Sauvons l'Agriculture

Sauvons l'Agriculture Média agricole indépendant :
📰 Actualités 🎥 Reportages 📊 Analyses 📚 Vulgarisation
Expliquer - Raconter
(1)

Sauvons l’Agriculture est le seul média en Haïti entièrement dédié à l’agriculture et à la création de contenu autour de valeurs responsables.

09/20/2026

Èske w ka idantifye 2 plant sa yo san yo poko donnen?

09/16/2026

Aprè chak entèvyou Sauvons l'Agriculture toujou pran tan pou aprann konnen envite yo, epi mande konsèy ki ka itil kominote nou an. Ann koute agwonòm Jean Adony César fwa sa.

09/11/2026

Jèn yo bezwen nou ba yo valè, yo bezwen pou nou pataje konesans ak yo epi enplike yo nan sa ki pozitif pou peyi a. Agri-Modess ki konprann sa, lanse yon gwo pwojè fòmasyon agrikòl nan Komin Petyonvil.

08/26/2026

Èske sa konn rive w?

𝐀𝐊𝐓𝐘𝐀𝐋𝐈𝐓𝐄📰| Anviwon 6 000 moun, sitou fanmi ak timoun, te patisipe nan senkyèm edisyon aktivite « À la ferme, sans quitt...
08/24/2026

𝐀𝐊𝐓𝐘𝐀𝐋𝐈𝐓𝐄📰| Anviwon 6 000 moun, sitou fanmi ak timoun, te patisipe nan senkyèm edisyon aktivite « À la ferme, sans quitter la ville », ki te fèt nan Agrotienda Sanut nan Duarte (Repiblik Dominikèn). Aktivite a te transfòme espas komèsyal la an yon veritab fèm kote fanmi yo te kapab aprann sou pwodiksyon agrikòl, patisipe nan aktivite lwazi epi gen kontak dirèk ak bèt yo. Objektif la se te ede timoun yo ak fanmi yo pi byen konprann ki kote manje yo sòti ak kijan lavi nan zòn riral la òganize.

Youn nan pi gwo inovasyon ane sa a se te lapèch tilapia, ki te pèmèt patisipan yo dekouvri pratik ki gen rapò ak akwakilti. Daprè direktè administratif Agrotienda Sanut, nivo patisipasyon an montre enterè fanmi yo ap grandi pou aktivite ki mete ansanm edikasyon, lanati, agrikilti ak divètisman. Aktivite a montre tou yon fason pou pote agrikilti pi pre popilasyon nan vil yo, sitou timoun yo.

𝐀𝐊𝐓𝐘𝐀𝐋𝐈𝐓𝐄📰| Matinik ap fè fas ak yon sechrès eksepsyonèl depi mwa jen, malgre se peryòd kote sezon siklòn nan ta dwe pot...
08/24/2026

𝐀𝐊𝐓𝐘𝐀𝐋𝐈𝐓𝐄📰| Matinik ap fè fas ak yon sechrès eksepsyonèl depi mwa jen, malgre se peryòd kote sezon siklòn nan ta dwe pote anpil lapli. Daprè Météo-France, pandan mwa jen ak jiyè, zile Matinik ak Gwadloup te resevwa sèlman mwatye kantite lapli yo te nòmalman dwe resevwa. Sitiyasyon sa a, ki asosye ak fenomèn El Niño, lakòz gwo mank dlo pou jaden ak bèt. Kiltivatè yo ap sibi bès nan rannman ak pèt rekòt, pandan elvè yo ap fè fas ak mank fouraj ak ogmantasyon pri manje pou bèt yo.

An Ayiti, se yon sitiyasyon ki ta dwe kòmanse fè nou reflechi sou kijan pou nou antisipe dega sechrès ka okazyone sou pwodiksyon agrikòl nou an.

𝐀𝐊𝐓𝐘𝐀𝐋𝐈𝐓𝐄📰|Aprè yon ane 2025 kote pwodiksyon pòmdetè🥔 a te rapòte plis ke sa ki nesesè, pwodiktè fransè🇫🇷 yo te diminye ...
08/24/2026

𝐀𝐊𝐓𝐘𝐀𝐋𝐈𝐓𝐄📰|Aprè yon ane 2025 kote pwodiksyon pòmdetè🥔 a te rapòte plis ke sa ki nesesè, pwodiktè fransè🇫🇷 yo te diminye nan kantite tè yo plante. Men, gwo chalè ak mank lapli🌧 ki frape peyi a pou lane 2026 la chanje sitiyasyon an nèt. Daprè estimasyon Inyon Nasyonal Pwodiktè Pòmdetè yo, rannman mwayèn nan ta ka desann a 37,4 tòn pa ekta konpare ak 43,5 tòn pa ekta an 2025. Sa ta reprezante randman ki pi ba peyi a anrejistre depi plis pase 30 lane.

𝐀𝐊𝐓𝐘𝐀𝐋𝐈𝐓𝐄📰| Brezil kontinye ranfòse plas li kòm youn nan pi gwo puisans agrikòl nan mond lan. An 2025, ekspòtasyon pwodu...
08/24/2026

𝐀𝐊𝐓𝐘𝐀𝐋𝐈𝐓𝐄📰| Brezil kontinye ranfòse plas li kòm youn nan pi gwo puisans agrikòl nan mond lan. An 2025, ekspòtasyon pwodui agrikòl peyi a te depase yon rekò 169 milya dola ameriken. Siksè sektè agrikòl Brezilyen an chita sou yon gwo sipò politik ak itilizasyon nouvo teknoloji yo.

08/22/2026

𝐓𝐑𝐀𝐍𝐒𝐏𝐈𝐑𝐀𝐒𝐘𝐎𝐍 𝐕𝐄𝐉𝐄𝐓𝐀𝐋 | Èske plant yo konn swe? W ap jwenn repons lan nan videyo sa.

𝐀𝐊𝐓𝐘𝐀𝐋𝐈𝐓𝐄 📰| Gouvènman peyi Ondiras mete 234 minisipalite sou alèt (wouj, jòn ak vèt) akoz yon gwo sechrès ki lye ak fen...
08/21/2026

𝐀𝐊𝐓𝐘𝐀𝐋𝐈𝐓𝐄 📰| Gouvènman peyi Ondiras mete 234 minisipalite sou alèt (wouj, jòn ak vèt) akoz yon gwo sechrès ki lye ak fenomèn El Niño. Sitiyasyon sa deja lakòz yon mank dlo enpòtan pou bèt ak jaden yo.

Pami mezi pou diminye enpak sechrès la, Otorite yo mande popilasyon an ekonomize dlo, rete vijilan epi suiv rekòmandasyon yo, pandan y ap travay sou meyè solisyon pou ede kominote ki plis afekte yo.

N ap raple, Ayiti pa epanye de fenomèn El Niño a ki ta dwe entansifye nan mwa k ap vini yo.

Adresse

Sainte-Lucie-de-Doncaster, QC

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Sauvons l'Agriculture publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Sauvons l'Agriculture:

Raccourcis

Partager