14/10/2025
Yon gwo mèsi soti nan kè DG Rankit Lakayan’m❤️
Hier, se te yon jou espesyal pou mw. E depi byn bonè nan maten rive aswè, chak notifikasyon, chak Bonne fête, chak post, chak ti mo mw resevwa se tankou yon sous enèji ki fè m sonje poukisa m renmen sa m ap fè a.
Mw te santi lanmou an soti tout kote: fanatik yo, zanmi yo, moun Rankit, diaspora yo, elèv yo, ak tout moun ki kwè nan mouvman “Rankit Lakayan’m” nan.
Mw pa pral bay manti gen mesaj ki te fè m ri, gen lòt ki te fè m reflechi, e gen kèk ki te frape dwat nan kè m❤️
Sa fè m konprann yon bagay lè ou chèche mete limyè lakay ou, gen moun ki wè l, gen moun ki apresye l, e gen lòt ki vin jwenn fòs ladan l. E se sa ki pi bèl kado mw te ka jwenn jodi a.
Mw santi m fyè dèske mw gen tout yon kominote avèm. Chak moun ki pataje, ki kòmante, ki poste foto, ki ekri Bonne fête DG mw renmen nou anpil anpil.
Mèsi anpil paske nou pa sèlman swiv paj la, nou viv ak li, nou pataje vizyon an.
Rankit Lakayan'm, sepa sèlman yon paj, se yon mouvman ki gen poul fè lakay nou sonnen fò, ki gen pou fè nou fyè de kote nou soti.
Rankit Lakayan’m Yon sèl fanmi, yon sèl flanm🔥