Radio Télévision Inno RTItv

Appeler Itinéraire Contacter l'entreprise

Radio Télévision Inno RTItv Tout enfomasyon politik, sante, kilti ak espò, RTI ap potel ba ou lakay ou san pati pri.

18/09/2026

FANIO INNOCENT DENONSE JESYON POUVWA A EPI MANDE AKSYON KONKRÈ

Fanio INNOCENT, Délégué National pati politik EMERGENCE PATRIOTIQUE, denonse sitiyasyon kote lajan sibvansyon Leta te anonse pou ede paran yo ak rantre lekòl la pa rive jwenn anpil fanmi, sitou nan Depatman Latibonit.

Li mande Ministè Edikasyon Nasyonal la respekte angajman li pran pou mete inifòm ak liv nan lekòl leta yo, epi li kritike Leta pou mank aksyon konkrè sou pwoblèm popilasyon an ap fè fas.

Sou kesyon eleksyon an, Fanio INNOCENT mande pou otorite yo garanti sekirite epi kreye kondisyon pou yon pwosesis elektoral kapab dewoule. Li lanse yon apèl bay moun k ap pote zam pou yo bay popilasyon an yon chans viv nan lapè.

Finalman, li mande yon dyalòg nasyonal ki dwe mete tout sektè yo ansanm pou chèche solisyon pou kriz peyi a.

“Pèp la bezwen aksyon, sekirite ak rezilta, pa sèlman pwomès.”

16/09/2026

Prestasyon sèman Manbo Vida Lafortune DORALUS

Nan kad yon seremoni ki te dewoule nan komin Saint Marc nan yon anbyans chaje ak respè ak solanite, Fanio INNOCENT, Gwètò andan Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen (KNVA), te prezan pou asiste prestasyon sèman Manbo Vida Lafortune DORALUS.

Prezans Gwètò Fanio INNOCENT nan seremoni an make enterè ak angajman li pou akonpaye diferan inisyativ ki gen rapò ak lavi kiltirèl ak espirityèl kominote a.

02/07/2026

Mèt Eugène Janvier ki se Avoka Wati Augustin St Clou, Elien Isaac ak Ivens François te pran lapawòl nan mikwo laprès pou fè konnen dosye manda ebyen pakè klase dosye a san swit.

Responsab Vodou yo rankontre Premye Minis la sou dosye Wosman Wa-Ati Augustin Saint Clou ak lòt Gwètòde yoJodi Mèkredi 1...
17/06/2026

Responsab Vodou yo rankontre Premye Minis la sou dosye Wosman Wa-Ati Augustin Saint Clou ak lòt Gwètòde yo

Jodi Mèkredi 17 jen 2026 la, plizyè responsab enpòtan nan sektè Vodou ayisyen an te chita pale ak Premye Minis la, Alix Didier Fils-Aimé, nan kad yon rankont travay ki te santre sou planifikasyon ak swivi dosye Wosman Wa-Ati Augustin Saint Clou ansanm ak plizyè lòt Gwètòde.

Pandan echanj yo, patisipan yo te mete aksan sou nesesite pou gen plis konsiderasyon pou dwa ak diyite manm kominote Vodou a, pandan y ap ankouraje dyalòg, respè mityèl ak kolaborasyon ant Leta ak sektè a. Responsab yo te pwofite souliye enpòtans Vodou kòm yon eritaj kiltirèl ak espirityèl ki fè pati idantite pèp ayisyen an.

Rankont sa a demontre volonte pou ranfòse kominikasyon ant otorite yo ak reprezantan Vodou yo, nan objektif pou jwenn solisyon ki favorize lapè sosyal, jistis ak devlopman nasyonal.

09/06/2026

08 jen 2026 Nan yon lespri solidarite ak angajman sosyal, Pati Politik ÉMERGENCE PATRIOTIQUE reyalize yon aktivite distribisyon kit esansyèl pou moun k ap rive nan kan ak sant akèy yo. Aksyon sa a temwaye volonte pati a pou rete bò kote popilasyon an, espesyalman sila yo ki plis vilnerab yo.

08 jen 2026, Pati Politik ÉMERGENCE PATRIOTIQUE òganize yon operasyon distribisyon kit imanitè pou plizyè fanmi ak sitwayen nan diferan kan ak sant akèy yo. Inisyativ sa a antre nan kad angajman sosyal pati a pou sipòte moun ki afekte pa difikilte yo epi pote yon repons konkrè devan bezwen ki pi ijan yo.

