ap sikile ki di 380 migran ta arete yè kite 4 septanm 2026 la yon jou nan Springfield, men nou paka konfime konbyen ayisyen kite gen TPS ke yo arete pami moun sa yo...

Sitiyasyon an deja kreye anpil kè sote nan kominote ayisyen an. Plizyè milye Ayisyen nan Ohio ap viv nan ensètitid depi pwoteksyon TPS yo ap fini, e Springfield se youn nan kote ki gen yon gwo konsantrasyon Ayisyen.

Sous: C-Jay roo us news

🔴 Julio César Beltré, yon Depite dominiken ki reprezante pwovens Azua anba banyè pati PRM, depoze yon pwojè de lwa pou f...
09/05/2026

🔴 Julio César Beltré, yon Depite dominiken ki reprezante pwovens Azua anba banyè pati PRM, depoze yon pwojè de lwa pou fè kreyòl, anglè ak fransè vin tounen yon matyè obligatwa nan tout lekòl piblik ak prive an Repiblik Dominikèn, soti nan klas primè pou rive nan segondè.

Depite a esplike Ayiti ak Repiblik Dominikèn pataje menm zile a epi 2 peyi yo genyen gwo relasyon istorik, komèsyal, migratwa ak kiltirèl. Se poutèt sa li kwè ansèyman kreyòl kapab fasilite kominikasyon ant 2 pèp yo, amelyore fason yap viv antre yo epi ankouraje devlopman nan zòn fwontalye yo.

Sepandan, sa pa vle di kreyòl deja vin obligatwa nan lekòl dominiken yo. Pou mezi a antre an aplikasyon, Chanm Depite a ak Sena dwe vote pwojè a, epi prezidan Repiblik Dominikèn nan dwe pwomilge li poul tounen lwa.

Sous: Princesse Darline

Minis Jenès ak Espò a, Pythagore Dumas, te patisipe vandredi 4 septanm 2026 la nan fèmti gwo kan “Retounen Lekòl” la nan...
09/05/2026

Minis Jenès ak Espò a, Pythagore Dumas, te patisipe vandredi 4 septanm 2026 la nan fèmti gwo kan “Retounen Lekòl” la nan Palè Minisipal Dèlma. Aktivite a te reyini plis pase 2 000 timoun ak jèn ki gen ant 7 ak 17 an, ladan yo timoun ki soti nan sit moun deplase yo, nan Pòtoprens, Dèlma, Petyonvil ak Kenskòf.

Pandan kan an, yo te patisipe nan aktivite espòtif ak edikatif sou disiplin, respè, solidarite ak prevansyon vyolans, anvan yo te resevwa kit eskolè pou prepare rantre lekòl la.

Pwojè pou amelyore pwodiksyon 🌾diri nan Latibonit la kòmanse travay pou dezyèm kanpay agrikòl ane a. Kiltivatè patnè yo ...
09/05/2026

Pwojè pou amelyore pwodiksyon 🌾diri nan Latibonit la kòmanse travay pou dezyèm kanpay agrikòl ane a. Kiltivatè patnè yo ap sèvi ak semans kalite pwojè 🇹🇼TaiwanICDF la pwodwi, epi yo ap plante ti pye diri yo avèk espas regilye pou yo kapab devlope pi byen. An menm tan, ekip pwojè a ap distribye angrè bay diferan òganizasyon peyizan yo pou ede kiltivatè yo ogmante randman rekòt la epi kontribye nan sekirite alimantè 🇭🇹peyi a.

Sous: IciHaïti⁠ 🗞️

Adresse

Montréal
Quebec, QC
11290

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Enposib Media publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager