02/10/2020
Prezidan Repiblik la Jovenel Moïse deside batay kont kòripsyon, e ofri popilasyon an yon vi miyò.
Pòtoprens, vandredi 2 oktòb 2020- Prezidan Repiblik la, ekselans Jovenel Moïse, ki te gen bò kotel Premye minis Joseph Jouthe, patisipe nan 2 zyèm jounen Ekonomi, yon aktivite Primati ak Bank Santral òganize pou débat tematik "sekirite ak envestisman an Ayiti".
Aktivite saa ki te reyini plizyè gwo Kad anndan administrasyon piblik la, ak gwo espesyalis nan domèn nan, se te okazyon pou chèf Leta a salye gwo travay gouvènman an ak BRH fè pou leve eskanp figi goud la ki pat janm sispann pran pataswèl nan men dola a.
Bès pri pwodui nesesite yo ki komanse ede popilasyon an gen plis mwayen pou l viv, se konsekans dirèk aksyon BRH yo, daprè sa Prezidan esplike. Nimewo 1 nasyon an te pwofite Podyòm sa a tou poul lanse yon pinga bay tout komèsan ki deside fè mache nwa pou anpeche popilasyon an rale yon souf. Pou sa, li mande minis komès la poul fè travay li yon fason poul penmèt mezi yo aplike kòrèkteman.
Prezidan Jovenel Moise wè klè nan Jwèt atak kitap fèt pou demantibile goud la. Jwèt sa a pa inosan. Prezidan an esplike ke atake goud la se poze baz pou kraze Leta a. Se pou sa, jodia li deside fè sa pèp la tap tann li fè a lèl rebay goud la jarèt epi tou li ede popilasyon an rale yon souf anba atak sistèm nan ki te lage yo debra balanse.
Yon lòt bò, Chèf Leta a esplike ke sitiyasyon dezòd la se yon menas kont vi ak byen epi tou kont devlopman ekonomik nan peyi a, se pou sa tout moun dwe travay pou kreye yon kad favorab pou envestisman fèt pou Ayiti kontinye batay kont povrete pou l monte sou ray devlopman.
Nan kòmansman egzèsis fiskal la, Prezidan an mande pou gouvènman an kontinye ak tout refòm yo tankou nan domèn konstriksyon, nan administrasyon an ak òganizasyon eleksyon lib, transparan, enklizif. Nan sans saa, chef Leta a esplike kraze brize, mete dife pap fèl fè bak nan aksyon lap mennen pou ofri popilasyon an yon lavi miyò.
Prezidan Repiblik la ki deside batay kont koripsyon jouk sa kaba, mande tou, pou tout gwo responsab nan leta a gonfle ponyèt yo pou yo kontinye lit la pandan egzèsis fiskal 2020-2021, nan lide pou penmèt refòm yo abouti e fè leta a sèvi pèp la tout bon vre.
Chef Leta a pase enstriksyon klè pou otorite nan Polis nasyonal la mete lòd nan tout peyi a, paske tout moun, pòv kou rich dwe jwenn pwoteksyon leta. Pou sa, Prezidan Jovenel Moise raple administrasyon l lan mete nan bidjè 2020-2021 an 1 milya 600 milyon goud pou PNH la achte ekipman. Li tou pwofite tou pou l esplike ke pwoblèm asirans lapolis la pwal rezoud nèt pandan and fiskal saa.
Prezidan Jovenel Moïse mande tout Ayisyen mete tèt ansanm pou wete peyi a nan malsite. Tranzisyon se pòt ki louvri sou briganday, se pou sa chef Leta a kwè fòk bon jan eleksyon San fòs kote òganize popilasyon an chwazi moun li vle a pou dirije e pou pwosesis demokratik la kontinye anndan peyi Dayiti.
Finisman
Fresnel show abòne ak paj la