Kit yo distribye yo gen ladan materyèl ak pwodwi premye nesesite ki kapab ede benefisyè yo amelyore kondisyon lavi yo pandan peryòd difisil sa a. Aktivite a te dewoule nan yon klima fraternite ak respè, kote volontè ak responsab pati a te mobilize pou asire distribisyon an fèt nan bon kondisyon.

Nan deklarasyon yo, responsab Émergence Patriotique yo te souliye enpòtans solidarite ak responsablite kolektif nan moman kote anpil fanmi ap fè fas ak gwo defi sosyal ak ekonomik. Dapre yo, politik dwe sèvi kòm yon zouti pou amelyore lavi sitwayen yo epi pote espwa kote bezwen yo pi gwo.
Benefisyè yo te eksprime rekonesans yo pou sipò sa a ki rive nan yon moman enpòtan pou yo. Anpil ladan yo fè konnen aksyon sa a reprezante yon soulajman e yon sous kouraj pou kontinye fè fas ak difikilte yo.

Atravè jès sa a, ÉMERGENCE PATRIOTIQUE reafime vizyon li pou yon Ayiti ki bati sou solidarite, respè diyite moun ak angajman pou devlopman sosyal.
Ansanm pou yon Ayiti ki pi solidè, pi jis ak pi pwospè.

30/05/2026

Pou rann omaj ak selebre lavi Gran Sèvitè Ankabezwen bon Manbo ki di Euvonie Georges Auguste, òganizasyon Fanm Vodou pou Ayiti (FANMVO) pran inisyativ pou mete sou pye de (2) gwo jou dans kouzen. Aktivite sa a kòmanse vandredi 29 ak samdi 30 me 2026 nan zòn Karade, nan Lakou Pouki Se Nou, pou onore memwa, travay ak eritaj espirityèl fanm vanyan sa a ki te make kominote vodou a pandan tout lavi li.

Aktivite sa a se yon moman rekonesans ak refleksyon pou mete an valè kontribisyon enpòtan Manbo Euvonie Georges Auguste te pote nan pwomosyon, prezèvasyon ak transmisyon valè Vodou ayisyen yo. Pandan de jou sa yo, manbo, oungan, sèvitè ansanm ak moun ki soti nan diferan kominote reyini pou chante, danse, priye epi pataje souvni sou lavi ak travay defen an.
Dapre responsab FANMVO yo, dans kouzen sa a pa sèlman yon seremoni tradisyonèl, men li se tou yon okazyon pou ranfòse solidarite ant pitit Ginen yo epi transmèt bay nouvo jenerasyon yo richès eritaj espirityèl ak kiltirèl vodou a.
Tout moun ki vle vin rann omaj ak Gran Sèvitè Ankabezwen an envite pou patisipe nan aktivite sa a ki pwomèt pou fèt nan respè tradisyon, fraternite ak rekonesans pou yon fanm ki te sèvi kominote li avèk devouman ak diyite.

Port-au-Prince, le 22 mai 2026Syndicat des Chômeurs Haitiens (SDCH)COMMUNIQUÉ DE PRESSEMe Etzer Jean, président SDCH dén...
25/05/2026

Port-au-Prince, le 22 mai 2026

Syndicat des Chômeurs Haitiens (SDCH)

COMMUNIQUÉ DE PRESSE

Me Etzer Jean, président SDCH dénonce des pratiques douteuses de M. Kesner ROMILUS à la tête du FAES : Et appel à l’action de leurs adhérents

Alors que la population haïtienne souffre de la misère et de la faim, certaines institutions censées venir en aide aux plus vulnérables détournent leurs ressources. Le Syndicat des Chômeurs Haitiens (SDCH) dénonce aujourd’hui les pratiques malhonnêtes du Directeur Général du Fonds d’Assistance Économique et Sociale (FAES), M. Kesner ROMILUS.

Selon nos investigations, le FAES, dont le rôle est de soutenir les citoyens dans le besoin, notamment pour l’accès à l’alimentation et au logement, serait utilisé par M. Kesner ROMILUS pour gérer ses affaires personnelles et ses alliées à travers son "bras droit" Rousseau Pierre Wilbert comme médiateur. Des dons alimentaires, comme le riz destiné aux populations démunies, qui sont constatés en vente dans des dépôts à Pétion-Ville et ailleurs, au lieu d’être distribués aux familles nécessiteuses, sont assurés par ce dernier comme recruteur de clients et distributeur.

Le SDCH appelle tous ses membres, ainsi que les autres syndicats à travers le territoire national à participer à un sit-in de trois jours, soit les 26, 27 et 28 mai 2026 à compter de 10h du matin, devant les locaux du FAES à Delmas 75 afin de dénoncer ces pratiques et exiger une gestion transparente des ressources publiques.

Nous invitons également l’Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC) à visiter le FAES et à vérifier comment les fonds de subvention et l’aide alimentaire sont réellement utilisés. La population haïtienne mérite des institutions responsables et des dirigeants intègres.

Ensemble, nous dénonçons la malversation et exigeons que l’aide parvienne réellement à ceux qui en ont.

19/05/2026

Nan okazyon fèt Drapo a, premye sekretè nasyonal pati politik ÉMERGENCE PATRIOTIQUE la, René CIVIL, fè konnen Drapo ayisyen an se senbòl inite, fyète ak diyite pèp la. Li pwofite lanse yon apèl bay tout Ayisyen pou mete tèt ansanm pou sove peyi a.

René CIVIL, premye sekretè nasyonal pati politik ÉMERGENCE PATRIOTIQUE la, esplike Drapo ayisyen an reprezante listwa, batay ak viktwa zansèt yo ki te goumen pou libète peyi a. Daprè li, koulè ble ak wouj la dwe toujou raple pèp ayisyen an nesesite pou rete ini.

Li mande tout sitwayen yo mete diferans yo sou kote pou travay ansanm nan enterè peyi a. Selon li, se nan tèt ansanm ak solidarite Ayiti kapab jwenn yon pi bon avni.

18/05/2026

Le Parti politique ÉMERGENCE PATRIOTIQUE organise une conférence-débat autour du drapeau haïtien.

À l’occasion de la célébration de la Fête du Drapeau, le Parti politique ÉMERGENCE PATRIOTIQUE a organisé une importante conférence-débat autour du thème : « Le drapeau haïtien, symbole d’identité culturelle des élites haïtiennes d’hier et d’aujourd’hui ».

Cette activité patriotique a réuni plusieurs étudiants, intellectuels, professionnels et militants engagés dans une réflexion sur la valeur historique et culturelle du drapeau haïtien.

Les intervenants ont souligné que le bleu et le rouge représentent non seulement l’unité du peuple haïtien, mais aussi l’héritage des ancêtres qui ont lutté pour l’indépendance et la dignité nationale.

Les débats ont également permis d’analyser le rôle des élites haïtiennes, tant dans le passé que dans la société actuelle, dans la préservation des valeurs patriotiques et culturelles du pays. Les participants ont insisté sur la nécessité pour la jeunesse de défendre l’identité nationale et de promouvoir les idéaux de solidarité, de respect et d’engagement citoyen.

Par cette initiative, le Parti ÉMERGENCE PATRIOTIQUE réaffirme son attachement aux symboles de la nation et son engagement en faveur d’une Haïti unie, consciente de son histoire et tournée vers l’avenir.

Le Parti politique ÉMERGENCE PATRIOTIQUE organise une conférence-débat autour du drapeau haïtien.À l’occasion de la célé...
18/05/2026

Le Parti politique ÉMERGENCE PATRIOTIQUE organise une conférence-débat autour du drapeau haïtien.

À l’occasion de la célébration de la Fête du Drapeau, le Parti politique ÉMERGENCE PATRIOTIQUE a organisé une importante conférence-débat autour du thème : « Le drapeau haïtien, symbole d’identité culturelle des élites haïtiennes d’hier et d’aujourd’hui ».

Cette activité patriotique a réuni plusieurs étudiants, intellectuels, professionnels et militants engagés dans une réflexion sur la valeur historique et culturelle du drapeau haïtien.

Les intervenants ont souligné que le bleu et le rouge représentent non seulement l’unité du peuple haïtien, mais aussi l’héritage des ancêtres qui ont lutté pour l’indépendance et la dignité nationale.

Les débats ont également permis d’analyser le rôle des élites haïtiennes, tant dans le passé que dans la société actuelle, dans la préservation des valeurs patriotiques et culturelles du pays. Les participants ont insisté sur la nécessité pour la jeunesse de défendre l’identité nationale et de promouvoir les idéaux de solidarité, de respect et d’engagement citoyen.

Par cette initiative, le Parti ÉMERGENCE PATRIOTIQUE réaffirme son attachement aux symboles de la nation et son engagement en faveur d’une Haïti unie, consciente de son histoire et tournée vers l’avenir.

Adresse

Port-au-Prince
Democratic Republic Of The

Téléphone

+50955113899

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio Télévision Inno RTItv publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Radio Télévision Inno RTItv:

Raccourcis

Partager